Travay 2​:​1-47

  • Lespri sen desann sou disip yo pandan fèt Pannkòt la (1-13)

  • Diskou Pyè a (14-36)

  • Foul moun ki tande diskou Pyè a byen reyaji (37-41)

    • Te gen 3 000 moun ki batize (41)

  • Kretyen yo byen viv youn ak lòt (42-47)

2  Twouve, jou fèt Pannkòt la+, yo tout te ansanm menm kote a.  Bridsoukou, gen yon bri ki sot nan syèl la ki tankou bri yon gwo van ki pase rapid, e bri a gaye nan kay kote yo te chita a+.  Epi, yo wè yon bann lang, ki tankou dife, ki parèt e ki gaye pami yo, youn al poze sou chak moun.  Yo tout vin ranpli ak lespri sen+, e yo kòmanse pale divès lang, jan lespri a te pèmèt yo fè sa+.  Nan moman sa a, te gen yon seri Juif ki te gen lakrentif pou Bondye, ki te soti nan tout nasyon sou tè a, ki te rete nan Jerizalèm+.  Se sa k fè, lè bri a fèt la, gen yon gwo foul moun ki vin rasanble, yo pa t konprann sa k ap pase a paske yo chak te tande disip yo k ap pale nan lang pa yo.  Wi, yo te sezi anpil, yo t ap di: “Gade! Te kwè tout moun k ap pale yo se moun Galile+?  Kòman fè nou chak tande yo k ap pale nan lang manman nou*?  Nou menm, moun Pat, moun Medi+, moun Elam+, moun ki abite Mezopotami, moun Jide, moun Kapadòs, moun Pon, moun nan zòn Azi*+, 10  moun Friji, moun Panfili, moun Ejip, moun plizyè zòn nan Libi, ki toupre Sirèn, moun ki soti Wòm ki depasaj isit la, nou menm Juif ansanm ak moun ki konvèti nan relijyon Juif yo+, 11  nou menm moun Krèt ak moun Arabi, nou tande yo k ap pale nan lang pa nou sou bagay estrawòdinè Bondye fè.” 12  Wi, yo tout te sezi, yo pa t konn sa pou yo kwè. Youn t ap di lòt: “Ki sa bagay sa a vle di?” 13  Men, gen lòt moun ki t ap pase disip yo nan rizib, yo t ap di: “Yo sou ak diven*.” 14  Men, Pyè ak 11 lòt apot yo leve kanpe+, e li di byen fò: “Moun Jide ak tout moun Jerizalèm, aprann sa, e koute sa m pral di a. 15  Anfèt, moun sa yo pa sou, jan nou panse l la, paske se nan twazyèm èdtan* nan jounen an nou ye. 16  Okontrè, sa k ap pase la a, se sa pwofèt Jowèl te anonse lè l te di: 17  ‘Bondye di: “Nan dènye jou yo, m ap vide yon pòsyon nan lespri m sou tout kalite moun*. Pitit gason nou yo ak pitit fi nou yo ap pwofetize*, jèn moun nou yo ap fè vizyon, e granmoun nou yo ap fè rèv+. 18  Epi, nan jou sa yo, m ap vide yon pòsyon nan lespri m ata sou esklav mwen yo, gason kou fi, e y ap pwofetize+. 19  M ap fè yon seri mèvèy* anwo nan syèl la, e m ap bay siy anba sou tè a: ap gen san, dife ak anpil lafimen. 20  Solèy la ap vin tou nwa e lalin nan ap tounen san, anvan gran jou Jewova* a rive, yon jou ki espesyal. 21  E tout moun ki met konfyans yo nan* non Jewova* ap sove+.”’ 22  “Moun Izrayèl, tande sa m pral di nou la a: Jezi, moun Nazarèt la, se yon moun Bondye te voye. Sa parèt aklè lè nou wè mirak* ak mèvèy* Bondye te sèvi avè l pou l fè nan mitan nou+, jan nou menm nou konn sa. 23  Mesye sa a, nou te livre l jan Bondye te deside sa, selon sa Bondye te konnen davans+, e nou te fè moun san lwa kloure l sou yon poto e nou te touye l+. 24  Men, Bondye resisite l+, li delivre l anba grif* lanmò, paske li pa t posib pou lanmò kenbe l+. 25  Anfèt, men sa David te di konsènan li: ‘Mwen gen Jewova* devan je m toutan. Piske li sou bò dwat mwen, mwen pap janm brannen. 26  Se poutèt sa, kè m vin kontan, e m ap pale ak anpil jwa. Epi, m ap* repoze avèk espwa. 27  Paske, ou pap kite m* nan Tonm*, ni w pap kite kò sèvitè fidèl ou a dekonpoze+. 28  Ou fè m konnen chemen ki mennen nan lavi a. W ap fè kè m kontan anpil lè m devan w*+.’ 29  “Frè m yo, kite m pale alèz avèk nou konsènan David, zansèt nou an, ki mouri e ki antere+, e tonm li la avèk nou jis jodi a. 30  Kòm li te yon pwofèt e li te konnen Bondye te fè l sèman li t ap mete youn nan desandan l* yo chita sou twòn li an+, 31  li te wè rezirèksyon Kris la davans e li te pale de sa. Li te fè konnen yo pa t ap kite Kris nan Tonm* ni kò l pa t ap gentan dekonpoze*+. 32  Bondye resisite Jezi sa a, e se yon bagay nou tout temwen+. 33  Kidonk, kòm Bondye leve l met adwat li+, e li resevwa lespri sen Papa a te pwomèt la+, li vide lespri sen sou nou. Se sa nou wè e se sa nou tande la a. 34  Paske, David pa t monte nan syèl, men se li menm ki di: ‘Jewova* di Seyè m nan: “Chita adwat mwen 35  jiskaske mwen mete ènmi w yo anba pye w tankou yon ti ban+.”’ 36  Se sa k fè, se pou tout nasyon Izrayèl la konn sa byen: Jezi nou te kloure sou poto pou l mouri a, Bondye te fè l vin Seyè+, e li te fè l vin Kris+.” 37  Lè yo tande sa, yo santi kè yo fann. Yo di Pyè ak lòt apot yo: “Frè nou yo, ki sa nou dwe fè?” 38  Pyè di yo: “Se pou nou repanti+, e se pou nou chak batize+ nan non Jezi Kris pou nou jwenn padon pou peche nou+, e n ap resevwa lespri sen kòm kado. 39  Paske, pwomès la+ se pou nou, pou pitit nou yo e pou tout moun ki lwen yo, tout moun Jewova*, Bondye nou an, va rele vin jwenn li+.” 40  E li di yo anpil lòt pawòl pou l ba yo yon temwayaj konplè e pou l kontinye ankouraje yo. Men sa l di: “Se pou nou sove kite jenerasyon kòwonpi sa a+.” 41  Konsa, moun ki te byen kontan aksepte pawòl li te di yo te batize+, e jou sa a te gen anviwon 3 000 moun* ki te vin ajoute sou kantite disip yo+. 42  Yo te kontinye pran tan pou yo koute ansèyman apot yo, pou yo reyini ansanm*, pou yo manje ansanm+ e pou yo priye+. 43  Tout moun* te vin gen lakrentif pou Bondye. Apot yo te kòmanse fè anpil mèvèy*, e yo te kòmanse fè anpil mirak+. 44  Tout moun ki te vin kwayan yo te ansanm e yo te pataje tout bagay ansanm. 45  Yo te vann tè yo ak lòt bagay yo te genyen+, e yo te separe kòb la bay tout moun ki te nan bezwen+. 46  Toule jou, yo te reyini ansanm nan tanp lan. Youn te manje lakay lòt, e yo te pataje manje yo genyen ak anpil kè kontan e ak tout kè yo. 47  Yo t ap louwe Bondye, e yo te jwenn favè tout pèp la. Anmenmtan, chak jou, Jewova* te kontinye voye plis moun vin jwenn yo, moun ki t apral jwenn delivrans lan+.

Nòt anba paj

Oswa: “lang nou pale depi nou fèt la”.
La a, Azi fè referans ak yon zòn nan Anpi women an ki te anba pouvwa yon gouvènè.
Oswa: “ak diven ki fèk fèt”.
Vè nevè dimaten.
Lit.: “sou tout kalite chè”.
Sa gen ladan l anonse sa k pral pase alavni, anonse mesaj ki soti nan Bondye, oswa fè konnen volonte Bondye oubyen anonse l.
Oswa: “siy”.
Lit.: “moun ki rele”.
Lit.: “aksyon ki pisan”.
Oswa: “siy”.
Se kapab tou: “anba kòd”.
Lit.: “chè mwen ap”.
Oswa: “Adès”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “pap kite nanm mwen”.
Oswa: “lè m devan fas ou”.
Lit.: “youn nan pitit ki soti nan ren l”.
Oswa: “Adès”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “gentan pouri”.
Oswa: “3 000 nanm”.
Oswa: “pou yo pataje sa yo genyen youn ak lòt”.
Oswa: “Tout nanm”.
Oswa: “siy”.