Al gade sa k anndan l

Lavi m pa gen okenn sans — Ki sa k ka ede m? Relijyon, Bondye oswa Bib la?

Lavi m pa gen okenn sans — Ki sa k ka ede m? Relijyon, Bondye oswa Bib la?

Repons Bib la bay

 Wi. Bib la, yon liv ki la depi lontan e ki gen pawòl sajès, bay repons ak kesyon enpòtan moun konn poze sou lavi a. Mete sou sa, li kapab ede w gen kè kontan e li kapab fè w santi w byen. Ann wè kèk kesyon Bib la bay repons yo.

  1.   Èske nou gen yon Kreyatè? Bib la di se Bondye ki “kreye tout bagay”. (Revelasyon 4:11.) Antanke Kreyatè, Bondye konn sa nou bezwen pou n santi nou byen e pou n jwenn satisfaksyon nan lavi a.

  2.   Èske Bondye gen sousi pou mwen? Labib pa montre Bondye pran distans li ak lèzòm, okontrè men sa l di: “Li pa lwen okenn nan nou.” (Travay 17:27). Bondye enterese nan sa w ap fè e li vle w reyisi nan lavi w. — Ezayi 48:17, 18; 1 Pyè 5:7.

  3.   Kòman lefètke m konnen Bondye sa kapab ede m gen kè kontan? Bondye kreye nou ak yon “bezwen” ki fè n santi nou anvi pou n konprann sans ak rezon ki fè n ap viv (Matye 5:3). Bezwen sa a nou fèt avè l la, gen ladan l tou anvi pou n konnen Kreyatè nou an epi anvi vin zanmi l. Bondye ap byen kontan wè efò w ap fè pou vin konnen l, paske Bib la di: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” — Jak 4:8.

 Plizyè milyon moun vin konprann lè yo vin zanmi Bondye, yo jwenn amelyorasyon nan fason y ap viv epi yo vin reyalize ki jan yo kapab viv ak kè kontan. Sa pa vle di ou pap jwenn okenn pwoblèm nan lavi w lefètke w konnen Bondye, men sajès ki gen nan Bib la kapab ede w pou w:

Anpil relijyon ki sèvi ak Bib la pa suiv sa l di yo vre. Men, vrè relijyon an, sa vle di relijyon ki rete kole sou sa Bib la mande vre, ap ede w konnen Bondye.