Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 118

“Ban nou plis lafwa”

“Ban nou plis lafwa”

(Lik 17:5)

  1. 1. O Jewova, akoz peche’n gen nan nou,

    Kè’n gen tandans pouse’n fè sa’k pa sa.

    Gen yon peche ki pran’n nan pyèj byen fasil:

    Nou konn manke lafwa nan ou, Papa.

    (REFREN)

    O Jewova, tanpri ban nou plis lafwa.

    Tanpri ban nou’l selon sa nou bezwen.

    Ban’n plis lafwa, selon pitye’w gen pou nou,

    Pou nou ka onore’w, ou menm ki Sen.

  2. 2. San lafwa, pèsonn pa ka fè’w plezi vre.

    Nou dwe gen konfyans w’ap rekonpanse’n.

    Grasa lafwa, nou djanm, nou pa pè demen.

    Se boukliye ki la pou pwoteje’n.

    (REFREN)

    O Jewova, tanpri ban nou plis lafwa.

    Tanpri ban nou’l selon sa nou bezwen.

    Ban’n plis lafwa, selon pitye’w gen pou nou,

    Pou nou ka onore’w, ou menm ki Sen.