Al gade sa k anndan l

Ki sa Gran Babilòn nan ye?

Ki sa Gran Babilòn nan ye?

Repons Bib la bay

 Liv Revelasyon an pale de Gran Babilòn nan, li menm ki reprezante fo relijyon yo nan monn nan e Bondye rejte l. a (Revelasyon 14:8; 17:5; 18:21). Byenke relijyon sa yo diferan nan anpil domèn, yon fason oubyen yon lòt yo tout fè moun vire do bay adorasyon vrè Dye a, Jewova. — Detewonòm 4:35.

Fason pou n idantifye Gran Babilòn nan

  1.   Gran Babilòn nan se yon senbòl. Labib pale de li kòm “yon fi” e kòm yon “gwo pwostitye” ki gen yon non ki se yon mistè: Li gen yon non, yon mistè, ki ekri sou fwon l: “Gran Babilòn nan.” ​(Revelasyon 17:1, 3, 5). Liv Revelasyon an sèvi ak “senbòl,” donk li nòmal pou nou rive konprann Gran Babilòn nan se yon senbòl, se pa yon fi nan sans literal (Revelasyon 1:1). Mete sou sa, li “chita sou anpil dlo” sa ki reprezante“pèp, foul moun, nasyon ak moun divès kalite lang”. (Revelasyon 17:1, 15.) Yon fi nan sans literal pa t ap ka fè sa.

  2.   Gran Babilòn nan reprezante yon òganizasyon entènasyonal. Yo rele l “gwo vil k ap domine sou wa latè yo”. (Revelasyon 17:18.) Konsa, li gen enfliyans sou tout tè a.

  3.   Gran Babilòn nan se yon òganizasyon relijye, se pa yon òganizasyon politik oswa komèsyal. Babilòn nan tan lontan se te yon vil ki te enterese nan relijyon anpil, e moun yo te gen repitasyon moun ki fè “wanga” ak “maji”. (Ezayi 47:1, 12, 13; Jeremi 50:1, 2, 38.) Anfèt, yo te konn pratike fo relijyon an, yon bagay vrè Dye a, Jewova, pa t dakò (Jenèz 10:8, 9; 11:2-4, 8). Moun ki t ap dirije Babilòn yo te awogan e yo te mete tèt yo pi wo pase Jewova ak adorasyon l lan (Ezayi 14:4, 13, 14; Dànyèl 5:2-4, 23). Menm jan an tou, Gran Babilòn nan gen repitasyon yon òganizasyon k ap pratike bagay “ki gen rapò ak movèzespri”. Sa montre li se yon òganizasyon relijye. — Revelasyon 18:23.

     Gran Babilòn nan pa kapab yon òganizasyon politik paske “wa latè yo” pral nan lapenn lè l detwi (Revelasyon 17:1, 2; 18:9). Nitou li pa yon òganizasyon komèsyal paske Bib la fè diferans ant li menm ak “komèsan sou tè a”. — Revelasyon 18:11, 15.

  4. Moniman wa Babilòn ki te rele Nabonid la ak senbòl twa dye Sin, Ichta ak Chamach.

      Gran Babilòn nan se fo relijyon an. Fo relijyon an fè moun yo adore lòt dye olye li fè moun yo vin pi pwòch vrè Dye a, Jewova. Labib fè konnen yo “aji tankou pwostitye ak dye y ap sèvi yo”. (Levitik 20:6; Egzòd 34:15, 16.) Kwayans tankou trinite ak nanm ki pa ka mouri ansanm ak pratik kote moun ap sèvi ak imaj nan adorasyon y ap bay, te kòmanse depi nan Babilòn tan lontan an e yo kontinye egziste jis kounye a nan fo relijyon. Epitou, relijyon sa yo melanje lanmou pou monn nan ak adorasyon y ap bay. Lefètke yo aji konsa, yo montre yo pa fidèl e Labib rele sa adiltè nan domèn espirityèl. — Jak 4:4.

     Richès fo relijyon an genyen ak egzibisyon l fè ak mwayen l genyen byen mache ak jan Bib la pale de Gran Babilòn nan, ki “abiye ak yon rad wouj vyolèt e ak yon rad wouj vif” li “gen lò, pyè ki gen anpil valè ak pèl sou li”. (Revelasyon 17:4.) Se nan Gran Babilòn nan “bagay repiyan k ap fèt sou tè a” soti, sa gen ladan l ansèyman ak aksyon ki dezonore Bondye yo (Revelasyon 17:5). Moun ki fè pati fo relijyon an se “pèp, foul moun, nasyon ak moun divès kalite lang” k ap soutni Gran Babilòn nan. — Revelasyon 17:15.

 Gran Babilòn nan responsab lanmò “san tout moun yo touye sou tè a”. (Revelasyon 18:24.) Pandan tout listwa, nonsèlman fo relijyon an manniganse lagè, yo ankouraje aksyon teworis, men tou yo pa anseye moun yo laverite sou Jewova, Bondye lanmou an (1 Jan 4:8). Lefètke yo pa fè sa, sa lakòz anpil san koule. Se avèk rezon, moun ki vle fè Bondye plezi yo dwe “sot ladan l”, sa vle di yo pa dwe mele ak fo relijyon. — Revelasyon 18:4; 2 Korentyen 6:14-17.

a Gade atik ki gen tit: “Ki jan m ka rive jwenn vrè relijyon an?