Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Konte sou mwen!

Konte sou mwen!

Telechaje:

  1. 1. Pafwa’n ka soufri

    Akoz bagay nou pa’t prevwa.

    Nou pap janm konn ki jan lavi’n t’ap ye

    Si bagay sa yo pa’t rive.

    Men, Bondye la, li wè,

    Li konnen sa’k nan fon kè nou.

    Wi, li byen konnen ki pwogrè nou ka fè

    Si’n pran bon wout la san devye.

    (ANVAN REFREN)

    Nou gen valè nan je’l,

    Kèlkeswa bèl don ak talan nou genyen.

    Li vle pou’n imite’l,

    Pou’n gen sousi youn pou lòt vre.

    (REFREN)

    Ou se zanmi’m, paske’w toujou la.

    Bon tan, move tan, ou pa janm lage’m.

    E mwen la

    Lè’w bezwen yon moun soutni’w, lè chay la lou.

    M’ap toujou la pou ou,

    Wi, konte sou mwen!

  2. 2. Nou kriye ak lòt moun,

    Nou fè konnen jan nou santi’n.

    Pafwa, se dlo nan je’n ki pale pou nou,

    Lè’n pa konn ki sa pou nou di.

    (ANVAN REFREN)

    Pwoblèm ka fè’n febli.

    Jewova ka ban’n fòs pou nou andire.

    Nou tout ka imite’l,

    Lè’n montre’n se bon zanmi vre.

    (REFREN)

    Ou se zanmi’m, paske’w toujou la.

    Bon tan, move tan, ou pa janm lage’m.

    E mwen la

    Lè’w bezwen yon moun soutni’w, lè chay la lou.

    M’ap toujou la pou ou,

    Wi, konte sou mwen!

    (REFREN)

    Ou se zanmi’m, paske’w toujou la.

    Bon tan, move tan, ou pa janm lage’m.

    E mwen la

    Lè’w bezwen yon moun soutni’w, lè chay la lou.

    M’ap toujou la pou ou,

    Wi, konte sou mwen!