Al gade sa k anndan l

Yo prezante sit JW.ORG la nan ekspozisyon liv ki te fèt Towonto

Yo prezante sit JW.ORG la nan ekspozisyon liv ki te fèt Towonto

Soti 13 pou rive 16 novanm 2014, yo te òganize yon ekspozisyon liv entènasyonal, kote yo te prezante liv an papye ak liv elektwonik, nan Metro Toronto Convention Centre, nan vil Towonto. Plis pase 20 000 moun te vin nan ekspozisyon an pandan kat jou li te dire yo.

Temwen Jewova yo te pami moun ki te patisipe nan ekspozisyon an e yo te gen yon bèl stann ki te atire moun. Yo te gen yon seri trepye ki gen tablèt elektwonik sou yo pou montre vizitè yo sèvi ak sit jw.org la.

Men sa youn nan moun ki te òganize ekspozisyon an te di: “Sit nou an vrèman modèn. Mwen panse lòt moun k ap patisipe nan ekspozisyon an ta dwe pran nòt sou fason nou fè sit nou an.” Vizitè yo fè konnen sit nou an pwofesyonèl anpil, li fasil pou moun vizite l e li reponn yon seri kesyon ki enpòtan. Epitou, yo te sezi wè jan sit la ede moun fè fas ak pwoblèm ak enkyetid yo genyen.

Tank volontè Temwen Jewova yo t ap pale ak vizitè yo bò stann nan, yo te remake anpil nan yo pa t janm tande pale de jw.org anvan ekspozisyon an. Prèske chak vizitè te aksepte yon kat vizit oswa feyè ki gen tit: Ki kote nou ka jwenn repons pou kesyon enpòtan moun poze sou lavi a? Anpil moun te di yo pral sou sit la ankò e kèk ladan yo te mande pou yon Temwen Jewova vizite yo lakay yo.

Jou vandredi a se te “Jou pou timoun” nan ekspozisyon an, se sa k fè volontè yo te pase desen anime ki gen sou sit jw.org la. Gen plizyè gwoup elèv ki te akonpaye pwofesè yo ki te ret kanpe pou yo gade videyo yo.

Gen yon mesye ki moun Chikago k ap travay pou yon konpayi ki enprime Bib ki te fè lwanj pou Tradiksyon monn nouvo nou te ekspoze a paske l se yon bon kalite tradiksyon. Li te vle pran kontak ak moun ki enprime tradiksyon nou an e nou te ba l yon kat vizit.

Nan plis pase 700 lang ki te disponib sou sit nou an, vizitè yo te gade 16 ladan yo: Amarik, bengali, chinwa, anglè, fransè, grèk, goujarati, enndi, koreyen, pòtigè, espayòl, swedwa, tamil, tigrinya, oudou ak vyetnamyen.

Gen yon Temwen ki t ap akeyi vizitè yo bò stann nan ki te wè gen yon gwo diferans ant pale yon moun de sit la ak montre l li. Men sa l te di: “Se te yon bèl okazyon nou te genyen pou n prezante sit nou an.”