KANTIK 106
Ann demontre nou gen lanmou
-
1. Ak tout kè nou, n’ap priye Bondye,
Kalite’l yo, nou vle imite.
An premye n’ap chèche gen lanmou,
Lè’n kite lespri’l aji nan nou.
Nou ka gen talan, sajès ak kran,
San lanmou nou pap anyen vrèman.
Ann priye pou lanmou nou grandi
Nan sa n’ap fè e nan sa n’ap di.
-
2. Lanmou aprann nou pou’n renmen bay,
Li fè’n ede moun k’ap pase tray.
Lanmou pa bay bò pou rayisans,
Li fè’n padone frè’n ak pasyans.
Lanmou ede’n andire pwoblèm,
Li ede nou toujou rete fèm.
Si dekourajman vle anvayi’n,
Sonje, lanmou ap toujou soutni’n.
(Gade tou Jan 21:17; 1 Kor. 13:13; Gal. 6:2.)