Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Tout sa Bondye kreye yo t ap viv nan inite e nan lapè anba dominasyon l.

Poukisa nou bezwen Wayòm Bondye a?

Poukisa nou bezwen Wayòm Bondye a?

Depi byen bonè nan listwa lèzòm, se Kreyatè nou an, ki rele Jewova, ki te sèl Dirijan. Li te demontre lanmou nan fason l dirije. Li te fè yon bèl kay, yon jaden ann Edenn, pou lèzòm abite. Li te mete anpil manje pou yo. Anplis de sa, li te bay lèzòm travay enteresan pou yo fè (Jenèz 1:28, 29; 2:8, 15). Lèzòm t ap viv nan lapè si yo te rete anba dominasyon Bondye ki baze sou lanmou.

Premye moun yo te rejte Bondye antanke Chèf yo.

Bib la fè konnen gen yon zanj rebèl, yo te vin rele Satan Ledyab annapre, ki te konteste dwa Bondye genyen pou l dirije a. Li te fè konnen lèzòm t ap pi kontan si yo pa soumèt anba direksyon ak dominasyon Bondye. Malerezman, Adan ak Èv, premye paran nou yo, te suiv Satan e yo te fè rebèl ak Bondye. — Jenèz 3:1-6; Revelasyon 12:9.

Piske Adan ak Èv te rejte Bondye antanke Chèf yo, yo te pèdi Paradi a ak espwa pou yo viv pou toutan ak yon sante pafè (Jenèz 3:17-19). Desizyon yo a te gen efè tou sou timoun yo te vin gen annapre. Bib la di akoz Adan te peche, “peche antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre”. (Women 5:12.) Peche lakòz yon lòt bagay terib ankò: “Moun ap domine sou moun pou fè yo soufri.” ​(Eklezyas 8:9). Sa vle di, depi se lèzòm k ap dirije tèt yo, ap toujou gen pwoblèm.

LÈZÒM KÒMANSE DIRIJE

Nimwod te fè rebèl ak Jewova.

Nimwod se premye dirijan sou tè a Bib la pale de li e li te rebele kont dominasyon Jewova. Depi nan epòk Nimwod la, anpil moun ki gen pouvwa mal sèvi ak pouvwa yo a. Sa gen 3 000 an, wa Salomon te ekri: “Mwen te wè dlo nan je moun y ap fè abi yo, men pa t gen pèsonn pou konsole yo. Epi, moun ki t ap fè yo abi yo te gen pouvwa.” — Eklezyas 4:1.

Bagay yo pa chanje jodi a. An 2009, men sa yo te di nan yon piblikasyon Nasyonzini: “Li vin pi klè, youn nan rasin tout kalite move bagay ki gen nan sosyete nou yo se move dirijan.”

MOMAN POU BONDYE AJI A RIVE!

Monn nan bezwen pi bon dirijan ak yon pi bon fòm gouvènman. E se sa menm Kreyatè nou an pwomèt!

Menm pi bon gouvènman lèzòm yo pa rive rezoud gwo pwoblèm lèzòm genyen yo.

Bondye tabli yon Wayòm, oubyen yon gouvènman, ki pral ranplase tout gouvènman lèzòm yo e “se li menm sèl k ap rete pou toutan”. (Dànyèl 2:44.) Se pou Wayòm sa a plizyè milyon moun ap priye a (Matye 6:9, 10). Men, se pa Bondye li menm ki pral dirije gouvènman sa a. Olye de sa, li te nome yon moun ki te viv sou tè a pou dirije l. Kiyès Bondye te chwazi?