Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kè kontan ki gen nan kongrè yo

Kè kontan ki gen nan kongrè yo

Telechaje:

  1. 1. Anvan menm yo kòmanse jwe mizik la,

    Anbyans lan chofe, anbyans lan chofe.

    Sa rèd nan monn nan, men la’ nou anpè.

    E sa pral pi bèl, wi, l’ap bèl vre!

    (REFREN)

    Nou tout se frè, nou tout se sè, nou se yon gwo fanmi.

    E’m renmen nou, w’pa ta di nou gen lontan nou zanmi.

  2. 2. Gade jan gen anpil moun ki la, e’n soude ansanm!

    Mwen wè yon seri figi m’pa fin abitye.

    Men m’konnen yo! Nou se fanmi!

    N’ap voye men ban’m nan tout kò stad la.

    O ala bèl sa bèl!

    M’santi’m byen tankou ti bebe k’ap ri,

    E si’m pa veye, m’ka pran kriye.

    (REFREN)

    Nou tout se frè, nou tout se sè, nou se yon gwo fanmi.

    E’m renmen nou, w’pa ta di nou gen lontan nou zanmi.

    Nou tout se frè, nou tout se sè, nou se yon gwo fanmi.

    E’m renmen nou, w’pa ta di nou gen lontan nou zanmi.

    (YON TI DIPLIS)

    Ann kenbe men.

    Nou nan menm konba!

    Nou ban mwen fòs

    Pou’m kontinye nan wout pou lavi a.