Al gade sa k anndan l

Èske Temwen Jewova yo fè sèvis misyonè?

Èske Temwen Jewova yo fè sèvis misyonè?

 Wi. Kèlkeswa kote y ap viv, tout Temwen Jewova fè sa yo kapab pou yo gen etadespri misyonè. Nou pataje lafwa nou ak moun nou rankontre yo. — Matye 28:19, 20.

 Anplis de sa, anpil Temwen al nan zòn nan peyi pa yo kote gen moun ki vle tande bon nouvèl ki sot nan Bib la. Gen lòt Temwen ki al nan yon peyi etranje pou yo ka preche plis. Yo kontan paske yo patisipe nan akonplisman pwofesi Jezi te bay ki di: “Nou pral sèvi m temwen [...] rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a.” — Travay 1:8.

 Nan ane 1943, nou te mete sou pye yon lekòl pou bay misyonè nou yo yon fòmasyon espesyal. Depi lè sa, gen plis pase 8 000 Temwen ki asiste lekòl sa a. Yo rele lekòl sa a: Lekòl Gileyad.