Al gade sa k anndan l

Èske Temwen Jewova yo dakò ak doktrin kreyasyonis lan?

Èske Temwen Jewova yo dakò ak doktrin kreyasyonis lan?

 Non. Temwen Jewova yo kwè Bondye te kreye tout bagay. Men, nou pa dakò ak doktrin kreyasyonis lan. Poukisa? Se paske anpil ide nan kwayans sa a an kontradiksyon ak sa Labib di. Ann egzamine de egzanp ki montre sa.

  1.   Konbyen tan sis jou kreyasyon an te dire? Moun ki kwè nan doktrin sa a, panse chak jou sa yo te dire vennkatrèdtan. Men, nan Bib la, mo “jou” a ka gen rapò ak yon bon valè tan. — Jenèz 2:4; Sòm 90:4.

  2.   Konbyen tan tè a genyen depi l egziste? Moun ki kwè nan doktrin sa a, anseye tè a gen sèlman kèk milye ane depi l egziste. Sepandan, dapre sa Bib la fè konnen, tè a ak linivè a te egziste anvan sis jou kreyasyon yo (Jenèz 1:1). Se pou rezon sa a, Temwen Jewova yo pa gen okenn pwoblèm ak bonjan prèv syantifik yo bay ki montre tè a ka gen plizyè milya ane depi li egziste.

 Piske Temwen Jewova yo kwè Bondye te kreye tout bagay, nou pa gen anyen kont lasyans. Nou kwè bonjan prèv lasyans bay mache men nan men ak sa nou jwenn nan Bib la.