Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Bon relijyon an ankouraje moun gen respè pou Pawòl Bondye a

Bon relijyon an ankouraje moun gen respè pou Pawòl Bondye a

JEZI te ankouraje moun respekte Labib, Pawòl Bondye a. Nou ka wè sa byen klè nan fason li te reponn Dyab la lè l te vin tante l la (Matye 4:4-11). Pa egzanp, ki jan Jezi te reyaji lè Satan te ba l defi pou l fè kèk wòch tounen pen? Pou l te repouse tantasyon sa a, li te site pawòl Moyiz te di nan Detewonòm 8:3 yo. Ki jan Jezi te reyaji lè Dyab la te ofri l pou l ba l dirije tout wayòm ki sou tè a si l annik fè yon sèl jès adorasyon devan l? Li te rejte òf la lè l te site yon prensip biblik ki nan Detewonòm 6:13.

Imajine sa! Byenke Jezi te Pitit Bondye, se sou Ekriti yo ansèyman l yo te toujou chita. Asireman, li pa t janm kite tradisyon lèzòm yo pase anvan Pawòl Bondye a (Jan 7:16-18). Sepandan, kontrèman ak Jezi, anpil chèf relijye nan epòk li a pa t gen respè pou Pawòl Bondye a. Sa k fè sa? Se paske yo te bay tradisyon lèzòm yo plis enpòtans pase Ekriti Sakre yo. Jezi te di mesye sa yo: ‘Nou anile kòmannman Bondye a pou koutim nou an. Ipokrit! Ezayi te byen pwofetize sou nou, lè l te di: Se ak po bouch yo, yo onore mwen, men, kè yo byen lwen mwen. Adorasyon yo ban m nan initil, paske, ansèyman y ap bay yo, se kòmannman lèzòm.’ —Matye 15:6-9, Bib Kreyòl La.

Anpil relijyon sou latè, kit yo kretyen, kit yo pa kretyen, fè konnen yo gen respè pou Labib. Men, konbyen relijyon w konnen ki rejte tradisyon lèzòm yo, lè tradisyon sa yo pa ann amoni ak ansèyman klè ki nan Pawòl Bondye a? Annou pran de egzanp.

SIJÈ: Tit yo bay chèf relijye yo.

MEN SA LABIB ANSEYE: Jezi te kondane chèf relijye nan epòk li a poutèt yo te renmen tit e yo t ap chèche gen gwo pozisyon. Li te di mesye sa yo te renmen “premye plas nan resepsyon, plas devan nan sinagòg, onè sou plas piblik; yo renmen pou lèzòm ap rele yo: ‘Rabi! Rabi!’” Apre sa, Jezi te di disip li yo: “Men, nou menm, pa fè moun rele nou ‘Rabi!’ Paske, se yon sèl Direktè [“anseyan”, NW] nou genyen, se Kris la. Apre sa, nou tout se frè. E, pa rele pèsonn sou latè Papa nou. Paske, se yon sèl Papa nou genyen, se sila ki nan syèl la.” —Matye 23:1-10, Bib Kreyòl La.

KESYON: Èske moun k ap dirije nan relijyon sa a renmen pou yo ba yo tit e y ap chèche gen gwo pozisyon nan kominote kote yo ye a, oubyen èske yo obeyi kòmandman Jezi te bay pou yo pa fè sa?

SIJÈ: Sèvi ak imaj nan adorasyon.

MEN SA LABIB ANSEYE: “Piga nou janm fè ankenn estati ni ankenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la, osinon bagay ki sou latè ou ankò nan dlo anba tè a. Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo.” —Egzòd 20:4, 5.

Men sa apot Jan te ekri kretyen yo: “Timoun yo, kenbe tèt nou lwen zidòl yo.” —1 Jan 5:21, Liv ki sin yo: Nouvo Téstaman-an *.

KESYON: Èske relijyon sa a obeyi kòmandman Labib bay byen klè ki mande pou nou pa sèvi ni ak imaj ni ak zidòl lè n ap adore Bondye?

Ou kapab jwenn vrè chemen an

Malgre kantite relijyon ki genyen jodi a, ou kapab jwenn sa ki mennen nan lavi a. Gen anpil bagay ki ka ede w rekonèt “relijyon ki pwòp epi ki san tach devan Bondye” a (Jak 1:27, Bib Kreyòl La). Vèsè nou te egzamine nan atik sa yo ka ede w jwenn relijyon sa a.

Poukisa w pa mande Temwen Jewova yo esplike w repons yo te bay pou kesyon yo te soulve nan atik sa yo? Tank w ap analize sa y ap di w yo, suiv bon egzanp moun ki te viv nan vil Bere nan premye syèk la. Lè yo te fin tande apot Pòl k ap preche, yo te “egzaminen sa ki te ekri nan Liv la pou wè si sa Pòl t’ap di yo a se vre”. (Travay 17:11.) Menm jan ak Bereyen yo, si w gen respè pou Pawòl Bondye a e si w etidye l avèk dilijans, w ap jwenn chemen ki mennen nan lavi a. Apre sa, se ou menm ki pral chwazi si wi ou non w ap mache nan chemen sa a.

Ki relijyon ou konnen ki ankouraje moun etidye Bib la pou yo verifye si sa y ap montre yo a se verite?

^ § 10 Chak fwa nou sèvi ak yon tradiksyon Bib ki gen ansyen òtograf kreyòl la, nou itilize nouvo òtograf kreyòl la pou fasilite lekti a.