Lamantasyon 3​:​1-66

  • Jeremi di sa l santi ak espwa li genyen

    • “M ap ret tann ou avèk pasyans” (21)

    • Bondye montre mizèrikòd li chak maten (22, 23)

    • Bondye bon ak moun ki met espwa nan li (25)

    • Li bon lè yon moun jwenn pwoblèm pandan l jèn (27)

    • Bondye bloke yo ak yon nyaj pou yo pa pwoche bò kote l (43, 44)

א [Alèf] 3  Mwen nan pwoblèm, paske Bondye te fache anpil e li te pini nou.   Li rale m met deyò epi li fè m mache nan fènwa, li pa kite m mache nan limyè+.   Vrèmanvre, li lonje men l tout lajounen pou l frape m+. ב [Bèt]   Li fè vyann sou kò m fini e li fè po m pèdi koulè.Li kraze zo m.   Li bati yon miray toutotou m. Li fè zèb ki gen pwazon pouse toutotou m+, e li antoure m ak pwoblèm.  Li fòse m ret chita kote ki fè nwa, tankou moun ki mouri depi byen lontan. ג [Gimèl]   Se kòmsi li te fè yon miray pou l anpeche m soti.Li mare m ak chenn byen lou ki fèt ak kuiv+.   Epi, lè m ap rele ak tout fòs pou m mande l sekou, li pa koute* priyè m+.  Li bare chemen m ak wòch yo kase.Li fè wout mwen yo vin difisil pou m mache ladan yo+. ד [Dalèt] 10  Li kache kò l pou l atake m tankou yon lous, tankou yon lyon k ap tann yon bèt pou l atake l+. 11  Li fòse m kite chemen yo epi li dechire m fè miyèt moso*.Li fè m fin depafini+. 12  Li detire* banza* l e se mwen li vize ak flèch li a. ה [He] 13  Li pèse ren m ak flèch* ki sot nan sak flèch li a. 14  Mwen tounen yon moun tout pèp ap pase nan rizib.Mwen vin yon chante nan bouch yo tout lajounen. 15  Li plen m ak bagay ki anmè, e li chaje m nèt ak bagay ki anmè kou fyèl*+. ו [Waw] 16  Li kraze dan m ak gravye.Li fè m foure kò m anba sann dife+. 17  Ou fè m* pa anpè ankò. Mwen bliye sa ki bon. 18  Se sa k fè mwen di: “Mwen pa gen glwa ankò, e mwen pèdi espwa nan Jewova.” ז [Zayin] 19  Sonje soufrans mwen, e sonje mwen pa gen kote pou m rete+. Sonje se plant anmè* ak pwazon ki anmè mwen manje+. 20  W* ap sonje sa kanmenm, e w ap vin ede m+. 21  Mwen reflechi sou sa nan kè m. Se sa k fè m ap ret tann ou avèk pasyans+. ח [Hèt] 22  Se paske Jewova gen lanmou ki fidèl pou nou ki fè nou pa fin depafini nèt+.Paske, mizèrikòd li pa janm fini+. 23  Li montre mizèrikòd li chak maten+. Li toujou merite pou yo fè l konfyans+. 24  Mwen* di: “Jewova se byen mwen+. Se sa k fè m ap ret tann li avèk pasyans+.” ט [Tèt] 25  Jewova bon ak moun ki met espwa nan li+, moun* ki kontinye chèche l+. 26  Li bon pou yon moun ret an silans pou l tann*+ delivrans Jewova ap bay la+. 27  Li bon lè yon moun jwenn pwoblèm pandan l jèn+. י [Yòd] 28  Se pou l chita poukont li an silans lè Bondye kite l jwenn pwoblèm+. 29  Se pou l bese byen ba pou l fè bouch li touche atè*+. Petèt ka gen espwa pou li+. 30  Se pou l vire figi l bay moun k ap frape l la. Se pou l kite yo joure l byen joure. כ [Kaf] 31  Paske, Jewova pap abandone nou pou toutan+. 32  Byenke li lage nou nan lapenn, l ap fè nou mizèrikòd tou paske li gen anpil lanmou ki fidèl+. 33  Paske, li pa gen entansyon fè lèzòm soufri oswa lage yo nan lapenn+. ל [Lamèd] 34  Lè yon moun kraze tout prizonye ki sou tè a anba pye l+, 35  Lè yon moun anpeche moun jwenn jistis devan Sila a ki gen pi gwo pozisyon an+, 36  Lè yon moun fè yon moun y ap jije pa jwenn jistis,Jewova pa tolere bagay sa yo. מ [Mèm] 37  Bon, kiyès ki ka di yon bagay epi pou l fè sa rive, si se pa Jewova ki bay lòd pou sa fèt? 38  Bon bagay ak move bagayPap sot nan bouch Sila a ki gen pi gwo pozisyon an anmenmtan. 39  Poukisa pou yon moun ap plenyen lè l ap peye pou peche l fè+? נ [Noun] 40  Annou byen gade wout nou yo+, annou byen egzamine yo e annou retounen vin jwenn Jewova+. 41  Annou priye Bondye nou an ki nan syèl la ak yon kè ki sensè e annou leve men nou pou n di l+: 42  “Nou peche, nou dezobeyi w+, e ou pa padone nou+. ס [Samèk] 43  Ou anpeche nou pwoche bò kote w paske w an kòlè+.Ou kouri dèyè nou e ou touye nou san pitye+. 44  Ou sèvi ak yon nyaj pou w anpeche nou pwoche bò kote w, yon fason pou priyè nou pa pase+. 45  Ou fè nou vin tounen dechè ak fatra nan mitan pèp yo.” פ [Pe] 46  Tout ènmi nou yo pase nou nan rizib+. 47  N ap viv ak laperèz. Yo tann pèlen pou nou pou n tonbe nan twou+. Nou fin depafini e yo fin kraze nou+. 48  Dlo ap koule nan je m tankou rivyè k ap desann paske yo kraze pèp mwen an+. ע [Ayin] 49  Dlo kontinye koule nan je m san rete+, 50  Jiskaske Jewova voye je l e li wè sa k ap pase a detan l nan syèl la+. 51  Mwen* nan lapenn lè m wè sa k rive tout zòn ki ozalantou vil mwen an+. צ [Tsade] 52  Ènmi m yo chase m san rezon kòmsi m se yon zwazo. 53  Yo detwi lavi m e yo lage m nan twou a. Yo kontinye voye wòch sou mwen. 54  Dlo te kouvri tèt mwen, epi m te di: “Mwen fini!” ק [Kòf] 55  Mwen te rele w nan non w, o Jewova, pandan m byen fon nan twou a+. 56  Tande vwa m. Pa bouche zòrèy ou lè m ap rele w pou vin ede m, lè m ap mande w sekou. 57  Jou mwen te rele w la, ou te vin toupre m. Ou te di m: “Ou pa bezwen pè.” ר [Rèch] 58  O Jewova, ou defann kòz mwen*, ou sove lavi m+. 59  O Jewova, ou wè mechanste yo fè m nan. Tanpri, fè m jwenn jistis+. 60  Ou te wè jan yo te vle tire revanj sou mwen. Ou te wè tout konplo yo fè sou do m. ש [Sin] oswa [Chin] 61  O Jewova, ou tande move pawòl yo di ak konplo yo fè sou do m+. 62  Ou tande pawòl moun ki kont mwen yo ap di ak chwichwichwichwi y ap fè sou mwen tout lajounen. 63  Gade yo. Kit yo chita, kit yo kanpe, se nan rizib y ap pase m nan chante y ap chante yo. ת [Taw] 64  O Jewova, w ap fè yo peye pou sa yo fè. 65  Kòm malediksyon, w ap fè yo vin awogan. 66  O Jewova, w ap kouri dèyè yo tou an kòlè, e w ap disparèt yo sou tè a.

Nòt anba paj

Oswa: “li bare; li rejte”.
Se kapab tou: “epi li fè m rete san m pa gen anyen pou m fè”.
Lit.: “Li met pye sou”.
Lit.: “ak pitit gason”.
Oswa: “anmè tankou absent”. Se yon plant ki anmè anpil e ki gen yon sant ki fò.
Oswa: “fè nanm mwen”.
Oswa: “se absent”. Se yon plant ki anmè anpil e ki gen yon sant ki fò.
Oswa: “Nanm ou”.
Oswa: “Nanm mwen”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “ret tann avèk pasyans”.
Sa vle di se pou l soumèt nèt.
Oswa: “Nanm mwen”.
Oswa: “kòz nanm mwen”.