Al gade sa k anndan l

LABIB CHANJE LAVI MOUN

Mwen jwenn vrè richès la

Mwen jwenn vrè richès la
  • Ane li fèt: 1968

  • Peyi kote li soti: Etazini

  • Anvan: Yon gwo biznismann ki te priye pou l vin rich

VI MWEN T AP MENNEN

 Mwen te leve nan vil Rochester nan Nouyòk, mwen te grandi nan relijyon Katolik. Paran m yo te separe lè m te gen uit an. Lasemèn mwen te avèk manman m nan yon apatman pou moun ki pa t gen gwo mwayen e nan wikenn mwen te avèk papa m nan yon katye kote moun yo gen plis mwayen. Lè m te wè jan manman m te oblije travay di pou l leve sis timoun, m te anvi vin rich pou m ka ede fanmi m.

 Papa m te vle m reyisi nan lavi se sa k fè li te planifye pou m al vizite yon lekòl moun rekonèt pou m aprann dirije otèl. Mwen te renmen lekòl la e m te enskri paske m te panse se Bondye ki t ap reponn priyè m nan pou m vin rich e pou m jwenn kè kontan. Mwen te etidye jesyon, dwa ak finans pandan senk an e anmenmtan m t ap travay nan yon otèl kote moun al jwe aza nan vil Las Vegas ki nan eta Nevada.

Travay mwen te mande pou m fè moun rich ki vin jwe aza yo jwenn tout sa yo bezwen.

 Lè m te gen 22 an, m te vin adjwen vis prezidan yon otèl. Lòt moun te konsidere m kòm yon moun ki reyisi nan lavi e ki rich. M te konn manje bon manje e m te konn bwè bon diven ak likè ki chè anpil. Zanmi travay mwen yo te konn di m: “Ret konsantre sou sa ki pi enpòtan nan lavi a, sa vle di lajan.” Pou zanmi sa yo, se lajan ki fè moun jwenn vrè kè kontan an.

 Travay mwen te mande pou m asire moun rich ki vin jwe aza nan Las Vegas yo te jwenn tout sa yo bezwen. Men, menm lè yo te rich, sanble yo pa t gen kè kontan. Mwen menm tou, m te kòmanse santi m pa gen kè kontan. Anfèt, tank m te fè plis lajan se plis m te santi m gen enkyetid e se plis mwen pa t ka dòmi leswa. M te kòmanse reflechi si m ta dwe touye tèt mwen. M te santi m dekouraje ak lavi se sa k fè m te priye Bondye pou m mande l: “Ki kote m ka jwenn vrè kè kontan an?”

FASON LABIB CHANJE LAVI M

 Nan anviwon menm moman sa a, de nan sè m yo ki te vin Temwen Jewova te demenaje e yo te vin rete nan vil Las Vegas. Menm lè m pa t dakò pran piblikasyon yo, m te dakò li nan Bib mwen an avèk yo. Nan tradiksyon Bib mwen an, tout sa Jezi te di te ekri an wouj. Piske m te aksepte tout sa Jezi te di yo, sè m yo te plis pale avè m sou Jezi. Mwen te konn li Bib la poukont mwen tou.

 Gen anpil bagay m te sezi wè nan Bib la. Pa egzanp, Jezi di: “Lè w’ap lapriyè, pa plede repete yon bann pawòl pou gremesi. Se konsa moun lòt nasyon yo fè. Yo mete nan tèt yo Bondye va tande yo si yo pale anpil.” ​(Matye 6:7, Bib la). Men, gen yon prèt ki te ban m yon foto Jezi e l te di m si m repete dis Nòtrepè ak dis manman Mari bay foto a, Bondye t ap ban m nenpòt lajan m bezwen. Men, lè m ap repete menm pawòl yo, èske se pa yon bann pawòl pou granmesi m t ap di? Epitou, m te li kote Jezi te di: “Pa rele pesonn sou latè papa, paske nou gen yon sèl papa: sa ki nan syèl la.” ​(Matye 23:9, Bib la). Donk, m te di tèt mwen: “Poukisa mwen menm ak Katolik parèy mwen yo nou rele prèt nou yo ‘Monpè’?”

 Se lè m te li liv Jak la m te vrèman kòmanse reflechi ak sa m t ap fè ak lavi m. Nan chapit 4 la, Jak di: “Eske nou pa konnen lè nou zanmi lemonn, se lènmi Bondye nou ye! Moun ki vle zanmi lemonn, li vin lènmi Bondye.” ​(Jak 4:4, Bib la). Vèsè 17 la te atire atansyon m plis toujou, men sa l di: “Moun ki pa fè byen li konnen li gen pou l’ fè a, li fè peche.” M te rele sè m yo pou m di yo m deside kite travay mwen nan otèl la paske travay la te mande pou m patisipe nan bagay m pa t dakò fè ankò, bagay tankou jwe aza ak chèche vin rich.

“Se lè mwen te li liv Jak la mwen te vrèman kòmanse reflechi ak sa m ap fè ak lavi m.”

 M te vle vin gen yon pi bon relasyon ak Bondye, ak manman m ak papa m e ak frè ak sè m yo. Donk, m te deside senplifye lavi m konsa m t ap gen plis tan pou m travay sou relasyon sa yo. Men, li pa t fasil pou m fè chanjman yo. Pa egzanp, m te jwenn plizyè bèl òf pou m gen pi gwo pozisyon nan otèl la sa ki t ap fè m touche de oswa twa fwa sa m te konn touche a. Men, m te priye sou sa e m te deside se pa t sa m te vle nan lavi. M te kite travay mwen, m t al viv nan yon ti espas lakay manman m e m te kòmanse yon ti biznis kouvri meni restoran ak plastik.

 Menm lè Bib la t ap ede m pran pi bon desizyon nan lavi m, m te toujou refize al nan reyinyon Temwen Jewova yo. Sè m yo te mande m rezon ki fè m pa t renmen Temwen yo. M te di yo: “Se paske Bondye nou an, Jewova, kreye divizyon nan fanmi yo. Sèl lè m gen tan pou m pase ak fanmi an se lè n selebre fèt nwèl ak lè n selebre anivèsè nesans e nou pa selebre fèt sa yo.” Youn nan sè m yo te kòmanse kriye e l te mande m: “Bon, ki kote w ye lòt jou yo nan ane a? Nou vle pase tan avè w nenpòt ki lè. Men, se jou fèt sa yo sèlman ou vle pase tan avè n e se sèlman paske w santi w oblije fè sa nan jou sa yo.” Pawòl li yo te touche kè m e m te kòmanse kriye avè l.

 Lè m te rann mwen kont jan Temwen Jewova yo renmen fanmi yo, e m te rann mwen kont m te mal konprann yo, m te deside asiste yon reyinyon nan yon Sal Wayòm ki toupre m. Se la m te rankontre Kevin, yon anseyan Labib ki gen anpil eksperyans e li te kòmanse etidye Labib avè m.

 Kevin ak madanm li te viv yon fason ki senp e ki ekilibre, konsa yo te ka gen plis tan posib pou yo ede lòt moun konprann Bib la. Yo te fè ase lajan pou yo vwayaje al ann Afrik ak ann Amerik santral pou y al ede bati filyal Temwen Jewova yo. Yo te gen anpil kè kontan e yo te renmen youn lòt. M te di tèt mwen: “Se konsa m ta renmen viv tou.”

 Kevin te montre m yon videyo sou lajwa ki genyen lè yon moun sèvi kòm misyonè, e m te deside se sa m te vle fè ak lavi m. An 1995, apre m te fin etidye Bib la anpil pandan sis mwa, m te batize antanke Temwen Jewova. Olye m te priye Bondye pou l fè m vin rich, men sa m te mande l: “Pa fè m ni pòv ni rich.” — Pwovèb 30:8.

BYENFÈ MWEN JWENN

 Kounye a, mwen vrèman rich, pa nan domèn ekonomik men nan domèn espirityèl. M te rankontre Nuria, bèl ti madanm mwen an, nan Ondiras e nou te sèvi kòm misyonè nan peyi Panama ak nan Meksik. Sa Bib la di a se laverite: “Se benediksyon Jewova bay ki fè moun rich”! — Pwovèb 10:22.