Al gade sa k anndan l

Èske Temwen Jewova yo kwè nan Ansyen Testaman an?

Èske Temwen Jewova yo kwè nan Ansyen Testaman an?

 Wi. Temwen Jewova yo kwè ‘se Bondye ki enspire tout Bib la e li itil’. (2 Timote 3:16.) Sa gen ladan l ni Ansyen Testaman an ni Nouvo Testaman an, jan anpil moun rele yo. An jeneral, lè Temwen Jewova yo ap pale de pati sa yo nan Bib la, yo di liv ki te ekri ann ebre yo ak liv ki te ekri an grèk yo. Konsa, yo evite fè moun panse gen kèk pati nan Bib la ki pa alamòd oubyen ki pa enpòtan.

Poukisa ni Ansyen Testaman an ni Nouvo Testaman an enpòtan pou kretyen yo?

 Men sa Bondye te enspire apot Pòl pou l ekri: “Tout bagay ki te ekri nan tan lontan, yo te ekri yo pou enstriksyon nou.” (Women 15:4). Donk, liv ki te ekri ann Ebre yo gen enfòmasyon ki enpòtan ladan yo. Anplis de sa, liv sa yo gen istwa ki ka ede nou ak konsèy ki itil nou.

  •   Istwa ki ka ede nou. Liv ki te ekri ann ebre yo bay detay sou istwa kreyasyon an ak sou kòman limanite te fè tonbe nan peche. San enfòmasyon sa yo, nou pa t ap janm jwenn repons ki satisfè nou pou kesyon tankou: Ki kote nou soti? Poukisa nou mouri (Jenèz 2:7, 17)? Anplis de sa, liv ki te ekri ann ebre yo fè nou konnen fason Jewova te konn boule ak moun ki te konn jwenn lajwa nan lavi yo e ki te konn rankontre pwoblèm ki sanble ak pa nou jodi a. — Jak 5:17.

  •   Konsèy ki itil nou. Liv Pwovèb la ak liv Eklezyas la se de liv ki fè pati liv ki te ekri ann ebre yo. Konsèy ki nan liv sa yo toujou itil nou. Yo bay konsèy sou fason pou nou gen yon lavi fanmi ki bay kè kontan (Pwovèb 15:17), sou fason pou nou gen yon pwennvi ekilibre sou travay (Pwovèb 10:4; Eklezyas 4:6), ak sou fason jèn yo ka byen sèvi ak lavi yo (Eklezyas 11:9–12:1).

 Anplis de sa, nou ka jwenn byenfè lè nou egzamine lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la ki nan Tora a (senk premye liv ki nan Bib la). Menmsi li pa nesesè pou kretyen yo aplike lwa sa a, men li gen bonjan prensip ki ka ede nou mennen yon lavi ki bay kè kontan. — Levitik 19:18; Detewonòm 6:5-7.