Al gade sa k anndan l

Bon nouvèl pou moun k ap travay sou bato yo

Bon nouvèl pou moun k ap travay sou bato yo

Selon kèk estimasyon ki fèt, gen 1 milyon edmi moun nan monn nan k ap travay sou bato. Kòm maren yo toujou ap vwayaje soti nan yon waf ale nan yon lòt, ki jan Temwen Jewova yo rive bay plis moun posib pami yo mesaj ki nan Bib la? Lè yon bato rive nan yon waf, gen Temwen ki jwenn fòmasyon pou sa ki monte sou bato a e ki ofri ni maren yo ni lòt moun k ap travay sou bato a etid biblik gratis ansanm ak piblikasyon nan lang yo vle a.

Ki rezilta yo jwenn pou efò yo fè yo? Stefano, yon Temwen ki ofri tèt li pou l preche nan waf ki Vankouvè a, nan peyi Kanada, fè konnen: “Gen moun ki panse tout maren se moun ki rèd e ki di. Se vre gen kèk ladan yo ki konsa, men pifò maren nou rankontre yo se moun ki dou e ki swaf aprann.” Stefano di ankò: “Pifò ladan yo kwè nan Bondye, e yo vle jwenn benediksyon l, se sa k fè byen souvan, nou jwenn bon akèy.” Ant mwa septanm 2015 ak mwa out 2016, nan Vankouvè sèlman, yo te envite Temwen Jewova yo monte nan bato plis pase 1 600 fwa! Moun k ap travay sou bato yo te jwenn plizyè milye piblikasyon nan diferan lang, e plis pase 1 100 nan yo te kòmanse etidye Labib.

Ki jan etid ak moun k ap travay sou bato yo ye?

Etandone nan kèlkeswa waf kote maren yo ye nan monn nan yo ka jwenn Temwen Jewova, sa yo ki vle kontinye pale sou Bib la kapab mande pou yon Temwen vizite yo pwochen kote yo pral fè eskal la. Pa egzanp, nan mwa me 2016, Temwen Jewova yo nan Vankouvè te rankontre Warlito, kuizinye an chèf yon bato ki pote machandiz. Yo te montre l videyo Poukisa nou dwe etidye Labib? la e yo te kòmanse etidye Labib avè l nan bwochi Bon nouvèl Bondye bay la! Warlito te byen kontan vizit la e li te vle kontinye etidye Labib, men pwochen kote bato l la t apral fè eskal la te byen lwen, se te nan waf Paranagwa a, o Brezil.

Lè bato a te resi rive nan waf Paranagwa a yon ti kras plis pase yon mwa annapre, Warlito pa t ka kwè lè l te wè de mesye, de Temwen brezilyen, ki t ap mache sou pasrèl bato a e ki t ap mande pou li nan non l! Yo fè l konnen Temwen nan Vankouvè yo te fè yo jwenn demann li te fè pou yo vizite l la. Warlito te kontan anpil rankontre Temwen brezilyen yo e li fè konnen li apresye aranjman yo te fè pou li a. Li aksepte ak kè kontan pou l kontinye etidye Labib pwochen kote bato a ap fè eskal la.