Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

De tradiktè ki te remete non Bondye nan plas li nan Nouvo Testaman an

De tradiktè ki te remete non Bondye nan plas li nan Nouvo Testaman an

 Priyè Notrepè a, ki se fason Jezi te montre disip li yo pou yo priye, se youn nan premye priyè moun konn aprann. Nou jwenn priyè sa a nan pati nan Bib la moun konn rele Nouvo Testaman an. Men ki jan priyè a kòmanse: “Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen [oswa rekonèt non w sakre].” (Matye 6:9). Epoutan, non Bondye ki se “Jewova” oswa “Yawe” pa toujou parèt nan tradiksyon Nouvo Testaman ann anglè yo. Alòske, tradiksyon sa yo gen non fo dye ladan yo, tankou Zes, Èmès ak Atemis. Kidonk, èske tradiksyon sa yo pa ta dwe gen non vrè Dye a ladan yo tou, li menm ki te fè ekri Bib la? — Travay 14:12; 19:35; 2 Timote 3:16.

Piske nouvo testaman site non plizyè fo dye, èske w pa ta dwe atann ou pou l site non vrè Dye a tou?

 Lancelot Shadwel ak Frederick Parker se de tradiktè Labib ann anglè ki te kwè yo ta dwe remete non Bondye nan Nouvo Testaman an. Poukisa yo te di “remete”? Paske yo te vin konprann non Bondye te nan Nouvo Testaman an okòmansman, men annapre, gen moun ki te retire l. Ki sa k fè yo te panse sa?

 Shadwell ak Parker te konnen non Bondye parèt plizyè milye fwa nan maniskri ki te ekri sitou ann ebre yo moun rele Ansyen Testaman an. Se sa k fè, yo t ap mande tèt yo poukisa Nouvo Testaman an ki disponib jodi a pa t gen non Bondye ladan l. a Anplis de sa, Shadwell te remake lè Nouvo Testaman an site kèk ekspresyon ki te deja parèt nan Ansyen Testaman an, tankou “zanj Jewova a”, moun ki t ap rekopye Nouvo Testaman an an grèk yo te mete mo Kiriyòs la ki vle di “Seyè” nan plas non Bondye. — 2 Wa 1:3, 15; Travay 12:23.

Non Bondye nan lang ebre.

 Menm anvan Shadwell ak Parker te pibliye tradiksyon anglè yo a, gen lòt tradiktè ki te deja remete non Bondye nan tradiksyon anglè Nouvo Testaman yo te fè, men, se kèk kote sèlman yo te remete l. b Anvan 1863, lè Parker te pibliye A Literal Translation of the New Testament, pa t gen lòt tradiktè ann anglè ki te remete non Bondye tout kote sa yo anvan sa nan yon Nouvo Testaman. Ki moun Lancelot Shadwell ak Frederick Parker te ye?

Lancelot Shadwell

 Lancelot Shadwell (1808-1861) te yon avoka e li te pitit Sir Lancelot Shadwell, ki te vis chanselye Angletè. Lancelot Shadwell te yon manm Legliz Angletè a. Aktout li te kwè nan doktrin Trinite a, li te montre li gen respè pou non Bondye, li te di non sa a “JEWOVA gen anpil glwa”. Nan tradiksyon l lan, Evanjil Matye a ak Evanjil Mak la, li mete non “Jewova” 28 fwa nan tèks prensipal la e li mete l 465 fwa nan nòt yo.

 Petèt Shadwell te vin konn non Bondye paske l te wè l nan Ansyen Testaman ki te ekri nan lang ebre a. Li te di moun ki te mete mo Kiriyòs nan plas non Bondye nan tradiksyon grèk Ansyen Testaman an “pa t onèt nan tradiksyon yo te fè a”.

Evanjil Matye a ki tradui ann anglè ki gen nòt, L. Shadwell (1859), se Bodleian Libraries ki bay li. Licensed under CC BY-NC-SA 2.0 UK. Modified: Text highlighted

Tradiksyon Shadwell ki montre Matye 1:20.

 Nan tradiksyon Shadwell te fè a, li te mete non “Jewova” pou premye fwa nan Matye 1:20. Men ki sa nòt li mete pou vèsè sa a di: “Mo [Kiriyòs] la nan vèsè sa a ak nan anpil lòt ankò ki nan N.T. vle di JEWOVA, ki se non Bondye e sa enpòtan anpil pou n remete non sa a nan tradiksyon ki fèt ann anglè yo.” Li te ajoute: “Nou dwe fè sa si nou vle onore Bondye. Se li ki te di li rele JEWOVA e se pi bon bagay nou ka fè lè nou itilize non l lè n ap pale de li.” Apre sa li di: “Nan Labib wa Jak la se raman non Jewova parèt. […] Olye yo mete non Bondye, yo mete pito Seyè.” Shadwell te deklare: “Mo Seyè a […] vrèman pa diy pou sèvi avè l” pou n ranplase non Bondye e l te di tou menm li menm, yo konn rele l Seyè nan peyi l.

“Se [Bondye] ki te di li rele JEWOVA e se pi bon bagay nou ka fè lè nou itilize non l lè n ap pale de li.” — Lancelot Shadwell

 Shadwell te pibliye tradiksyon liv Matye a an 1859 epi an 1861 li te pibliye tradiksyon liv Matye a ak liv Mak la li te fè fè youn. Men, travay li te kanpe la paske li te mouri 11 janvye 1861, li te gen 52 an. Men, tout efò l yo se pa t pou granmesi.

Frederick Parker

 Tradiksyon liv Matye Shadwell te fè a te atire atansyon Frederick Parker, yon biznisman ki te rich nan vil lonn (1804-1888). Frederick Parker te kòmanse tradui Nouvo Testaman an lè l te gen anviwon ventan. Kontrèman ak Shadwell, Parker pat kwè nan trinite. Men sa l te fè konnen se pou tout kretyen “aksepte laverite ak tout kè  [yo] epi adore Jewova, Sila a ki Toupisan an”. Parker te kwè tou lè yo mete Kiriyòs ni pou Seyè Bondye ni pou Seyè Jezi nan maniskri Nouvo testaman an, sa anpeche moun wè diferans ki gen ant yo de a. Li te twouve sa vrèman enteresan lè l te wè nan tradiksyon Shadwell la gen kèk kote yo te mete “Jewova” pou tradui mo Kiriyòs la.

 Ki jan Parker te fè rive konprann pwen sa a? Li te etidye grèk epi l te ekri plizyè liv ak feyè sou gramè lang grèk la. Li te vin manm Enstiti biblik anglè a, yon enstiti ki t ap ankouraje moun fè rechèch nan maniskri Labib yo pou yo te ka rive fè pi bon tradiksyon Labib. An 1842, Parker te kòmanse pibliye premye tradiksyon Nouvo Testaman an, yon tradiksyon li te pibliye an plizyè pati. c

Yon tradiksyon Nouvo Testaman Parker te fè (Heinfetter).

Tout efò Parker te fè pou l remete non Bondye nan plas li

 Pandan plizyè ane, Parker te ekri sou kesyon ki vin annapre yo: “Ki lè mo Kiriyòs la fè referans ak Seyè Jezi, ki lè l fè referans ak Bondye Seyè a?” “Selon règ gramè yo, poukisa souvan yo itilize mo Kiriyòs la kòm yon non men se pa kòm yon tit?”

 Lè Parker te wè tradiksyon liv Matye a ak kòmantè sou mo Kiriyòs Shadwell te fè an 1859 la, li te gen konviksyon gen kèk kote lè y ap tradui mo Kiriyòs “se Jewova pou yo mete”. Se sa k fè li te revize tout tradiksyon Nouvo Testaman li te fè a pou l te mete “Jewova” tout kote li kwè kontèks la oswa règ gramè grèk la te mande sa. Konsa, tradiksyon Parker te fè an 1863 a (A Literal Translation of the New Testament) gen non Bondye ladan l 187 fwa. Sanble se premye tradiksyon Labib ann anglè ki itilize non Bondye nan tout Ekriti grèk yo. d

Paj tit tradiksyon Nouvo Testaman Parker te fè an 1864 la.

 An 1864, Parker te pibliye yon tradiksyon ann anglè ki rele A Collation of an English Version of the New Testament. . . With the Authorized English Version. Rezon ki fè l te mete de vèsyon Nouvo Testaman ansanm se te pou l montre ki kote diferans ant tradiksyon pa l la ak lòt la parèt. e

 Pou l montre enpòtans sa genyen pou l te remete non Bondye nan plas li, li te pran kèk vèsè nan Authorized Version nan. Youn nan vèsè yo se te Women 10:13, men sa l di: “Nenpòt moun ki rele non Seyè a gen pou l jwenn delivrans.” Parker te poze kesyon sa a: “Lè yon moun li vèsè sa yo nan Authorized English Version nan, èske l ap panse se de Jewova y ap pale, se pa de Pitit la, Jezi Kris Seyè nou an?”

Women 10:13 nan Labib Wa Jak (anglè) (anwo) ak tradiksyon Parker te fè an 1864 la.

 Parker te depanse plizyè milye liv stèleng, sa ki te yon gwo kantite lajan nan epòk la, pou l te ka pibliye epi fè moun konn feyè l yo ak tout lòt travay li te fè yo. Nan ennan sèlman, li te depanse 800 liv stèleng, sa ki egal kounye a a plis pase 100,000 liv stèleng (132,000 dola ameriken). Epitou, li te voye plizyè nan piblikasyon l yo bay moun ki te nan gwo pozisyon nan legliz la pou yo te ka wè travay li a.

 Yo pa t pibliye anpil nan tradiksyon Nouvo Testaman Parker te fè a e gen kèk biblis ki te pase tradiksyon sa a ak lòt sa l te ekri yo nan rizib. Sa yo te fè a montre gwo efò Parker, Shadwell ak lòt moun te fè pou yo te remete non Bondye nan tradiksyon Nouvo Testaman ann anglè a pa t gen enpòtans pou yo.

 Videyo sa a ki dire 10 minit ki gen anpil enfòmasyon te ka enterese w tou: Mize ki Wòwik yo: “Bib la ak non Bondye.

a “Ja,” se yon fòm ki kout pou “Jewova”, nou jwenn li nan Revelasyon 19:1, 3, 4, 6 nan ekspresyon “Alelouya” a ki vle di “nou menm pèp louye Ja!”

b Shadwell pa t rive tradui tout Nouvo Testaman an. Nan tradiksyon Nouvo Testaman li te pibliye a, gen pati se lòt tradiktè tankou Philip Doddridge, Edward Harwood, William Newcome, Edgar Taylor ak Gilbert Wakefield ki te fè yo.

c Pou Parker pa t melanje biznis li ak travay li t ap fè antanke biblis, li te bay tèt li non Herman Heinfetter pou l mete sou tradiksyon Labib li yo ak lòt bagay li t ap ekri ki konsène relijyon. Non sa a parèt plizyè fwa nan apendis ki nan Labib — Tradiksyon monn nouvo a.

d An 1864, Parker te pibliye yon tradiksyon Nouvo Testaman ann anglè (An English Version of the New Testament ) ki te itilize non Bondye 186 fwa.

e Anvan tradiksyon Parker a, gen plizyè tradiksyon Nouvo Testaman yo te fè nan lang ebre ki te gen non Jewova nan plizyè vèsè. Epitou, an 1795, Johann Jakob Stolz te pibliye yon tradiksyon nan lang alman kote l te itilize non Bondye plis pase 90 fwa soti nan liv Matye a pou rive nan liv Jid la.