Jòb 6​:​1-30

  • Jòb reponn (1-30)

    • Li fè konnen li gen rezon kriye (2-6)

    • Konsolatè Jòb yo trèt (15-18)

    • “Lè moun di laverite, sa pa fè pèsonn mal” (25)

6  Epi, Jòb reponn:   “Si yon moun te ka peze soufrans mwen+,E li ta met tout malè m yo nan balans!   Paske, kounye a, yo pi lou pase sab lanmè.Se sa k fè m ap di yon bann vye pawòl*+.   Paske flèch Toupisan an pèse mE m santi pwazon yo antre fon nan tout kò m+.Se Bondye ki atake m, mwen pè anpil.   Èske yon bourik+ ap ranni lè l jwenn zèb?Oubyen èske yon towo bèf ap gwonde lè l jwenn pay?   Èske yon moun ap manje yon manje ki pa gen gou san l pa met sèl ladan l?Oubyen èske blan ze gen gou?   Mwen* refize manyen manje konsa.Yo tankou manje gate.   Mwen ta byen kontan jwenn sa m mande a,Pou Bondye ta fè m jwenn sa m vle a,   Pou Bondye ta deside kraze mE pou l ta lonje men l li touye m+. 10  Paske, menm sa t ap soulaje m,Malgre m kontinye ap soufri, mwen t ap vole anlè tèlman m t ap kontan,Paske m pa t meprize pawòl Sila a ki sen an+. 11  Èske m gen fòs pou m kontinye ret tann+?Ki sa k ap tann mwen pi devan pou m ta kontinye viv toujou? 12  Èske m gen fòs? Èske se yon wòch mwen ye?Oubyen èske m fèt an fè*? 13  Èske gen yon fason m ka ede tèt mwen,Lè yo pote tout sa m gen pou m viv ale lwen mwen? 14  Nenpòt moun ki pa montre lanmou ki fidèl pou moun parèy li+Ap sispann gen lakrentif pou Toupisan an+. 15  Pwòp frè m fè trèt avè m+, tankou dlo k ap koule nan yon ravin lè gen nèj,Tankou dlo nan yon ravin ki vin sèch. 16  Yo gen glas ki tou nwa,Yo plen ak nèj ki fonn. 17  Men, nan sezon chalè, yo vin san dlo e yo fini,Lè l fè cho, yo sèch nèt. 18  Yo koule toupatou,Yo koule al nan dezè, epi yo disparèt. 19  Gwoup moun ki sot Tema yo+ ap chèche yo,Vwayajè ki sot Seba yo+ ap tann yo. 20  Yo wont paske yo pa jwenn sa yo te vin chèche a,Y al lòtbò a pou granmesi. 21  Ebyen, se konsa nou vin ye pou mwen+,Nou wè jan soufrans mwen rèd, e sa fè nou pè+. 22  Èske m te di nou fè m kado kichòy?Oubyen èske m te mande nou pou n ban m yon kado nan richès nou genyen? 23  Èske m te mande nou pou n delivre m anba men yon ènmi,Oubyen pou n sove* m anba moun k ap toupizi m? 24  Di m sa m fè, epi m ap fèmen bouch mwen+.Fè m wè sa m fè ki pa bon. 25  Lè moun di laverite, sa pa fè pèsonn mal+,Men, ki sa kritik n ap fè yo ka itil+? 26  Èske n ap fè konplo pou n kritike sa m di yo,Pawòl yon moun ki sanzespwa+, pawòl van pote ale? 27  Nou ta fè komès ak yon timoun ki san papa tou+,E nou ta vann pwòp zanmi nou+! 28  Kounye a, vire gade m,Paske mwen pap ban nou manti. 29  Tanpri, fè yon ti reflechi, pa pran sa m di a mal,Wi, fè yon ti reflechi, paske m toujou ret fidèl. 30  Èske m di yon bagay ki pa sa ak bouch mwen?Èske nou panse mwen pa konn lè yon bagay pa bon?

Nòt anba paj

Oswa: “bann pawòl san valè; bann pawòl kwochi”.
Oswa: “Nanm mwen”.
Lit.: “kuiv”.
Lit.: “rachte”.