Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 103

“Se pou Wayòm ou an vini”

“Se pou Wayòm ou an vini”

Men yon pwomès Jewova fè: ‘Pap gen moun k ap kriye ankò, pap gen doulè, pap gen maladi ak lanmò ankò. M ap siye tout dlo nan je yo. Moun ap bliye tout move bagay ki te pase yo.’

Jewova te mete Adan ak Èv nan jaden Edenn nan pou yo viv ak kè kontan e nan lapè. Yo te dwe adore Papa yo ki nan syèl la e yo te dwe plen tè a ak pitit yo. Adan ak Èv te dezobeyi Jewova. Men, objektif Jewova pa t janm chanje. Nan liv sa a, nou te wè tout sa Bondye pwomèt reyalize. Wayòm li an ap pote anpil gwo benediksyon sou tè a, jan l te pwomèt Abraram nan.

Talè konsa, Satan, demon l yo ak tout mechan yo ap disparèt. Tout moun k ap vivan lè sa a pral adore Jewova. Nou pap ni malad ni mouri. Men, n ap leve chak jou ak anpil fòs e n ap kontan nou vivan. Tè a ap tounen yon paradi. Tout moun ap gen bon manje pou yo manje e y ap gen yon kay kote y ap santi yo an sekirite. Moun yo ap janti, yo pap fè mechanste e yo pap fè vyolans. Bèt sovaj yo pap pè nou e nou menm nou pap pè yo.

Se pa ti kontan n ap kontan lè Jewova kòmanse resisite moun. N ap kontan akeyi moun ki te viv nan tan lontan yo, tankou Abèl, Noye, Abraram, Sara, Moyiz, Rit, Estè ak David. Yo pral ede nou fè tè a tounen yon paradi. N ap toujou gen anpil bèl travay pou nou fè.

Jewova vle pou w la tou. Ou pral aprann yon pakèt bagay ou pa t janm imajine sou Jewova. Annou kontinye pwoche pi pre Jewova chak jou, depi kounye a e pou toutan!

“Jewova, Bondye nou an, ou merite pou w resevwa glwa, onè ak pisans, paske ou kreye tout bagay.” — Revelasyon 4:11.