Al gade sa k anndan l

Ki sa Bib la di konsènan renmen tèt nou?

Ki sa Bib la di konsènan renmen tèt nou?

Men sa Bib la di

 Bib la fè konnen se yon bagay ki bon, e ki menm nesesè, pou n renmen tèt nou nan yon degre ki rezonab. Lanmou sa a gen ladan l pran swen tèt nou, respekte tèt nou e konn valè nou (Matye 10:31). Bib la pa fè lwanj pou konpòtman egoyis, men li mete lanmou nou dwe gen pou tèt nou nan yon bon plas.

Kiyès nou dwe renmen an premye?

  1.   Lanmou pou Bondye dwe okipe premye plas nan kè nou. Bib la fè konnen pi gwo kòmandman an se: “Ou dwe renmen Jewova, Bondye w la, ak tout kè w.” — Mak 12:28-30; Detewonòm 6:5.

  2.   Men dezyèm pi gwo kòmandman an: “Ou dwe renmen pwochen w menm jan ou renmen tèt ou.” — Mak 12:31; Levitik 19:18.

  3.   Byenke, nan Bib la, pa gen yon kòmandman an patikilye ki di se pou n renmen tèt nou, men kòmandman pou n renmen pwochen n menm jan n renmen tèt nou an fè n wè li nòmal e l itil pou n renmen tèt nou nan yon degre ki rezonab.

Kiyès Jezi te renmen an premye?

 Jezi te montre yon fason ekilibre li gen lanmou pou Bondye, pou pwochen l ak pou tèt li, epi l te anseye disip li yo pou yo suiv egzanp li. — Jan 13:34, 35.

  1.   Li te renmen Jewova Dye an premye e l te bay tout li menm pou l fè travay Jewova. Se sa k fè Jezi te di: “Men, dekwa pou monn nan ka konnen mwen renmen Papa a, mwen fè egzakteman sa Papa a ban m lòd fè.” — Jan 14:31.

  2.   Jezi te renmen pwochen l, li te sousye l de bezwen lòt moun jis nan pwen li te bay pwòp vi l pou yo. — Matye 20:28.

  3.   Li te montre li renmen tèt li yon fason ki rezonab lè l te pran tan pou l repoze, manje epi pase tan ak disip li yo e ak moun ki te vle vin disip li. — Mak 6:31, 32; Lik 5:29; Jan 2:1, 2; 12:2.

Èske sa fè w gen mwens kè kontan oswa mwens respè pou tèt ou lè w renmen lòt moun anvan tèt ou?

 Non, paske Bondye kreye nou pòtre ak li. Epi lanmou san enterè se prensipal kalite Bondye genyen (Jenèz 1:27; 1 Jan 4:8). Sa vle di Bondye te kreye n yon fason pou n demontre lanmou pou lòt moun. Renmen tèt nou se yon bon bagay, men nou pi kontan lè n renmen Bondye anvan tout bagay e lè n konsantre n sou fè byen pou lòt moun. Jan Bib la di sa, “yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa”. — Travay 20:35.

 Jodi a, gen kèk moun ki fè konnen pou yon moun gen kè kontan, se pou l renmen tèt li anvan. Pou moun sa yo, lanmou yo gen pou tèt yo ranplase lanmou yo gen pou pwochen yo. Sepandan, eksperyans montre lè yon moun aplike konsèy nan Bib la ki di “pou chak moun kontinye chèche, non pa pwòp avantaj pa l, men avantaj pa lòt moun”, sante l amelyore e l gen kè kontan. — 1 Korentyen 10:24.