Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Liv Sòm

Chapit

Sa k ladan l

  • 1

    • Diferans ant de chemen

      • Li lwa Bondye bay kè kontan (2)

      • Moun ki jis yo tankou yon pyebwa k ap bay fwi (3)

      • Mechan yo tankou pay van bwote ale (4)

  • 2

    • Jewova ak sila a li chwazi a

      • Jewova ri nasyon yo (4)

      • Jewova mete wa l la sou pouvwa (6)

      • Onore pitit gason an (12)

  • 3

    • Met konfyans nan Bondye menmsi gen danje

      • ‘Poukisa advèsè m yo anpil konsa a?’ (1)

      • “Se Jewova ki bay delivrans” (8)

  • 4

    • Yon priyè ki montre konfyans yon moun gen nan Bondye

      • “Menmsi nou fache, pinga nou peche” (4)

      • “M ap dòmi ak kè poze” (8)

  • 5

    • Jewova se refij moun ki jis yo

      • Bondye rayi mechanste (4, 5)

      • “Gide m nan chemen w yo ki jis” (8)

  • 6

    • Yon priyè pou mande favè

      • Moun mouri pa ka fè louwanj pou Bondye (5)

      • Bondye tande demann moun fè l pou l fè yo favè (9)

  • 7

    • Jewova se yon Jij ki jis

      • “Fè m jistis, o Jewova” (8)

  • 8

    • Glwa Bondye ak onè lòm

      • “Se pa ti glwa non w genyen!” (1, 9)

      • Ki enpòtans lòm genyen? (4)

      • Bondye fè lòm gen glwa (5)

  • 9

    • Fè konnen bagay estrawòdinè Bondye fè

      • Jewova se yon refij (9)

      • Konnen non Bondye vle di gen konfyans nan li (10)

  • 10

    • Jewova se Sila a k ap ede moun ki san sekou yo

      • Mechan yo vante tèt yo, yo di: “Pa gen Bondye” (4)

      • Moun ki san sekou yo vin jwenn Jewova (14)

      • “Jewova Wa pou tout tan gen tan” (16)

  • 11

    • Pran refij nan Jewova

      • “Jewova nan tanp li an ki sakre” (4)

      • Bondye rayi tout moun ki renmen vyolans (5)

  • 12

    • Jewova leve pou l aji

      • Pawòl Bondye yo pwòp (6)

  • 13

    • Swaf jwenn delivrans nan men Jewova

      • “O Jewova, pandan konbyen tan ankò?” (1, 2)

      • Jewova rekonpanse moun anpil (6)

  • 14

    • Moun sòt la

      • “Pa gen Jewova” (1)

      • “Pa gen youn k ap fè sa ki bon” (3)

  • 15

    • Ki moun Jewova ap envite nan tant li?

      • Li pale laverite nan kè l (2)

      • Li pa bay moun kout lang (3)

      • Li kenbe pwomès li menm lè sa koute l chè (4)

  • 16

    • Jewova se Sous tout bon bagay

      • “Jewova se pòsyon pa m” (5)

      • ‘Panse m yo korije m nan nuit’ (7)

      • ‘Jewova sou bò dwat mwen’ (8)

      • “Ou pap kite m nan Tonm” (10)

  • 17

    • Yon priyè pou mande pwoteksyon

      • “Ou egzamine kè m” (3)

      • “Anba zèl ou” (8)

  • 18

    • Louwanj pou Bondye pou delivrans li bay

      • “Jewova se mas wòch mwen” (2)

      • Jewova fidèl ak moun ki fidèl (25)

      • Chemen Bondye bon nèt (30)

      • “Grasa imilite w, mwen vin yon moun enpòtan” (35)

  • 19

    • Lwa Bondye ak kreyasyon l bay temwayaj

      • “Syèl la fè konnen glwa Bondye genyen” (1)

      • Lwa Bondye yo bon nèt e yo rebay fòs (7)

      • “Peche m fè san m pa konnen yo” (12)

  • 20

    • Bondye ap delivre wa li chwazi a

      • Gen moun ki met konfyans yo nan charyo ak cheval, ‘men nou menm, nou fè louwanj pou non Jewova’ (7)

  • 21

    • Benediksyon pou wa ki met konfyans li nan Jewova

      • Bondye bay wa a yon lavi ki long (4)

      • Ènmi Bondye yo ap pèdi batay la (8-12)

  • 22

    • Soti nan dezespwa pou rive nan laglwa

      • “Bondye m nan, poukisa w abandone m?” (1)

      • “Yo fè tiraj osò pou rad mwen an” (18)

      • Fè louwanj pou Bondye nan kongregasyon an (22, 25)

      • Tout moun sou tè a dwe adore Bondye (27)

  • 23

    • “Jewova se Bèje m”

      • “Mwen pap manke anyen” (1)

      • “Li reban m fòs” (3)

      • “Gode m byen plen” (5)

  • 24

    • Wa ki gen anpil glwa a antre nan pòtay la

      • ‘Tè a se pou Jewova’ (1)

  • 25

    • Yon priyè pou mande Bondye direksyon ak padon

      • “Montre m chemen w yo” (4)

      • ‘Bon zanmi Jewova’ (14)

      • “Padone tout peche m yo” (18)

  • 26

    • Mache devan Bondye ak fidelite

      • “Egzamine m, o Jewova” (2)

      • Evite move frekantasyon (4, 5)

      • ‘M ap mache toutotou lotèl Bondye’ (6)

  • 27

    • Jewova se yon fòtrès ki pwoteje lavi m

      • Apresyasyon pou tanp Bondye a (4)

      • Menm lè paran nou ta lage nou, Jewova pap lage nou (10)

      • “Met espwa nou nan Jewova” (14)

  • 28

    • Bondye tande priyè salmis la

      • ‘Jewova se fòs mwen ak boukliye m’ (7)

  • 29

    • Vwa Jewova pisan

      • Adore Bondye ak bèl rad ki sakre (2)

      • “Bondye nou an ki gen glwa fè tande vwa l ki tankou loray” (3)

      • Jewova bay pèp li a fòs (11)

  • 30

    • Tristès vin tounen lajwa

      • Favè Bondye se pou lavi (5)

  • 31

    • Pran refij nan Jewova

      • “Mwen remèt lespri m nan men w” (5)

      • “Jewova, Bondye verite a” (5)

      • Bondye gen anpil bonte (19)

  • 32

    • Byennere moun Bondye padone sa li fè ki mal

      • “Mwen te fè w konnen peche m te fè a” (5)

      • Bondye fè nou gen bon konprann (8)

  • 33

    • Louwanj pou Kreyatè a

      • “Chante yon nouvo chante pou li” (3)

      • Kreyasyon an egziste grasa pawòl Jewova ak lespri l (6)

      • Pèp Jewova a byennere (12)

      • Je Jewova ap gade nou (18)

  • 34

    • Jewova delivre sèvitè l yo

      • “Annou fè louwanj pou non li ansanm” (3)

      • Zanj Jewova bay pwoteksyon (7)

      • “Goute e n a wè jan Jewova bon” (8)

      • ‘Pa gen youn nan zo l yo ki kase’ (20)

  • 35

    • Priyè pou jwenn delivrans anba ènmi yo

      • Bondye ap fè ènmi yo ale (5)

      • Louwe Bondye nan mitan gwo foul moun yo (18)

      • Yo rayi l san rezon (19)

  • 36

    • Lanmou fidèl Bondye gen anpil valè

      • Mechan an pa gen lakrentif pou Bondye (1)

      • Bondye se sous lavi a (9)

      • “Se limyè ki soti nan ou ki ban nou limyè” (9)

  • 37

    • Bagay yo ap byen mache pou moun ki fè Jewova konfyans

      • Pinga w fache akoz moun k ap fè mechanste yo (1)

      • “Pran tout plezi w nan Jewova” (4)

      • “Kite Jewova dirije wout ou” (5)

      • “Moun ki gen imilite yo ap posede tè a” (11)

      • Moun ki jis la pap nan mande charite (25)

      • Moun ki jis yo ap viv sou tè a pou toutan (29)

  • 38

    • Priyè yon moun ki repanti k ap soufri

      • “Mwen nan lapenn e mwen kagou anpil” (6)

      • Jewova tande moun k ap tann li yo (15)

      • “Peche m nan t ap boulvèse m anpil” (18)

  • 39

    • Lavi a kout

      • Lòm tankou yon vapè (5, 11)

      • “Pa fè kòmsi w pa wè dlo k ap soti nan je m yo” (12)

  • 40

    • Di Bondye ki san parèy la mèsi

      • Bagay Bondye fè yo twòp pou moun rakonte (5)

      • Se pa sakrifis ki pi enterese Bondye (6)

      • “Mwen pran plezi pou m fè volonte w” (8)

  • 41

    • Priyè yon moun ki kouche malad

      • Bondye ap ede moun ki malad la (3)

      • Bon zanmi l trayi l (9)

  • 42

    • Fè louwanj pou Bondye antanke Gran Sovè a

      • Li anvi sèvi Bondye tankou yon sèf ki anvi bwè dlo (1, 2)

      • “Poukisa m dekouraje konsa a?” (5, 11)

      • “Se pou m ret tann Bondye” (5, 11)

  • 43

    • Bondye se Jij ki bay delivrans lan

      • “Voye limyè w ak verite w” (3)

      • “Poukisa m dekouraje konsa a?” (5)

      • “Se pou m ret tann Bondye” (5)

  • 44

    • Yon priyè pou mande sekou

      • “Se ou menm ki te delivre nou” (7)

      • “Tankou mouton y ap mennen labatwa” (22)

      • “Leve pou w ede nou!” (26)

  • 45

    • Maryaj wa Bondye chwazi a

      • Pawòl nan bouch li bèl (2)

      • “Bondye se twòn ou pou tout tan gen tan” (6)

      • Bote lamarye a atire wa a (11)

      • Pitit gason w yo ap vin prens sou tout tè a (16)

  • 46

    • “Bondye se refij nou”

      • Bagay estrawòdinè Bondye fè (8)

      • Bondye fè pa gen gè ankò sou tout kò tè a (9)

  • 47

    • Bondye se Wa ki gen pouvwa sou tout tè a

      • ‘Jewova bay lakrentif’ (2)

      • Chante louwanj pou Bondye (6, 7)

  • 48

    • Siyon, vil Gran Wa a

      • Li fè tout tè a rejwi (2)

      • Byen egzamine vil la ak fòtrès li (11-13)

  • 49

    • Se moun ki sòt ki met konfyans yo nan richès

      • Pa gen yon moun ki ka delivre yon lòt moun (7, 8)

      • Bondye sove moun anba pouvwa Tonm (15)

      • Richès pa ka delivre moun anba lanmò (16, 17)

  • 50

    • Bondye ap jije ant moun ki fidèl la ak moun ki mechan yo

      • Alyans ak Bondye sou baz yon sakrifis (5)

      • “Se Bondye ki Jij” (6)

      • Tout bèt yo se pou Bondye (10, 11)

      • Bondye denonse moun ki mechan yo (16-21)

  • 51

    • Priyè yon moun ki repanti fè

      • Moun fèt ak peche (5)

      • “Pirifye m anba peche m nan” (7)

      • “Fè kè m vin pwòp” (10)

      • Yon espri ki toumante fè Bondye plezi (17)

  • 52

    • Gen konfyans nan lanmou fidèl Bondye

      • Avètisman pou moun k ap vante tèt yo pou move bagay yo fè (1-5)

      • Moun ki pa kwè nan Bondye met konfyans yo nan richès (7)

  • 53

    • Moun sòt yo

      • “Pa gen Jewova” (1)

      • “Pa gen youn k ap fè sa ki bon” (3)

  • 54

    • Priyè pou mande Bondye èd nan mitan ènmi yo

      • “Se Bondye k ap ede m” (4)

  • 55

    • Priyè lè yon zanmi trayi w

      • Yon bon zanmi vin kont ou (12-14)

      • “Lage chay ou sou Jewova” (22)

  • 56

    • Priyè akoz pèsekisyon

      • “Mwen met konfyans mwen nan Bondye” (4)

      • “Dlo ki sot nan je m yo nan bidon an po w la” (8)

      • “Ki sa yon moun ka fè m?” (4, 11)

  • 57

    • Yon priyè pou mande favè

      • Refij anba zèl Bondye (1)

      • Ènmi yo tonbe nan pyèj yo tann yo (6)

  • 58

    • Gen yon Bondye k ap jije tè a

      • Priyè pou mande Bondye pini mechan yo (6-8)

  • 59

    • Bondye se yon boukliye ak yon refij

      • ‘Pa fè moun trèt yo mizèrikòd’ (5)

      • “M ap chante pou m fè lwanj pou fòs ou” (16)

  • 60

    • Bondye fè ènmi yo soumèt

      • Delivrans nan men lèzòm pa itil anyen (11)

      • “Bondye ap ban nou fòs” (12)

  • 61

    • Bondye se yon fòtrès ki pwoteje nou kont ènmi yo

      • “M ap abite lakay ou” (4)

  • 62

    • Se Bondye ki delivre moun toutbon

      • “Mwen ret ap tann Bondye an silans” (1, 5)

      • ‘Ouvri kè nou bay Bondye’ (8)

      • Lèzòm tankou yon vapè (9)

      • Pa met konfyans nou nan richès (10)

  • 63

    • N ap tann Bondye

      • “Lanmou fidèl ou genyen an pi bon pase lavi” (3)

      • “Mwen satisfè paske m gen pòsyon ki pi bon an” (5)

      • Medite sou Bondye tout lannuit (6)

      • ‘M ap ret kole ak Bondye’ (8)

  • 64

    • Pwoteksyon kont atak ki fèt an kachèt yo

      • “Bondye ap tire sou yo” (7)

  • 65

    • Bondye pran swen tè a

      • “Ou menm ki tande lapriyè” (2)

      • “Byennere moun ou chwazi a” (4)

      • Bondye gen anpil bonte (11)

  • 66

    • Bagay estrawòdinè Bondye fè yo

      • “Vin wè travay Bondye fè yo” (5)

      • “M ap respekte pwomès mwen fè w yo” (13)

      • Bondye tande priyè (18-20)

  • 67

    • Tout moun sou tè a pral gen lakrentif pou Bondye

      • Moun dwe konnen chemen Bondye yo (2)

      • ‘Se pou tout pèp fè louwanj pou Bondye’ (3, 5)

      • “Bondye ap beni nou” (6, 7)

  • 68

    • ‘Se pou Bondye gaye ènmi l yo’

      • “Papa timoun ki pa gen papa yo” (5)

      • Bondye bay moun ki poukont yo yon kay pou yo rete (6)

      • Medam yo ap pwoklame bon nouvèl la (11)

      • Gason kòm kado (18)

      • ‘Jewova pote chay nou pou nou chak jou’ (19)

  • 69

    • Yon priyè pou mande sekou

      • “Lanmou m gen pou kay ou a tankou yon dife k ap boule anndan m” (9)

      • “Reponn mwen vit” (17)

      • “Se vinèg yo te ban m pou m bwè” (21)

  • 70

    • Mande Bondye pou l bay èd li byen vit

      • “Fè vit vin ede m” (5)

  • 71

    • Konfyans moun ki granmoun yo genyen

      • Gen konfyans nan Bondye depi lè nou jèn (5)

      • “Lè mwen fin pèdi fòs” (9)

      • ‘Bondye anseye m depi lè m jèn’ (17)

  • 72

    • Dominasyon wa Bondye tabli a pot lapè

      • “Moun ki jis yo ap vin anpil” (7)

      • Moun l ap dirije yo sot nan yon lanmè rive nan yon lòt lanmè (8)

      • Delivrans anba vyolans (14)

      • Tè a gen pou l chaje ak manje angren (16)

      • Yo louwe non Bondye pou toutan (19)

  • 73

    • Yon sèvitè Bondye retounen wè bagay yo jan Bondye wè yo

      • “Mwen te prèske kite bon chemen an” (2)

      • “Sa te toumante m tout lajounen” (14)

      • ‘Jiskaske m antre nan tanp Bondye a’ (17)

      • Mechan yo sou yon tè ki glise (18)

      • Pwoche bò kote Bondye bon (28)

  • 74

    • Yon priyè pou mande Bondye sonje pèp li a

      • Aksyon Bondye te fè pou l bay delivrans (12-17)

      • “Pa bliye jan ènmi an kontinye pwovoke w” (18)

  • 75

    • Bondye jije avèk jistis

      • Mechan yo ap bwè nan koup Jewova a (8)

  • 76

    • Bondye pot laviktwa sou ènmi Siyon yo

      • Bondye sove malere yo (9)

      • L ap imilye ènmi yo ki awogan (12)

  • 77

    • Yon priyè nan moman detrès

      • Medite sou aksyon Bondye fè yo (11, 12)

      • ‘Kiyès ki gen glwa tankou w, o Bondye?’ (13)

  • 78

    • Bondye gen sousi pou pèp li, Izrayèl manke lafwa

      • Fè jenerasyon k ap vini an konnen (2-8)

      • “Yo pa t gen lafwa nan Bondye” (22)

      • “Manje angren ki te sot nan syèl la” (24)

      • ‘Yo te fè Bondye Izrayèl la lapenn’ (41)

      • Soti nan peyi Ejip pou al nan peyi Bondye te pwomèt la (43-55)

      • “Yo te kontinye pwovoke Bondye” (56)

  • 79

    • Yon priyè konsènan lè nasyon yo te atake pèp Bondye a

      • ‘Yo pale nou mal’ (4)

      • ‘Ede nou poutèt non w’ (9)

      • “Se pou w fè vwazen nou yo peye sèt fwa” (12)

  • 80

    • Bèje Izrayèl la te chèche fè pèp la vin djanm ankò

      • “O Bondye, fè nou vin djanm ankò” (3)

      • Pèp Izrayèl la tankou pye rezen Bondye (8-15)

  • 81

    • Ankourajman pou nou obeyi

      • Nou pa dwe adore lòt dye (9)

      • ‘Si ou te annik koute m sèlman’ (13)

  • 82

    • Fè jijman ki jis

      • Bondye jije nan mitan “dye yo” (1)

      • “Defann malere yo” (3)

      • “Nou se dye” (6)

  • 83

    • Yon priyè lè nou devan ènmi yo

      • “O Bondye, pa ret an silans” (1)

      • Ènmi yo tankou yon touf pikan k ap woule (13)

      • Non Bondye se Jewova (18)

  • 84

    • Gwo anvi pou al nan tabènak Bondye a ki estrawòdinè

      • Yon Levit anvi vin tankou yon zwazo (3)

      • “Yon jou nan lakou w yo” (10)

      • ‘Bondye se yon solèy e li se yon boukliye’ (11)

  • 85

    • Yon priyè pou mande fòs

      • Bondye ap pale konsènan lapè ak sèvitè fidèl li yo (8)

      • Lanmou ak fidelite ap rankontre ansanm (10)

  • 86

    • Pa gen dye ki tankou Jewova

      • Jewova dispoze padone (5)

      • Tout nasyon yo ap adore Jewova (9)

      • “Montre m chemen w yo” (11)

      • “Fè se ak tout kè m mwen gen lakrentif pou non w” (11)

  • 87

    • Siyon, vil vrè Dye a

      • Moun ki fèt nan Siyon yo (4-6)

  • 88

    • Yon priyè pou mande delivrans devan lanmò

      • “Mwen sanlè desann nan Tonm” (3)

      • ‘Chak maten, mwen priye w’ (13)

  • 89

    • Chante konsènan lanmou fidèl Jewova

      • Yon alyans ak David (3)

      • Desandan David la ap rete pou toutan (4)

      • Moun Bondye chwazi a rele Bondye “Papa” (26)

      • Alyans David la sèten (34-37)

      • Moun pa ka chape anba pouvwa Tonm nan (48)

  • 90

    • Bondye la pou toutan e lavi moun kout

      • Mil an tankou se te jounen yè a (4)

      • Moun viv 70 an oswa 80 an (10)

      • “Aprann nou ki jan pou n byen sèvi ak jou nou gen pou n viv yo” (12)

  • 91

    • Pwoteksyon nan kachèt Bondye a

      • Delivrans anba men chasè zwazo a (3)

      • Refij anba zèl Bondye (4)

      • An sekirite menmsi plizyè milye moun tonbe (7)

      • Zanj yo resevwa lòd pou yo bay pwoteksyon (11)

  • 92

    • Jewova nan pozisyon ki pi wo a pou toutan

      • Bagay estrawòdinè li fè yo ak panse pwofon l yo (5)

      • ‘Moun ki jis la ap vin bèl menm jan ak yon pyebwa’ (12)

      • Moun ki granmoun yo ap kontinye bay fwi (14)

  • 93

    • Dominasyon Jewova a estrawòdinè

      • “Jewova vin Wa!” (1)

      • ‘Rapèl ou yo merite pou nou gen konfyans nan yo’ (5)

  • 94

    • Yon priyè pou mande Bondye pou l tire revanj

      • “Pandan konbyen tan mechan yo ap kontinye byen mennen?” (3)

      • Koreksyon Ja bay kè kontan (12)

      • Bondye pap abandone pèp li a (14)

      • “Y ap sèvi ak lalwa pou yo fè moun soufri” (20)

  • 95

    • Vrè adorasyon an mache ak obeyisans

      • “Jodi a, si nou tande vwa l” (7)

      • “Pa fè tèt di” (8)

      • “Yo pap antre nan repo m nan” (11)

  • 96

    • “Chante yon nouvo chante pou Jewova”

      • Jewova vrèman merite pou yo fè louwanj pou li (4)

      • Dye lòt pèp yo san valè (5)

      • Adore Bondye ak bèl rad ki sakre (9)

  • 97

    • Jewova gen plis pouvwa pase lòt dye yo

      • “Jewova vin Wa!” (1)

      • Renmen Jewova, rayi sa ki mal (10)

      • Limyè ki klere pou moun ki jis yo (11)

  • 98

    • Jewova, yon Sovè e yon Jij ki jis

      • Jewova bay delivrans (2, 3)

  • 99

    • Jewova, Wa ki sen an

      • Li chita twòn li anlè cheriben yo (1)

      • Yon Bondye ki konn padone e ki konn pini (8)

  • 100

    • Di Kreyatè a mèsi

      • “Sèvi Jewova ak kè kontan” (2)

      • ‘Se Bondye ki fè nou’ (3)

  • 101

    • Yon chèf ki aji ak fidelite

      • ‘Mwen pap tolere moun ki awogan’ (5)

      • “M ap chèche moun sou tè a ki fidèl” (6)

  • 102

    • Priyè yon moun y ap toupizi ki pèdi espwa

      • “Mwen tankou yon zwazo ki poukont li” (7)

      • “Lavi m tankou yon lonbray k ap disparèt” (11)

      • “Jewova ap rebati Siyon” (16)

      • Jewova ap toujou la (26, 27)

  • 103

    • “M ap louwe Jewova”

      • Bondye mete peche nou yo lwen nou (12)

      • Bondye tankou yon papa ki gen mizèrikòd (13)

      • Bondye sonje se pousyè nou ye (14)

      • Twòn Jewova ak pozisyon l antanke wa (19)

      • Zanj yo fè sa Bondye di (20)

  • 104

    • Fè louwanj pou Bondye pou bagay estrawòdinè li kreye yo

      • Tè a ap la pou toutan (5)

      • Lòm gen diven ak pen (15)

      • “Ala anpil sa w fè yo anpil!” (24)

      • ‘Lè w retire lespri yo, yo mouri’ (29)

  • 105

    • Aksyon Jewova fè pou pèp li a ki montre jan Jewova fidèl

      • Bondye sonje alyans li te fè a (8-10)

      • “Pinga nou manyen moun mwen chwazi yo” (15)

      • Bondye te sèvi ak Jozèf pandan Jozèf te yon esklav (17-22)

      • Mirak Bondye te fè ann Ejip yo (23-36)

      • Pèp Izrayèl la soti kite Ejip (37-39)

      • Bondye sonje pwomès li te fè Abraram nan (42)

  • 106

    • Pèp Izrayèl la pa bay sa Bondye fè pou yo valè

      • Yo bliye sa Bondye fè yo byen rapid (13)

      • Yo bay zidòl yon towo bèf glwa olye yo bay Bondye glwa (19, 20)

      • Yo pa t gen lafwa nan pwomès Bondye te fè a (24)

      • Yo te met ansanm pou yo adore Baal (28)

      • Yo ofri pitit yo kòm sakrifis bay demon (37)

  • 107

    • Di Bondye mèsi pou bèl bagay li kreye yo

      • Li te fè yo mache nan bon chemen an (7)

      • Li bay moun ki swaf yo ak moun ki grangou yo sa yo bezwen (9)

      • Li retire yo nan fènwa (14)

      • Li bay lòd pou yo geri yo (20)

      • Li pwoteje malere yo pou yo pa toupizi yo (41)

  • 108

    • Priyè pou mande laviktwa sou ènmi yo

      • Delivrans nan men lèzòm pa itil anyen (12)

      • “Bondye ap ban nou fòs” (13)

  • 109

    • Priyè yon moun ki nan malè

      • ‘Se pou yon lòt moun pran plas li’ (8)

      • Bondye kanpe bò kot moun ki pòv yo (31)

  • 110

    • Yon wa ki prèt tankou Mèlkisedèk

      • “Al domine nan mitan ènmi w yo” (2)

      • Jèn yo ofri tèt yo e yo tankou gout lawouze (3)

  • 111

    • Fè louwanj pou Jewova pou bagay estrawòdinè li fè yo

      • Non Bondye sen e li merite pou moun respekte l (9)

      • Lakrentif pou Jewova se sa ki sajès (10)

  • 112

    • Yon moun ki jis gen lakrentif pou Jewova

      • Tout bagay mache byen pou moun ki prete lòt moun san grate tèt (5)

      • “Y ap sonje moun ki jis la pou toutan” (6)

      • Moun ki renmen bay la bay moun ki pòv la (9)

  • 113

    • Bondye ki anlè a leve malere a nan pousyè a

      • Y ap fè louwanj pou non Jewova pou toutan (2)

      • Bondye bese (6)

  • 114

    • Pèp Izrayèl la kite peyi Ejip

      • Lanmè a te kouri (5)

      • Mòn yo te ponpe tankou mal mouton (6)

      • Wòch silèks la tounen yon sous dlo (8)

  • 115

    • Se sèl Bondye yo dwe bay glwa

      • Zidòl ki pa gen vi (4-8)

      • Bondye bay lèzòm tè a (16)

      • “Moun mouri pa ka fè louwanj pou Ja” (17)

  • 116

    • Yon chante pou di Bondye mèsi

      • “Ki sa m ka bay Jewova?” (12)

      • ‘M ap bwè nan gode a pou m di Bondye mèsi paske li te sove m’ (13)

      • “M ap respekte pwomès mwen te fè Jewova yo” (14, 18)

      • Lanmò sèvitè fidèl Bondye yo grav anpil nan je l (15)

  • 117

    • Se pou tout nasyon yo louwe Jewova

      • Lanmou fidèl Bondye estrawòdinè (2)

  • 118

    • Di Jewova mèsi pou viktwa li pote a

      • ‘Mwen rele Ja e li reponn mwen’ (5)

      • “Jewova avè m” (6, 7)

      • Wòch moun yo jete a vin tounen wòch prensipal ki nan kwen an (22)

      • ‘Moun k ap vin nan non Jewova a’ (26)

  • 119

    • Apresyasyon pou Pawòl Bondye a

      • ‘Ki jan jèn yo ka mennen yon vi ki pwòp?’ (9)

      • “Mwen renmen rapèl ou yo anpil” (24)

      • “Se pawòl ou ki ban m espwa” (74, 81, 114)

      • “Se pa ti renmen mwen renmen lwa w yo!” (97)

      • “Plis bon konprann pase moun k ap anseye m yo” (99)

      • “Pawòl ou se yon lanp pou pye m” (105)

      • “Se tout pawòl ou nèt ki laverite” (160)

      • Moun ki renmen lwa Bondye yo ap viv nan lapè (165)

  • 120

    • Yon etranje anvi wè gen lapè

      • ‘Sove m anba moun k ap sèvi ak lang yo pou yo twonpe moun’ (2)

      • “Mwen vle lapè” (7)

  • 121

    • Jewova pwoteje pèp li

      • “Se Jewova k ap pote m sekou” (2)

      • Jewova pa janm gen dòmi nan je (3, 4)

  • 122

    • Yon priyè pou ka gen lapè Jerizalèm

      • Lajwa ki genyen lè yon moun al lakay Jewova (1)

      • Yon vil kote konstriksyon yo kole youn ak lòt (3)

  • 123

    • Chèche favè Jewova

      • ‘Tankou sèvitè, nou ret ap gade Jewova’ (2)

      • “Yo meprize nou kont yo” (3)

  • 124

    • “Si Jewova pa t avèk nou”

      • Chape nan pyèj ki kraze (7)

      • ‘Bondye nou an, ki rele Jewova, ap pote nou sekou’ (8)

  • 125

    • Jewova pwoteje pèp li

      • “Menm jan gen mòn ki antoure Jerizalèm” (2)

      • “Se pou gen lapè ann Izrayèl” (5)

  • 126

    • Siyon vin gen kè kontan ankò

      • “Jewova fè gwo bagay” (3)

      • Kè kontan ranplase dlo nan je (5, 6)

  • 127

    • San Bondye, tout sa k fèt se pou granmesi

      • “Si se pa Jewova ki bati kay la” (1)

      • Pitit se yon rekonpans Bondye bay (3)

  • 128

    • Lakrentif pou Jewova bay kè kontan

      • Yon madanm ki tankou yon pye rezen (3)

      • “W ap wè jan sa prale byen pou Jerizalèm” (5)

  • 129

    • Yo atake l men yo pa pot laviktwa sou li

      • Moun ki rayi Siyon yo ap wont (5)

  • 130

    • “Lè bagay yo pa bon menm pou mwen, se ou mwen rele”

      • “Si se erè ou t ap gade” (3)

      • Jewova padone moun toutbon (4)

      • “Kè m cho ap tann Jewova” (6)

  • 131

    • Byen kalm tankou yon timoun ki sevre

      • Mwen pa kouri dèyè twò gwo bagay (1)

  • 132

    • Bondye chwazi David ak Siyon

      • “Pa voye moun ou chwazi a jete” (10)

      • Prèt Siyon yo jwenn delivrans (16)

  • 133

    • Abite ansanm nan tèt ansanm

      • Tankou bon luil yo vide sou tèt Arawon (2)

      • Tankou lawouze ki soti nan Mòn Èmon (3)

  • 134

    • Fè louwanj pou Bondye lannuit

      • “Lè n ap leve men nou pou nou priye, se pou nou sen” (2)

  • 135

    • Fè louwanj pou Ja paske l gen anpil pouvwa

      • Yon seri mèvèy ak mirak nan peyi Ejip (8, 9)

      • “Non w ap la pou toutan” (13)

      • Zidòl ki san vi (15-18)

  • 136

    • Lanmou fidèl Jewova genyen an ap la pou toutan

      • Syèl la ak tè a byen fèt (5, 6)

      • Farawon mouri nan Lanmè Wouj (15)

      • Bondye sonje moun ki tris yo (23)

      • Li bay tout sa k ap viv manje (25)

  • 137

    • Bò rivyè Babilòn yo

      • Yo pa chante okenn nan chante Siyon yo (3, 4)

      • Y ap detwi Babilòn (8)

  • 138

    • Byenke Bondye gran anpil, li gen sousi pou moun

      • ‘Ou te reponn priyè m’ (3)

      • ‘Menm nan mitan danje, ou sove m’ (7)

  • 139

    • Bondye byen konnen sèvitè l yo

      • Pèsonn pa ka kache pou lespri Bondye (7)

      • “Ou fè m yon fason ki estrawòdinè” (14)

      • ‘Ou te wè m lè m te yon anbriyon’ (16)

      • “Gide m nan chemen letènite a” (24)

  • 140

    • Jewova se yon Sovè ki pisan

      • Mechan yo tankou sèpan (3)

      • Moun k ap fè vyolans yo ap tonbe (11)

  • 141

    • Yon priyè pou mande pwoteksyon

      • “Se pou priyè m nan tankou lansan” (2)

      • Koreksyon moun ki jis la bay la tankou luil (5)

      • Mechan yo ap tonbe nan pwòp pyèj yo (10)

  • 142

    • Priyè pou mande delivrans anba pèsekitè yo

      • “Pa gen yon kote mwen ka kouri al kache” (4)

      • “Ou se tout sa m posede” (5)

  • 143

    • Tann Bondye tankou tè sèk k ap tann lapli

      • ‘Mwen reflechi sou tout sa w fè yo’ (5)

      • “Aprann mwen ki jan pou m fè volonte w” (10)

      • ‘Lespri w bon, se pou l gide m’ (10)

  • 144

    • Yon priyè pou mande laviktwa

      • “Ki sa lòm ye?” (3)

      • ‘Se pou ènmi an gaye’ (6)

      • Pèp Jewova a byennere (15)

  • 145

    • Fè louwanj pou Bondye, gran Wa a

      • ‘M ap fè konnen jan Bondye estrawòdinè’ (6)

      • “Jewova bon ak tout moun” (9)

      • “Moun ki fidèl avè w yo ap fè louwanj pou ou” (10)

      • Wayòm Bondye a la pou toutan (13)

      • Bondye ouvri men l pou l bay sa l kreye yo sa yo bezwen (16)

  • 146

    • Met konfyans nan Bondye, pa nan lòm

      • Lè moun mouri, yo sispann panse (4)

      • Bondye leve moun ki koube byen ba yo (8)

  • 147

    • Fè lwanj pou travay Bondye fè ki montre pisans li ak lanmou l

      • Li geri moun kè yo ap fann (3)

      • Li rele tout zetwal yo nan non yo (4)

      • Li kouvri tè a ak nèj tankou yon lenn (16)

  • 148

    • Tout kreyasyon an dwe fè louwanj pou Jewova

      • “Fè louwanj pou li, nou menm zanj li yo” (2)

      • ‘Fè louwanj pou li, nou menm solèy la, lalin nan ak zetwal yo’ (3)

      • Timoun kou granmoun dwe fè louwanj pou Bondye (12, 13)

  • 149

    • Yon chan louwanj pou viktwa Bondye bay

      • Bondye pran plezi nan pèp li a (4)

      • Bondye ap onore moun ki fidèl ak li yo (9)

  • 150

    • Se pou tout sa k ap respire louwe Ja

      • Alelouya! (1, 6)