Al gade sa k anndan l

Yon tanpèt ki te pote bon nouvèl

Yon tanpèt ki te pote bon nouvèl

 An 2017, 12 Temwen Jewova te fè yon vwayaj nan bato soti nan zòn Miskito ki nan peyi Nikaragwa. Bato yo te sou li a te rele Sturi Yamni. Men sa Stephen, youn nan Temwen yo ki te fè pati ekip ki nan bato a, di: “Objektif nou se te pou n ankouraje yon ti gwoup Temwen k ap viv nan yon zòn izole e pou n te ede yo preche bon nouvèl la nan tèritwa yo a ki gwo anpil.”

 Douz Temwen yo te kite Pearl Lagoon pou yo ale Rio Grande de Matagalpa, yon vwayaj ki anviwon 200 kilomèt. Temwen yo pa t konnen non bato yo a, ki vle di “Bon Nouvèl” nan lang Miskito, t ap rive gen yon siyifikasyon espesyal pou moun ki t ap viv nan zòn rivyè a. Apre anviwon 12 èdtan ap vwayaje, san konte yon nuit yo te fè ap repoze, Temwen yo te resi rive La Cruz de Rio Grande. Sis Temwen yo ki t ap viv nan zòn nan te kontan akeyi frè ak sè yo.

 Pandan nuit la yon gwo malè te frape. Yon gwo tanpèt te fè gen anpil lapli nan tèt rivyè Rio Grande de Matagalpa a. Sa te pran sèlman kèk èdtan pou rivyè a monte jiskaske l debòde e dlo a te kontinye monte pandan de jou ankò. Sal Wayòm nan ak plizyè lòt kay nan La Cruz te inonde. Frè ki t ap vizite yo te ede moun nan zòn nan kite kay yo. Pifò moun sa yo te pase de nuit annapre yo nan yon kay a etaj ki pou yon Temwen.

Sal Wayòm La Cruz la ki inonde.

 Sou twazyèm nuit la, majistra vil La Cruz la t al mande Temwen ki t ap vizite yo èd. Nan tout bato yo te genyen nan zòn nan, se sèl Sturi Yamni an ki te solid ase pou l vwayaje sou gwo dlo konsa. Majistra a te mande ekip ki nan bato a si yo t ap dakò mennen yon gwoup pou al pote sekou nan lòt zòn ki te afekte yo pi ba sou bò rivyè a. Temwen yo te kontan ede.

 Nan demen maten, twa nan Temwen yo te pran bato a pou yo mennen ekip ki t apral pote sekou a. Men sa Stephen di: “Lè sa a rivyè a te move anpil. Te gen gwo pyebwa ak tout rasin yo nan rivyè a, te gen plizyè gwo antonwa e rivyè a t ap desann ak yon vitès ki te plis pase 18 kilomèt alè.” Aktout sa, bato a te rive vwayaje al nan twa zòn diferan pou yo pote èd.

 Temwen yo te sèvi ak opòtinite sa a pou yo bay moun nan vilaj yo bonjan rekonfò yo te bezwen. Epitou, Temwen yo te distribye kèk kopi Reveye n! 2017 ki te byen apwopriye pou moman an ki gen tit: “Kèk konsèy ki ka sove lavi nou lè gen katastwòf.”

 Moun ki t ap viv nan zòn sa yo te vrèman kontan resevwa bonjan èd pratik ak èd espirityèl Temwen yo te bay. Men sa kèk moun nan vilaj yo te di: “Yo dispoze ede lè gen malè.” Gen lòt moun ki te di: “Yo vrèman gen lanmou pou pwochen yo.” Piske yo te wè jan Temwen yo fè gwo efò pou ede yo, anpil moun nan vilaj sa yo pi byen dispoze koute mesaj rekonfò ki nan Bib la apre evènman sa a.

Marco, youn nan Temwen yo ki fè pati ekip la, ap desann bato ki rele Sturi Yamni an pou l al preche moun ki nan vilaj yo bon nouvèl la.

Sturi Yamni an ki fè eskal nan yon vilaj ki inonde.