Al gade sa k anndan l

Nan ki sans sakrifis Jezi a se yon “ranson pou anpil moun”?

Nan ki sans sakrifis Jezi a se yon “ranson pou anpil moun”?

Repons Bib la bay

 Sakrifis Jezi a se mwayen Bondye itilize pou l libere oswa pou l sove lèzòm anba peche ak lanmò. Labib pale de san Jezi ki te koule a kòm yon ranson (Efezyen 1:7; 1 Pyè 1:18, 19). Se rezon sa a ki fè Jezi te di li vini “pou l bay lavi l kòm ranson pou anpil moun”. — Matye 20:28, Labib Wa Jak (anglè).

Poukisa yon “ranson pou anpil moun” te nesesè?

 Bondye te kreye Adan, premye gason an, antanke yon moun pafè oswa ki san peche. Adan te gen posiblite pou l viv pou toutan, men, li te vin pèdi posiblite sa a lè l te chwazi dezobeyi Bondye a (Jenèz 3:17-19). Li te transmèt tras peche a bay pitit li te vin genyen yo (Women 5:12). Pou rezon sa a, Bib la fè konnen Adan te “vann” tèt li ak pitit li yo kòm esklav peche ak lanmò (Women 7:14). Piske yo enpafè, okenn nan yo pa ka peye pou yo jwenn sa Adan te pèdi a. — Sòm 49:7, 8.

 Bondye te gen pitye pou desandan Adan yo ki te sanzespwa (Jan 3:16). Sepandan, akoz prensip Bondye yo ki jis, li pa t ka annik fèmen je l sou peche yo san l pa gen yon baz valab pou sa (Sòm 89:14; Women 3:23-26). Konsa, piske Bondye renmen lèzòm, li te vin ak yon dispozisyon legal yon fason pou l te ka nonsèlman padone peche yo, men, pou l elimine peche nèt tou (Women 5:6-8). Ranson an se baz legal sa a.

Ki sa ranson an ye?

 Nan Bib la, mo “ranson” an gen ladan l twa bagay nou pral site la yo:

  1.   Se yon pri yo peye. — Nonb 3:46, 47.

  2.   Li pèmèt yon liberasyon oswa yon racha. — Egzòd 21:30.

  3.   Li koresponn ak pri bagay yo dwe peye pou li a, oswa li kouvri sa bagay la vo a a.

 Annou wè ki jan twa bagay sa yo parèt aklè nan sakrifis ranson Jezi Kris la.

  1.   Pri yo peye. Bib la di “yo te peye yon pri pou yo achte” kretyen yo (1 Korentyen 6:20; 7:23). Pri sa a se san Jezi, yon san li te sèvi avè l pou l “achte moun pou Bondye, moun ki soti nan tout tribi, nan tout lang, nan tout pèp ak nan tout nasyon”. — Revelasyon 5:8, 9.

  2.   Liberasyon. Sakrifis Jezi a pèmèt nou jwenn “liberasyon” anba peche “grasa ranson an”. — 1 Korentyen 1:30; Kolosyen 1:14; Ebre 9:15.

  3.   Li koresponn. Sakrifis Jezi a koresponn egzakteman ak sa Adan te pèdi a ki se: yon lavi pafè (1 Korentyen 15:21, 22, 45, 46). Bib la di: “Menm jan akoz dezobeyisans yon sèl moun [Adan] anpil moun te vin pechè, se konsa tou grasa obeyisans yon sèl moun [Jezi Kris] anpil moun ap vin jis.” (Women 5:19). Konsa, nou vin konprann rezon ki fè lanmò yon sèl moun ka peye ranson pou anpil pechè. Anfèt, sakrifis Jezi a se “yon ranson egalego” pou tout moun ki fè sa k nesesè pou yo rive benefisye l. — 1 Timote 2:5, 6.

a Nan Bib la, mo orijinal la lè yo tradui l yo met “ranson” pou li a bay ide yon pri oswa yon bagay ki gen valè yo peye. Pa egzanp, premye sans vèb ebre kafa a se “kouvri”. (Jenèz 6:14.) Byen souvan, li gen rapò ak kouvri peche (Sòm 65:3). Non ki soti nan vèb la se kofè e li fè referans ak pri yo peye pou kouvri oswa rachte yon bagay (Egzòd 21:30). Menm jan an tou, mo grèk litron an, yon mo an jeneral yo met “ranson” pou li lè y ap tradui l, ka tradui “pri pou rachte” tou (Matye 20:28; The New Testament in Modern Speech, dapre R. F. Weymouth). Ekriven grèk yo te konn sèvi mo sa a pou pale de pri yo peye kòm ranson pou libere yon prizonye yo te pran nan lagè oswa pou libere yon esklav.