Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova — Pi bon Zanmi nou an!

Jewova — Pi bon Zanmi nou an!

“Yo te vin rele [Abraram] ‘zanmi Jewova.’” — JAK 2:23.

1. Lefètke nou fèt pòtre ak Bondye, ki kapasite nou genyen?

BYEN souvan nou konn tande moun di: “Li se menm moun ak papa l!” Vrèmanvre, anpil timoun sanble tètkoupe ak paran yo. Dayè, timoun yo konn gen menm tanperaman ak manman yo oswa ak papa yo. Se Jewova, Papa nou ki nan syèl la, ki ban nou lavi (Sòm 36:9). Antanke pitit li, nou sanble avè l nan kèk domèn. Lefètke nou fèt pòtre ak li, nou gen kapasite pou n rezone, pou n pran desizyon, pou n fè zanmi ak lòt moun e pou n kenbe amitye sa yo. — Jen. 1:26.

2. Ki sa k ka fè Jewova vin Zanmi nou?

2 Jewova ka vin pi bon Zanmi nou. Yon amitye konsa baze sou lanmou Bondye gen pou nou ansanm ak lafwa nou gen nan li ak Pitit li a. Men sa Jezi te di: “Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit li fè a pou li, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an.” (Jan 3:16). Nou jwenn anpil egzanp konsènan kèk moun ki te gen yon amitye sere sere ak Jewova. Ann fè yon ti pale konsènan de nan yo.

“ABRARAM, ZANMI MWEN AN”

3, 4. Anrapò ak amitye ak Jewova, ki diferans ki genyen ant Abraram ak desandan l yo?

3 Pou Jewova te pale de Abraram, yon moun ki te patriyach  Izrayelit yo e ki te zansèt yo tou, li te di: “Abraram, zanmi mwen an.” (Eza. 41:8). Nan 2 Kwonik 20:7, yo rele Abraram zanmi Bondye tou. Ki sa k te pèmèt Abraram, gason fidèl sa a, kenbe yon relasyon ak Kreyatè l la? Se te lafwa li te gen nan Bondye. — Jen. 15:6; li Jak 2:21-23.

4 Okòmansman, desandan Abraram yo, ki te vin tounen nasyon Izrayèl tan lontan an, te gen Jewova kòm Papa yo ak Zanmi yo. Malerezman yo te vin pèdi amitye yo te gen ak Bondye a. Poukisa? Se paske yo te sispann demontre lafwa nan pwomès Jewova yo.

5, 6. a) Ki jan Jewova te fè vin Zanmi nou? b) Ki kesyon nou dwe poze tèt nou?

5 Plis ou aprann konnen Jewova, se plis lafwa w gen nan li ap vin pi solid, e se plis w ap vin renmen l. Fè yon ti reflechi ak lè w te fèk aprann Jewova se yon Moun reyèl, yon Moun ou kapab vin gen yon amitye sere sere avè l. Ou te aprann tou, akoz dezobeyisans Adan, tout moun te fèt nan peche, e konsa, yo tout te vin lwen Bondye (Kol. 1:21). Annapre, ou te vin rann ou kont, Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou an, pa yon moun ki lwen nou, li pa yon moun ki pa ban nou regle anyen pou li. Lè w te vin konnen dispozisyon Jewova te pran anrapò ak sakrifis ranson Jezi a e w te demontre lafwa nan sakrifis sa a, sa te fè w kòmanse vin gen yon amitye avè l.

6 Pandan n ap fè yon ti reflechi, li gendwa bon pou n mande tèt nou: ‘Èske m vin gen yon pi bon relasyon ak Bondye? Èske m fè Jewova konfyans ak tout kè m, epi, èske lanmou mwen gen pou Zanmi sa a mwen renmen anpil la ap vin pi fò chak jou?’ Yon lòt moun ankò ki t ap viv nan tan lontan ki te gen yon bon relasyon ak Jewova, se te Gideyòn. Ann fè yon ti pale konsènan bèl egzanp li kite pou nou, epi ann wè kòman nou ka suiv egzanp li.

“JEWOVA SE LAPÈ”

7-9. a) Ki bèl eksperyans Gideyòn te fè, e ki rezilta sa te bay? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Ki jan nou kapab vin zanmi Jewova?

7 Jij Gideyòn te sèvi Jewova nan yon epòk ki te difisil anpil, apre pèp Izrayèl la te fin antre nan Latè pwomiz. Jij chapit 6 fè konnen zanj Jewova a t al vizite Gideyòn nan vil Ofra. Nan epòk sa a, Madyanit yo ki t ap viv ozalantou Izrayelit yo, te reprezante yon gwo menas pou pèp la. Pou rezon sa a, Gideyòn te gen abitid bat ble l yo nan yon kay kote yo te konn kraze rezen olye l te fè sa deyò. Konsa, li te kapab kouri kache ble l yo, ki te gen anpil enpòtans, yon fason pou Madyanit yo pa t pran yo. Gideyòn te sezi lè zanj lan te parèt sou li e l te di Gideyòn se yon “vanyan sòlda”. Gideyòn t ap mande tèt li èske Jewova, ki te delivre pèp Izrayèl la anba men Ejipsyen yo, t apral ede yo toutbonvre kounye a. Zanj lan te pale nan non Kreyatè a e l te bay Gideyòn asirans Jewova t ap ede l.

8 Gideyòn te mande zanj lan ki jan l t apral fè “delivre pèp Izrayèl la anba men moun peyi Madyan yo”. Repons zanj lan te ba li a te klè. Li te di l, men sa Jewova di: “Paske m’ap kanpe la avè ou. Ou pral kraze moun Madyan yo tankou si se te yon sèl moun yo te ye.” (Jij 6:11-16). Piske Gideyòn potko konnen ki jan sa t apral fèt, li te mande Jewova yon siy. N ap remake, Gideyòn pa t gen dout sou Jewova lè l t ap pale ak zanj lan, men, li te konsidere Jewova kòm yon Moun ki reyèl.

9 Sa k te vin pase annapre a te fè lafwa Gideyòn vin pi solid, e sa te fè l vin pi pwòch ak Jewova tou. Gideyòn te prepare yon manje pou zanj lan. Zanj lan te touche manje a ak baton ki te nan men l lan epi, pa mwayen yon mirak, dife te boule manje a. Lè Gideyòn wè sa, li te vin rann li kont se Jewova ki te voye zanj lan. Gideyòn te tèlman pè, li te di: “Bondye Senyè o! Gade malè ki rive m non! Mwen wè zanj Senyè a  fas pou fas!” (Jij 6:17-22). Men, èske sa k te pase a te met yon baryè ant Gideyòn ak Bondye? Non. Okontrè, Gideyòn te vin konnen Jewova yon fason ki te fè l santi l anpè ak Jewova. Nou konn sa paske li te rele lotèl li te fè a “Jewova-Chalòm”, ki vle di “Jewova se Lapè”. (Li Jij 6:23, 24; nòt.) Lè nou medite sou sa Jewova fè pou nou chak jou, nou rann nou kont jan Jewova se yon bon Zanmi. Lè n priyè Bondye regilyèman, n ap santi n plis anpè, e amitye nou gen avè l la ap vin pi solid.

KIYÈS K AP ‘YON ENVITE NAN TANT JEWOVA A’?

10. Ann amoni ak Sòm 15:3, 5, ki sa Jewova mande nou pou n fè si nou vle vin zanmi l?

10 Sepandan, pou Jewova vin Zanmi nou, gen kèk kondisyon nou dwe ranpli. Jan sa parèt nan Sòm 15 lan, nan yon chante David te fè, li te di ki sa n dwe fè pou n vin ‘yon envite nan tant Jewova a’, sa vle di, pou n vin zanmi Bondye (Sòm 15:1NW). Ann konsidere de nan bagay David te di yo ki se: Evite bay kout lang epi aji yon fason ki onèt nan tout sa n ap fè. Men sa David te di konsènan moun ki se yon envite nan tant Jewova a: ‘Li pa nan bay moun kout lang. Li pap pran lajan anba anba pou l bay manti sou moun ki inosan.’ — Sòm 15:3, 5.

11. Ki sa k fè nou dwe evite bay kout lang sou kèlkeswa moun nan?

11 Men ki avètisman David te bay nan yon lòt Sòm: “Prezève lang ou kont sa ki mal.” (Sòm 34:13, NW). Si yon moun pa koute konsèy enspire sa a, sa ka met yon distans ant li menm ak Papa l ki nan syèl la ki jis. Anfèt, bay kout lang se mak fabrik Satan, pi gwo ènmi Jewova a paske, mo “Dyab” la soti nan yon mo grèk ki vle di “medizan”. Lè n veye sou sa n ap di lòt moun ak sa n ap di sou lòt moun, sa ap fè nou rete pwòch ak Jewova. Nou dwe aji konsa sitou anvè frè ki pran latèt nan kongregasyon an. — Li Ebre 13:17; Jid 8.

12, 13. a) Ki sa k fè nou dwe montre nou onèt nan tout bagay? b) Nan ki sans lè nou montre nou onèt, sa gen efè sou lòt moun?

12 Tout moun konnen sèvitè Jewova yo kòm moun ki onèt e ki pap eksplwate moun. Men sa apot Pòl te di: “Kontinye priye pou nou, paske nou gen konviksyon konsyans nou klè, piske nou vle konpòte nou yon fason ki dwat nan tout bagay.” (Ebre 13:18). Piske nou vle “konpòte nou yon fason ki dwat nan tout bagay”, nou evite eksplwate frè ak sè nou yo. Pa egzanp, si y ap travay avè n, nou dwe asire n nou byen boule ak yo epi nou peye yo ann amoni ak kontra nou te siyen ak yo a. Antanke kretyen, nou aji yon fason ki onèt ak anplwaye nou yo ansanm ak tout lòt moun. Si n ap travay ak yon frè oswa yon sè, nou fè atansyon pou n pa eksplwate yo lè n pa mande yo pou yo trete nou yon fason ki espesyal.

13 Se pa ni de ni twa fwa nou konn tande moun ki nan monn nan k ap di jan yo apresye Temwen Jewova yo! Pa egzanp, gen yon direktè yon gwo konpayi konstriksyon ki remake jan Temwen Jewova yo se moun ki kenbe pawòl yo. Men sa l di: “Nou toujou fè sa nou te di n ap fè.” (Sòm 15:4). Yon konduit konsa ede n kenbe amitye nou ak Jewova. Mete sou sa, li fè Papa nou ki nan syèl la, ki renmen nou an, jwenn louwanj.

EDE LÒT MOUN VIN ZANMI JEWOVA

Nou ede lòt moun vin zanmi Jewova. (Gade paragraf 14, 15.)

14, 15. Ki jan nou ka ede lòt moun vin zanmi Jewova lè nou nan ministè a?

14 Byenke anpil nan moun nou rankontre nan ministè a kapab di yo kwè Bondye egziste, men, yo pa konsidere l kòm pi bon Zanmi yo. Ki jan nou kapab ede yo? Ann wè ki enstriksyon Jezi te bay 70 nan disip li yo lè l t ap voye yo preche de pa de. Men sa l te di yo: “Depi nou antre nan yon kay, men premye sa pou nou di: ‘Nou swete kay sa a lapè!’ Si pa gen moun nan kay la ki renmen lapè, lapè nou an ap tounen  vin jwenn nou. Men si genyen, lapè nou swete a ap rete sou li.” (Lik 10:5, 6). Lè nou abòde moun yo yon fason ki amikal, sa ka atire yo vin aprann laverite. Si se yon moun ki opoze ak mesaj n ap preche a, sa ka fè moun nan vin kalm epi, sa ka pèmèt li pi byen reyaji nan yon lòt okazyon.

15 Lè nou rankontre moun ki vrèman anrasinen nan fo relijyon oswa k ap suiv koutim ki pa biblik, nou kontinye aji yon fason ki amikal e ki pezib ak yo. Nou toujou kontan byen akeyi moun ki vin anvi aprann plis bagay sou Bondye n ap adore a akoz tètchaje yo wè nan monn n ap viv la. Atik ki parèt nan ribrik “Labib chanje lavi moun” nan ban nou anpil bèl egzanp nan sans sa a.

ANN TRAVAY AK PI BON ZANMI NOU AN

16. Nan ki sans Jewova kapab konsidere nou kòm zanmi l e kòm “konpayon travay” li?

16 Byen souvan, moun k ap travay ansanm konn vin bon zanmi. Tout moun ki vwe lavi yo bay Jewova gen privilèj pou Jewova konsidere yo kòm zanmi l e kòm “konpayon travay” li. (Li 1 Korentyen 3:9.) Vrèmanvre, toutpandan n ap patisipe nan travay predikasyon an ak travay fè disip la, nou vin pi byen konprann bèl kalite Papa nou ki nan syèl la genyen yo. Nou wè jan lespri sen ede nou jwenn tout sa n bezwen pou n preche bon nouvèl la.

17. Ki jan manje espirityèl nou jwenn nan asanble yo ak kongrè yo montre nou jan Jewova se Zanmi nou?

17 Plis nou patisipe nan travay fè disip la, se plis n ap santi nou pwòch ak Jewova. Pa egzanp, nou wè fason Jewova anpeche moun ki opoze ak mesaj n ap preche a fè sa yo vle. Fè yon ti reflechi sou ane ki sot pase yo. Èske nou pa wè aklè jan Bondye ap gide nou? Se pa ti kontan nou kontan dèske Jewova toujou fè n jwenn bonjan manje espirityèl. Pwogram kongrè yo ak asanble yo montre nou jan Papa nou ki renmen nou an konprann pwoblèm nou e li konnen sa n bezwen. Men sa yon fanmi te di nan yon lèt yo te ekri pou montre jan yo te apresye yon kongrè: “Pwogram nan te vrèman touche kè nou. Nou te santi jan Jewova renmen nou chak ak jan li vle nou reyisi.” Apre yon koup ki sot nan peyi Almay te fin asiste yon kongrè espesyal nan peyi Ilann, yo te montre jan yo rekonesan pou fason yo te akeyi yo ak fason yo te pran swen yo. Men sa yo te ajoute: “Pi gwo remèsiman nou an se pou Jewova ansanm ak Jezi Kris, Wa li chwazi a. Yo te envite nou pou n fè pati yon nasyon ki ini toutbon. Nou pa sèlman di nou gen inite nan mitan nou, men, nou viv sa chak jou. Eksperyans nou te fè nan kongrè espesyal ki te fèt Diblen an ap toujou fè n sonje privilèj espesyal nou genyen pou n sèvi Bondye nou an ki gran.”

 MOUN KI ZANMI GEN KOMINIKASYON YOUN AK LÒT

18. Ki kesyon nou dwe poze anrapò ak kominikasyon nou gen ak Jewova?

18 Lè gen bonjan kominikasyon ant de zanmi, sa fè amitye yo a vin pi solid. Jodi a, nan yon moman kote Entènèt ak teknoloji nan zafè kominikasyon ap valè teren, rezo sosyal ansanm mesaj tèks vin popilè anpil. Sepandan, ki diferans nou fè ant bagay sa yo ak fason nou kominike ak Jewova, pi bon Zanmi nou an? Vrèmanvre, Jewova se Sila “ki konn tande priyè” a (Sòm 65:2NW). Men, konbyen fwa nou pran tan pou n pale avè l?

19. Si n twouve l difisil pou n ouvri kè nou bay Papa nou ki nan syèl la, ki sa k kapab ede nou?

19 Gen kèk sèvitè Bondye ki twouve l difisil pou yo ouvri kè yo ba li epi pou yo di l sa yo santi toutbon. Sepandan, se sa menm Jewova vle nou fè lè n ap priye l (Sòm 119:145; Lam. 3:41). Menmsi nou ta twouve l difisil pou n jwenn mo ki eksprime sa n santi toutbon, nou konnen nou pa poukont nou. Men sa apot Pòl te ekri kretyen ki te nan vil Wòm yo: “Men pwoblèm nan: sa nou dwe mande nan priyè nou selon bezwen nou, nou pa konnen l, men lespri a li menm li sipliye pou nou anrapò ak soupi nou fè ki pa soti. Epoutan, sila a ki egzamine kè yo konnen ki sa lespri a vle di, paske se ann akò ak volonte Bondye l ap sipliye pou moun ki sen yo.” (Wom. 8:26, 27). Lè nou medite sou pawòl nou jwenn nan kèk liv nan Bib la tankou liv Sòm yo, liv Jòb la ak liv Pwovèb la, sa ap ede nou jwenn mo pou n di Jewova sa k nan fon kè nou.

20, 21. Ki rekonfò nou jwenn nan pawòl Pòl te di nou jwenn nan Filipyen 4:6, 7 la?

20 Lè n ap fè fas ak sitiyasyon ki difisil, nou kapab suiv konsèy Pòl te bay kretyen Filip yo ki di: “Pa enkyete nou pou anyen, men fè Bondye konnen demann nou yo nan tout bagay, pa mwayen lapriyè ak siplikasyon ansanm ak remèsiman.” Se sèten, lè n santi n alèz konsa pou n pale ak pi bon Zanmi nou an, n ap jwenn rekonfò ak konsolasyon paske, men sa Pòl te ajoute: “E lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou ak lespri nou pa mwayen Kris Jezi.” (Fil. 4:6, 7). Annou toujou ancheri “lapè Bondye” bay ki san parèy la, yon lapè ki pwoteje kè nou ak lespri nou toutbon.

Ki jan lapriyè ranfòse relasyon nou gen ak Bondye a? (Gade paragraf 21.)

21 Lapriyè ede nou vin zanmi Jewova. Kidonk, annou “priye toutan”. (1 Tes. 5:17.) Se pou atik sa a fè relasyon nou gen ak Bondye a, ki gen anpil valè, vin pi solid epi pou l ranfòse detèminasyon nou pran pou n viv ann amoni ak kòmandman Jewova yo ki jis. Kidonk, annou pran tan pou n medite sou tout benediksyon nou jwenn lefètke Jewova se Papa nou, Bondye nou, Zanmi nou toutbon!