Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo te “wè” bagay yo te pwomèt yo

Yo te “wè” bagay yo te pwomèt yo

“Yo pa t resevwa sa Bondye te pwomèt yo a. Men, yo te wè yo delwen.” — EBRE 11:13.

1. Ki jan n ka jwenn byenfè grasa kapasite n genyen pou n imajine bagay nou pa wè yo? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

KAPASITE n genyen pou n imajine bagay nou pa wè yo se yon kado Bondye ban nou. Li pèmèt nou fè bonjan planifikasyon e l pèmèt nou tann bon bagay ki gen pou vini yo. Jewova gen kapasite pou l predi evènman ki gen pou rive yo e nan Ekriti yo, byen souvan, li fè n konnen sa k gen pou rive alavans. Nou kapab imajine sa k gen pou rive yo. Anfèt, kapasite n genyen pou n imajine bagay nou pa wè yo ede n demontre lafwa. — 2 Kor. 4:18.

2, 3. a) Ki sa k fè l enpòtan pou sa n ap imajine yo gen yon bon baz? b) Ki kesyon nou pral egzamine nan atik sa a?

2 Imaj nou kreye nan lespri n konsènan bagay nou pa janm wè yo pa toujou chita sou bagay ki reyèl. Pa egzanp, si yon tifi ap imajine li menm ki chita sou yon papiyon k ap vole avè l, sa l ap imajine a pa reyèl. Sepandan, lè Ana te pran tan pou l reflechi ak kòman sa t ap ye lè l t ap gen pou l mennen Samyèl pitit gason l lan al sèvi nan tabènak la, sa l t ap imajine a te gen yon bon baz. Li te baze sou sa l te detèmine pou l fè a e sa te ede l fikse lespri l sou objektif li te genyen an (1 Sam. 1:22). Si n ap imajine sa Bondye pwomèt pou l fè yo, konnen n ap panse ak yon bagay ki gen pou rive san mank. — 2 Pyè 1:19-21.

3 Pa gen dout nan sa, gen anpil moun fidèl nan tan lontan ki te konn imajine bagay Bondye te pwomèt yo. Ki byenfè moun sa yo te jwenn lefètke yo te konn fikse lespri yo sou benediksyon ki t ap vini yo? Epi, ki byenfè n ka jwenn lè n reflechi ak pakèt bèl bagay Bondye fè konnen l pral fè pou moun ki obeyisan yo?

YO TE JWENN FÒS LÈ YO TE “WÈ” ESPERANS YO A

4. Ki rezon Abèl te genyen pou l te imajine kòman bagay yo pral ye alavni?

4 Èske Abèl, premye moun ki te fidèl la, te “wè” yon bagay Jewova te pwomèt? Nou pa ka di si Abèl te gentan konnen kòman pwomès nou jwenn nan pawòl sa yo Bondye te di sèpan an t apral akonpli: “M ap mete rayisman ant ou menm ak fi a, ant desandans ou ak desandans pa l. L ap kraze tèt ou e ou menm w ap blese l nan talon.” (Jen. 3:14, 15, NW). Sepandan, petèt Abèl te konn reflechi ak pwomès sa a anpil e petèt li te rann li kont gen yon moun yo t ap gen pou ‘blese nan talon’ yon fason pou limanite te ka atenn lapèfeksyon Adan ak Èv te genyen anvan yo te peche a. Kèlkeswa fason Abèl te ka imajine kòman bagay yo pral ye alavni, nou konnen l te gen lafwa ki baze sou pwomès Bondye a e pou rezon sa a Jewova te aksepte sakrifis li a. — Li Jenèz 4:3-5; Ebre 11:4.

5. Ki sa k fè Enòk te ka santi l ankouraje lè l t ap imajine lavni?

5 Enòk, yon moun ki te fidèl, te montre l gen lafwa menm lè l t ap viv nan mitan yon bann moun ki pa t gen respè pou Bondye e ki te konn di yon pakèt bagay chokan sou Bondye. Anba enfliyans lespri sen, Enòk te bay yon pwofesi kote l te fè konnen Jewova t ap gen pou l vin “ak foul zanj li yo ki sen, pou l egzekite jijman l sou tout moun, e pou l deklare tout moun ki pa gen respè pou Bondye yo koupab poutèt tout zak derespektan yo te fè, e poutèt tout bagay chokan pechè sa yo ki pa gen respè pou Bondye te di sou li”. (Jid 14, 15.) Antanke yon moun ki te gen lafwa, Enòk te ka imajine yon monn ki pa gen okenn mechanste. — Li Ebre 11:5, 6.

6. Ki sa Noye te ka toujou gen nan lespri l apre delij la?

6 Noye te chape nan delij la paske l te gen lafwa (Ebre 11:7). Grasa lafwa l te genyen, apre delij la li te ofri bèt kòm sakrifis (Jen. 8:20). Sandout, menm jan ak Abèl, li te gen lafwa lèzòm t ap gen pou yo libere anba esklavaj peche ak lanmò. Toutpandan l t ap viv nan epòk tèt chaje ki te vin apre delij la, epòk kote Nimwòd t ap aji ann opozisyon ak Jewova a, Noye te toujou gen lafwa e l te toujou gen espwa (Jen. 10:8-12). Pa gen dout nan sa, li dwe te konn panse ak yon moman kote lèzòm ap libere anba dirijan boutdi, anba peche nou eritye a epi anba lanmò. Nou menm tou nou ka “wè” yon bèl moman konsa, e moman sa a toupre rive! — Wom. 6:23.

YO TE “WÈ” AKONPLISMAN PWOMÈS YO A

7. Ki sa Abraram, Izarak ak Jakòb te ka “wè”?

7 Abraram, Izarak ak Jakòb te ka imajine yon kokennchenn avni paske Bondye te pwomèt tout nasyon sou tè a t ap jwenn benediksyon grasa desandans yo (Jen. 22:18; 26:4; 28:14). Desandan patriyach sa yo t ap gen pou vin anpil epi yo t ap gen pou yo abite sou tè Bondye te pwomèt yo a (Jen. 15:5-7). Grasa lafwa, mesye sa yo ki te gen lakrentif pou Bondye te ka “wè” pitit pitit pitit yo antre sou tè sa a. Anfèt, depi lè lèzòm te fin pèdi posiblite pou yo viv nan lapèfeksyon an, Jewova te gentan bay sèvitè fidèl li yo asirans yo t ap rejwenn benediksyon Adan te pèdi a.

8. Ki sa k te ede Abraram demontre bonjan lafwa?

8 Se kòmsi kapasite Abraram te genyen pou l kreye yon imaj nan tèt li konsènan pwomès Bondye te fè yo te pèmèt li fè yon seri gwo aksyon ki montre l gen lafwa. Ekriti yo fè konnen menm lè Abraram ak lòt sèvitè fidèl Bondye yo “pa t resevwa sa Bondye te pwomèt yo a” pandan yo t ap viv, “yo te wè yo delwen, [e] sa te fè yo kontan”. (Li Ebre 11:8-13.) Abraram te tèlman jwenn prèv konsènan bagay li te espere yo se kòmsi l te ka wè bagay li pa t gentan viv yo!

9. Ki byenfè Abraram te jwenn lefètke l te gen lafwa nan pwomès Bondye yo?

9 Lafwa Abraram te gen nan pwomès Bondye yo te ranfòse detèminasyon l te pran pou l fè volonte Bondye a. Grasa lafwa, li te kite vil Ou e l te refize viv pou toutan nan kèlkeswa vil nan peyi Kanaran. Menm jan ak vil Ou, vil sa yo pa t gen yon fondasyon solid paske se moun ki pa t gen respè pou Bondye ki t ap dirije yo (Joz. 24:2). Abraram te fè tout rès vi l “ap tann vil ki gen vrè fondasyon an, yon vil se Bondye ki fè plan l e se li ki bati l”. (Ebre 11:10.) Abraram te “wè” li menm k ap viv yon kote Jewova ap dirije, yon kote k ap la pou toutan. Abèl, Enòk, Noye, Abraram ansanm ak lòt moun menm jan avè yo te kwè nan rezirèksyon mò yo e yo t ap tann pou yo viv sou tè a anba dominasyon Wayòm Bondye a ki se “vil ki gen vrè fondasyon an”. Lefètke yo te konn panse ak benediksyon sa yo, sa te fè yo vin gen plis lafwa nan Jewova. — Li Ebre 11:15, 16.

10. Nan ki sans fason Sara te gendwa wè lavni an te fè l jwenn byenfè?

10 Ann fè yon ti pale de Sara, madanm Abraram nan. Lè l te gen 90 an e l pa t gen pitit, lefètke l te wè lavni yon fason pozitif li te aji ak lafwa. Anfèt, li te wè desandans li a k ap jwi benediksyon Jewova te pwomèt la (Ebre 11:11, 12). Ki sa k te pèmèt li wè sa? Men sa Jewova te di mari l: “M ap beni li e m ap fè l fè yon pitit gason pou ou. M ap beni li e m ap fè anpil pèp ak anpil wa sot nan li.” (Jen. 17:16, NW). Apre Sara te fin fè Izarak, li te gen bonjan rezon pou l gen konfyans pwomès Bondye te fè Abraram nan t ap fin akonpli. Se pa ti kado nou menm tou nou genyen lefètke n gen kapasite pou n kreye yon seri bèl imaj nan tèt nou konsènan bagay Bondye pwomèt yo, yon seri bagay k ap rive san mank!

LI TE KITE JE L FIKSE SOU REKONPANS LAN

11, 12. Ki jan Moyiz te fè vin gen lanmou pou Jewova?

11 Moyiz se yon lòt moun ankò ki te montre l gen lafwa nan Jewova e l te gen bonjan lanmou pou li. Pandan Moyiz te jèn gason e l t ap viv nan palè Ejip la, li te ka vin gen lanmou pou richès ak pouvwa byen fasil. Sepandan, sandout vrè paran Moyiz yo te konn pale avè l de Jewova ansanm ak objektif Jewova te genyen pou l libere Ebre yo anba esklavaj e pou l te ba yo Latè pwomiz (Jen. 13:14, 15; Egz. 2:5-10). Si Moyiz te gen abitid reflechi ak benediksyon ki t ap tann pèp Bondye a, ki sa w panse ki t ap grandi nan kè l: lanmou pou l vin selèb oswa lanmou pou Jewova?

12 Men sa Ekriti yo fè n konnen: “Grasa lafwa Moyiz te genyen, li te refize yo rele l pitit gason pitit fi Farawon an lè l te vin gran. Li te pito yo maltrete l ansanm ak pèp Bondye a, olye pou l te pran plezi pou yon ti tan nan peche, paske li te konsidere dezonè l te jwenn antanke Moun yo chwazi a kòm yon richès ki pi gran pase trezò peyi Ejip yo, piske li te kite je l fikse sou rekonpans li t apral jwenn nan.” — Ebre 11:24-26.

13. Ki byenfè Moyiz te jwenn lefètke l te konn reflechi seryezman ak sa Bondye te pwomèt yo?

13 Toutpandan Moyiz t ap reflechi seryezman ak sa Jewova te pwomèt l ap fè pou Izrayelit yo, lafwa ak lanmou l te gen pou Bondye a t ap grandi. Menm jan ak lòt moun ki te gen lakrentif pou Bondye yo, li te ka imajine moman kote Jewova t apral libere limanite anba lanmò (Jòb 14:14, 15; Ebre 11:17-19). Nou pa sezi dèske Moyiz te vin gen lanmou pou Dye sa a ki te gen konpasyon pou Ebre yo ak tout limanite. Lafwa ak lanmou Moyiz te genyen an te motive l pandan tout vi l (Det. 6:4, 5). Menm lè Farawon te menase Moyiz pou l touye l, lafwa Moyiz te genyen an, lanmou l te gen pou Bondye a e petèt lefètke l te kreye yon bèl imaj nan tèt li konsènan bèl avni ki t ap tann li an, tout sa te ba l fòs li te bezwen pou l fè fas ak menas sa a avèk kouraj. — Egz. 10:28, 29.

IMAJINE REYALITE WAYÒM NAN

14. Ki kalite panse ki se bonjan lejann?

14 Jodi a, gen anpil moun k ap imajine lavni yon fason ki pa reyèl. Pa egzanp, aktout yo pa gen anpil bagay nan domèn materyèl, yo reve yo menm ki vin rich anpil e ki gen bonjan sekirite byenke kounye a lavi lèzòm chaje ak “pwoblèm ak tristès”. (Sòm 90:10, NW.) Yo imajine yo menm k ap viv san yo pa gen okenn pwoblèm anba gouvènman lèzòm yo alòske Bib la fè konnen se Wayòm Bondye ki sèl vrè espwa limanite (Dàn. 2:44). Anpil moun panse Bondye pap detwi sistèm mechan sa a alòske Bib la di yon bagay ki konplètman diferan (Sef. 1:18; 1 Jan 2:15-17). Espwa sa yo moun ki pa konn objektif Bondye yo genyen yo se yon seri espwa ki chita sou lejann.

Èske w ka imajine ou menm k ap viv nan monn nouvo a? (Gade paragraf 15.)

15. a) Ki byenfè kretyen yo jwenn lefètke yo kenbe esperans yo a nan lespri yo? b) Fè yon ti pale konsènan kèk bagay w ap tann pou w fè toutpandan Bondye ap reyalize pwomès li yo.

15 Yon lòt bò, antanke kretyen, nou jwenn ankourajman lè n kenbe esperans nou an nan lespri nou, kit se esperans pou n al viv nan syèl kit se esperans pou n viv sou tè a. Èske w ka imajine ou menm k ap jwi bagay Bondye pwomèt yo? Lè w medite sou sa w gendwa fè toutpandan Bondye ap akonpli pwomès li yo, sandout w ap gen kè kontan. Petèt ou “wè” ou menm k ap viv sou tè a pou toutan. Fè yon ti reflechi ak fason w ap kolabore ak lòt moun pou n fè tè a tounen yon paradi. Tout moun renmen Jewova menm jan avè w. Ou an sante, ou gen enèji e w gen yon bèl avni devan w. Moun k ap sipèvize travay pou fè tè a vin bèl la fè w pran plezi nan lavi a paske yo vrèman gen sousi pou ou. Epi w kontan sèvi ak talan ak kapasite w genyen yo paske tout sa w ap fè yo pote byenfè pou lòt moun e yo onore Bondye. Pa egzanp, w ap ede moun ki fèk resisite yo aprann konnen Jewova (Jan 17:3; Tra. 24:15). Non, se pa reve w ap reve! Bèl imaj sa a ou gen nan lespri w la chita sou verite ki nan Ekriti yo ki pale konsènan sa k pral rive alavni. — Iza. 11:9; 25:8; 33:24; 35:5-7; 65:22.

POU KI REZON NOU PALE DE ESPERANS NOU AN?

16, 17. Ki byenfè n ap jwenn lè n pale de esperans nou an?

16 Lè n pale ak lòt kretyen konsènan sa n ta renmen fè toutpandan Jewova ap kontinye reyalize pwomès li yo, sa ap fè n imajine lavni yon fason ki pi reyèl. Menm lè okenn nan nou pa ka fin konnen egzakteman ki jan n pral viv nan monn nouvo a, lè n pale konsènan posiblite n ka genyen yo nou ankouraje youn lòt e n montre n gen konfyans sa Bondye pwomèt yo ap reyalize san mank. Lè apot Pòl t al vizite frè l yo nan vil Wòm se sèten yo te renmen posiblite yo te genyen pou ‘youn ankouraje lòt’ la e nou menm tou nou apresye sa nan tan difisil sa yo n ap viv la. — Wom. 1:11, 12.

17 Anplis de sa, lè n imajine kòman sa pral ye alavni sa ka ede n kontwole panse negatif nou genyen konsènan difikilte n ap viv kounye a. Petèt se kèk enkyetid konsa ki t ap pase nan tèt apot Pyè lè l te di Jezi: “Gade! Nou kite tout bagay pou nou suiv ou, ki sa n ap jwenn menm?” Pou Jezi te ede Pyè ansanm ak lòt moun ki te la yo imajine lavni, li te di yo: “Anverite m ap di nou sa: Lè tout bagay ap vin tounèf ankò, lè Pitit lòm nan va chita sou twòn li a nan laglwa, nou menm ki te suiv mwen, n ap chita tou sou douz twòn pou nou jije douz tribi Izrayèl yo. E nenpòt moun ki kite kay, oswa frè, oswa sè, oswa papa, oswa manman, oswa pitit, oswa tè, poutèt non mwen, l ap resevwa plis pase sa lontan, e l ap jwenn lavi ki pap janm fini an.” (Mat. 19:27-29). Konsa, Pyè ansanm ak lòt disip yo te ka imajine ki wòl yo pral jwe nan gouvènman ki pral dirije tout tè a e ki pral pote gwo benediksyon pou moun obeyisan yo.

18. Jodi a, ki byenfè n jwenn lè n reflechi ak akonplisman pwomès Bondye yo?

18 Sèvitè Jewova yo k ap viv sou tè a te toujou jwenn byenfè lè yo reflechi ak akonplisman pwomès Bondye yo. Abèl te konn ase bagay sou objektif Bondye ki te pèmèt li imajine yon pi bèl avni, li te montre l gen lafwa e l te vin gen yon esperans ki pa ka kraze. Li te vin posib pou Abraram fè yon seri gwo aksyon ki montre l gen lafwa paske l te “wè” bagay ki gen rapò ak akonplisman pwofesi Bondye te bay konsènan “desandans” li te pwomèt la (Jen. 3:15, NW). Moyiz “te kite je l fikse sou rekonpans li t apral jwenn nan”, li te aji ak lafwa e l te vin gen lanmou pou Jewova (Ebre 11:26). Tank nou sèvi ak kapasite n genyen pou n imajine moman kote bagay Jewova pwomèt yo ap akonpli se tank lafwa n gen nan Bondye ak lanmou n gen pou li a kapab vin ogmante. Nan atik ki vin apre a, nou pral pale konsènan fason n ka pi byen sèvi ak kado Bondye ban nou an.