Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Matye 6:34 — “Pa janm bay tèt nou pwoblèm pou demen”

Matye 6:34 — “Pa janm bay tèt nou pwoblèm pou demen”

 “Se sa k fè, pa janm bay tèt nou pwoblèm pou demen, paske demen ap gen pwòp pwoblèm pa l. Chak jou gen kont traka pa l.” — Matye 6:34, Tradiksyon monn nouvo a.

 “Se sa ki fè, pa chaje tèt nou pou denmen, paske denmen va gen zafè pa li. Chak jou gen kont chay pa yo.” — Matye 6:34, Bib la.

Sa Matye 6:34 vle di

 Jezi te di pawòl sa yo pou l bay moun ki t ap koute l yo asirans pou yo pa enkyete yo twòp pou pwoblèm yo ka rankontre pi devan. Men, li t ap pi bon pou yo jere pwoblèm nan lè l vini.

 Jezi pa t vle di pou nou pa reflechi oswa pa planifye pou demen (Pwovèb 21:5). Olye de sa, li te ede n pou n pa enkyete nou twòp oswa strese twòp pou sa k ka rive demen. Si n ta fè sa, nou ka pèdi jwa nou e l ka fè n distrè anrapò ak sa n dwe fè. Se pa lè n enkyete nou jodi a n ap ka rezoud pwoblèm demen yo. Souvan, bagay nou enkyete pou yo, konn pa rive vre. E menmsi yo ta rive, yo konn pa pi grav pase sa.

Kontèks Matye 6:34

 Jezi te di pawòl sa yo nan Diskou li te bay sou mòn nan nou jwenn nan Matye chapit 5-7 la. Nan diskou sa a, Jezi te fè konnen se pa lè n enkyete n twòp n ap amelyore oubyen ajoute sou lavi nou (Matye 6:27). Mete sou sa, li te di lè nou mete relasyon nou ak Bondye an premye nan lavi n, nou pap bezwen enkyete n twòp pou demen. Bondye pran swen plant yo ak bèt yo, donk l ap pran swen moun k ap sèvi l yo tou. — Matye 6:25, 26, 28-33.

Li Matye chapit 6 ansanm ak nòt yo ak referans yo.