Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason w ka aprann viv ak mwens lajan

Fason w ka aprann viv ak mwens lajan

Èske pwoblèm ekonomik fè l vin difisil pou w pran swen fanmi w? Ekonomi an kapab chanje bridsoukou akoz pandemi, katastwòf natirèl, pwoblèm politik oswa akoz lagè. Menm lè pwoblèm ekonomik ka bay anpil strès, gen kèk bagay pratik nou ka fè selon konsèy saj nou jwenn nan Bib la pou ede n viv ak mwens lajan.

1. Aksepte sitiyasyon w chanje.

Prensip Bib la bay: “Mwen aprann sekrè ki genyen [...] ni nan gen anpil ni nan pa gen anyen.” — Filipyen 4:12.

Menm lè w ap gen mwens lajan pase anvan, ou ka aprann adapte w ak nouvo sitiyasyon w lan. Toutotan ou pi vit aksepte nouvo reyalite sa a, se pi vit ou menm ak fanmi w ap kapab aprann jere l.

Chèche konnen si akoz chanjman sitiyasyon w lan ou vin kalifye pou kèk èd nan men Leta oswa kèk lòt òganizasyon. Fè sa vit, paske souvan pwogram sa yo gen yon dat limit pou moun aplike.

2. Fanmi an dwe kolabore ansanm.

Prensip Bib la bay: “Kote ki pa gen dyalòg, okenn plan pap mache, men, bagay yo mache byen lè gen anpil moun k ap bay konsèy.” — Pwovèb 15:22.

Pale ak moun ou marye avè l la e ak timoun ou yo. Lè gen bonjan kominikasyon, w ap ka ede tout moun nan fanmi an pi byen konprann sitiyasyon an, konsa tout moun ap pare pou yo soutni chanjman ki ka bezwen fèt yo. Lè tout moun kolabore pou yo chèche fè mwens depans e pou yo pa gaspiye, n ap ka pi byen sèvi ak lajan n genyen an.

3. Fè yon bidjè.

Prensip Bib la bay: “Chita anvan pou [w] kalkile konbyen sa ap koute [w].” — Lik 14:28.

Lè w gen mwens lajan pou w viv, li vin pi enpòtan toujou pou w konnen tout sa w fè ak lajan w. Pou w rive fè yon bidjè, toudabò, fè yon lis tout sa w prevwa antre chak mwa selon nouvo sitiyasyon w lan. Apre sa, fè yon lis tout depans ou genyen chak mwa ak lòt depans ou konn abitye fè, menm lè w konnen w ap oblije chanje abitid sa yo. Chak mwa, mete yon kantite kòb sou kote pou depans ou pa t atann oswa pou si ta gen ijans.

Men yon ide: Lè w ap ekri depans ou yo, pa bliye ekri menm ti depans toupiti yo. Ou ka sezi wè kantite kòb ou depanse nan ti bagay sa yo. Pa egzanp, apre yon mesye te fin ekri tout depans li yo, li te rann li kont li depanse plizyè santèn dola chak ane nan achte chiklèt sèlman!

4. Deside ki depans ki pi enpòtan epi fè ajisteman ki nesesè.

Prensip Bib la bay: “Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo.” — Filipyen 1:10.

Konpare depans ou yo ak lajan w gen k ap antre chak mwa epi chèche wè fason w ka elimine oswa redui depans ou yo pou w ka viv selon mwayen w. Egzamine fason w depanse lajan w nan domèn ki vin annapre yo:

  • Transpò. Si w gen plizyè machin, èske w ka vann youn ladan yo? Si w gen yon gwo mak machin, èske w ka vann li epi w achte youn ki koute mwen chè? Oswa, èske w ka vann machin nan epi pran transpò piblik oubyen sèvi ak yon bekàn?

  • Detant. Omwen pou yon ti tan, èske w ka anile abònman kab televizyon an? Oswa, èske w ka jwenn yon lòt opsyon ki koute mwen chè? Pa egzanp, nan kèk peyi gen bibliyotèk ki prete fim oswa liv odyo gratis.

  • Bòdwo. Egzamine ak fanmi w fason n ka redui kantite dlo, kouran ak gaz nou itilize. Lè n etenn limyè e n fè mwens tan ap benyen, sa ka parèt yon ti bagay, men alalong ti abitid sa yo ap ede n redui depans nou yo.

  • Manje. Evite manje nan restoran. Olye de sa, fè manje lakay nou. Planifye manje w ap fè, achte an gwo e fè manje pou plizyè repa si sa posib. Fè yon lis anvan w al achte, konsa ou pap achte sa w pa bezwen. Achte fwi ak legim nan epòk yo, an jeneral yo koute mwen chè. Evite achte manje ki pa bon pou sante w. Epi, chèche wè si l posib pou w fè yon ti jaden.

  • Rad. Achte rad sèlman lè sa nesesè pou w ranplase yon bagay, men se pa pou w ret alamòd. Eseye achte lè magazen yo ap fè rabè oswa achte bagay dezyèm men. Si sa posib, seche rad ou sou liy olye w seche yo nan machin, konsa w ap fè mwens depans.

  • Lòt Depans. Anvan w achte yon bagay, mande tèt ou: ‘Èske m gen mwayen pou m achte l? Èske m bezwen l vre?’ Èske w ka tann anvan w achte kèk nouvo aparèy elektwonik oswa anvan w depanse lajan nan machin? Olye w ap plede achte, èske w ka vann kèk bagay ou pa bezwen oswa ou pa sèvi avè yo ankò? Lè w fè sa, sa ap ede w senplifye lavi w e sa ap pèmèt ou jwenn plis lajan.

Men yon ide: Lè kantite lajan w gen k ap antre a diminye sanzatann, sa ka motive w pou w kanpe sou kèk move abitid tankou fimen sigarèt, tabak, jwe bòlèt oswa bwè bwason ki gen alkòl. Abitid sa yo koute chè e yo pa bon pou sante w. Lè w fè chanjman sa yo, nonsèlman sa ap ede w redui depans ou, men tou sa ap pèmèt ou viv pi byen.

5. Chèche konnen Bondye.

Prensip Bib la bay: “Byennere moun ki pran konsyans yo bezwen Bondye.” — Matye 5:3.

Men youn nan konsèy pratik Bib la bay: “Sajès se yon pwoteksyon, menm jan lajan se yon pwoteksyon. Epi, men avantaj yon moun ki gen konesans genyen: Si l gen sajès, sa ap pwoteje lavi l.” ​(Eklezyas 7:12). Sajès sa a soti nan Bib la. Gen anpil moun ki twouve lè yo aplike konsèy ki nan Bib la, sa ede yo gen mwens strès akoz pwoblèm ekonomik. — Matye 6:31, 32.