Al gade sa k anndan l

Ki sa “kle Wayòm” nan ye?

Ki sa “kle Wayòm” nan ye?

Repons Bib la bay

 “Kle Wayòm” nan, pafwa yo rele “kle Peyi Wa” a, reprezante otorite yon moun genyen pou l ouvri chemen pou lòt moun “antre nan Wayòm Bondye a”. (Matye 16:19; Bib la; Travay 14:22) a. Se Pyè Jezi te bay “kle Wayòm syèl la”. Konsa, Pyè te resevwa otorite pou l ouvri enfòmasyon sou fason moun fidèl yo ka jwi privilèj pou yo antre nan Wayòm syèl la, lè yo resevwa lespri sen Bondye.

An favè ki moun yo te itilize kle yo?

 Pyè te sèvi ak otorite Bondye ba li a pou l ouvri chemen pou twa gwoup moun antre nan Wayòm nan:

  1.   Juif yo ak moun ki te konvèti nan relijyon Juif yo. Yon tikras tan apre lanmò Jezi, Pyè te ankouraje yon foul Juif ki te kwayan pou yo aksepte Jezi kòm sèl moun Bondye chwazi pou dirije nan Wayòm nan. Pyè te montre yo sa yo dwe fè pou yo sove. Konsa, li te ouvri chemen pou yo antre nan Wayòm nan e gen plizyè milye nan yo ki te “aksepte pawòl li te di yo”. — Travay 2:38-41.

  2.   Samariten yo. Pi devan, yo te voye Pyè al kot Samariten b. Yon lòt fwa ankò, li te sèvi ak youn nan kle Wayòm nan lè li menm ak apot Jan te “priye pou moun yo dekwa pou yo ka resevwa lespri sen”. (Travay 8:14-17.) Sa te ouvri chemen pou Samariten yo antre nan Wayòm nan.

  3.   Moun lòt nasyon yo. Twazan edmi apre lanmò Jezi, Bondye te fè Pyè konnen moun lòt nasyon yo tou (moun ki pa Juif) t ap gen posiblite pou yo antre nan Wayòm nan. Kòm rezilta, Pyè te sèvi ak youn nan kle yo lè l t al preche moun lòt nasyon yo, e konsa, li te ouvri pòt pou yo resevwa lespri sen, pou yo vin kretyen e pou yo jwenn posiblite pou yo fè pati Wayòm nan. — Travay 10:30-35, 44, 45.

Ki sa “antre nan Wayòm” nan vle di?

 Moun ki “antre nan Wayòm” nan se moun ki pral dirije ak Jezi nan syèl la. Bib la te predi moun sa yo t ap gen pou yo “chita sou twòn” e yo t ap “dirije tè a antanke wa”. — Lik 22:29, 30; Revelasyon 5:9, 10.

Sa kèk moun panse konsènan kle Wayòm nan

 Sa yo panse: Se Pyè ki deside kiyès ki ka antre nan syèl la.

 Sa ki verite: Bib la fè konnen se Kris Jezi “k ap jije moun ki vivan yo ak moun ki mouri yo”, se pa Pyè (2 Timote 4:1, 8; Jan 5:22). Anfèt, Pyè li menm te di Jezi se sila a “Bondye etabli pou jije ni moun ki vivan ni moun ki mouri”. — Travay 10:34, 42.

 Sa yo panse: Syèl la te ret tann Pyè deside ki lè pou l itilize kle Wayòm nan.

 Sa ki verite: Lè Jezi t ap pale konsènan kle Wayòm nan, li te di Pyè: “Nenpòt sa w mare sou tè a ap mare nan syèl la; e nenpòt sa w demare sou tè a pap demare nan syèl la.” (Matye 16:19, The New American Bible). Byenke kèk moun panse deklarasyon sa a vle di Pyè t ap gen pou l di syèl la desizyon l dwe pran, vèb grèk orijinal la montre desizyon Pyè pran yo t ap vin apre desizyon yo pran nan syèl la olye yo vin anvan c.

 Anplis de sa, Bib la montre Pyè te soumèt li devan syèl la lè l t ap itilize kle Wayòm nan. Pa egzanp, li te suiv enstriksyon Bondye te ba li lè l t ap sèvi ak twazyèm kle a. — Travay 10:19, 20.

a Pafwa, Bib la sèvi ak mo “kle” a kòm senbòl pou otorite ak responsablite. — Ezayi 22:20-22; Revelasyon 3:7, 8.

b Samariten yo te fè pati yon relijyon ki diferan ak relijyon Jidayis la, men, nan relijyon sa a yo te konn suiv kèk ansèyman ak kèk pratik ki soti nan Lalwa Moyiz la.

c Gade nòt etid pou Matye 16:19 nan Tradiksyon monn nouvo a (Edisyon etid la).