Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou bezwen yon pi bon monn!

Nou bezwen yon pi bon monn!

Men sa António Guterres, sekretè jeneral nasyonzini fè konnen: “N ap viv nan yon monn ki chaje ak pwoblèm”. Èske w pa dakò?

Nouvèl n ap tande yo fè nou gen anpil enkyetid

  • Maladi ak pandemi

  • Katastwòf natirèl

  • Lamizè ak grangou

  • Polisyon ak tanperati tè a k ap ogmante

  • Krim, vyolans ak koripsyon

  • Lagè

Sa klè, nou bezwen yon pi bon monn. Yon monn kote n ap gen:

  • Yon sante pafè

  • Pwoteksyon ak sekirite pou tout moun

  • Manje agogo

  • Yon anviwònman ki bon pou sante nou

  • Jistis pou tout moun

  • Lapè sou tout tè a

Ki sa nou vle di menm lè n ap pale de yon pi bon monn?

Ki sa k pral rive monn n ap viv ladan l jodi a?

Ki sa nou ka fè pou nou viv nan yon pi bon monn?

Nimewo Toudegad sa a pral ede n jwenn repons ki bay rekonfò Bib la bay pou kesyon sa yo ak lòt ankò.