Al gade sa k anndan l

LABIB CHANJE LAVI MOUN

“Karate se bagay m te pi renmen nan lavi a”

“Karate se bagay m te pi renmen nan lavi a”
  • Ane li fèt: 1962

  • Peyi kote li soti: Etazini

  • Anvan: Li te renmen fè karate anpil

VI MWEN T AP MENNEN

 Mwen te fè moun m t ap goumen avè l la plis mal pase sa m te atann. San m pa fè espre, m te ba l yon kout pye nan nen. M te santi m koupab e m te kòmanse mande tèt mwen si m ta dwe kontinye fè karate. Sa k fè erè sa a te pouse m reflechi sou kite yon spò m te renmen anpil, yon spò m te pase plizyè ane ap fè? Toudabò, ban m esplike rezon ki fè mwen te kòmanse fè karate.

 M te leve toupre Buffalo, yon vil nan eta Nouyòk, Ozetazini, nan yon fanmi ki gen kè kontan. Nou te Katolik devwe. M te nan yon lekòl katolik e m te anfannkè. Paran m te vle pou mwen menm ak gran sè m nan reyisi nan lavi a. Donk, yo te kite nou fè spò apre lekòl e yo te kite nou gen yon ti travay amitan, depi nou te kontinye fè bon nòt lekòl. Sa te ede m vin yon moun responsab depi lè m jèn.

 Lè m te gen 17 an, m te kòmanse aprann fè karate. Pandan plizyè ane, m te konn antrene twazèdtan pa jou, sis jou pa semèn. Epitou, chak semèn m te konn pase plizyè èdtan ap reflechi sou teknik yo e m te konn gade videyo pou m ka vin pi fò. M te renmen antrene avèk de je m mare, m te menm renmen fè sa lè mwen t ap antrene ak zam. Avèk yon sèl kou ak men m, mwen te ka fè planch ak brik fè de bout. M te konn fè karate byen e m te genyen plizyè twofe nan konpetisyon. Karate te vin bagay ki pi enpòtan nan lavi m.

 M te panse m reyisi nan lavi a. Lè m te gradye inivèsite, m te pami premye nan klas mwen. M te travay pou yon gwo konpayi antanke enjenyè nan domèn enfòmatik. M te byen pwofite tout avantaj travay la te ofri yo, m te achte kay mwen e m te gen yon menaj. Sanble lavi m te bèl, men m pa t santi m gen kè kontan paske m pa t rive jwenn repons kèk kesyon enpòtan m te konn poze tèt mwen.

FASON LABIB CHANJE LAVI M

 Pou m te ka jwenn repons kesyon mwen yo, m te kòmanse ale legliz de fwa pa semèn e m te kòmanse priye Bondye pou l ede m. Yon konvèsasyon ak yon zanmi te chanje lavi m. M te mande zanmi m nan: “Tèlman gen pwoblèm ak enjistis nan monn nan, èske w janm reflechi sou rezon ki fè n ap viv?” Li te di m li te konn poze tèt li kesyon konsa tou e l te santi l vrèman satisfè ak repons li te jwenn nan Bib la. Li te ban m yon liv ki gen tit: Vous pouvez vivre éternellement sur une terre qui deviendra un paradis. a Li te di m li t ap etidye Labib ak Temwen Jewova yo. Okòmansman, m te yon ti jan renka paske m te panse m pa ta dwe li piblikasyon lòt relijyon. Men, piske m te vle jwenn repons kesyon m yo, sa te pouse m li liv la pou m wè si sa Temwen yo t ap anseye yo te fè sans.

 M te kontan aprann sa Labib anseye toutbonvre. M te aprann objektif Bondye depi okòmansman se pou moun viv nan yon paradi sou tè a e objektif sa a pa chanje (Jenèz 1:28). M te sezi wè non Bondye, ki se Jewova, nan tradiksyon Labib Wa Jak (anglè) mwen an. E m te sezi aprann se pou non sa a m t ap priye lè m te konn repete Nòtrepè a (Sòm 83:18; Matye 6:9). Epitou, m te resi konprann rezon ki fè Bondye te pèmèt soufrans pou yon tan. Tout sa m t ap aprann yo te vrèman fè sans. Se pa ti kontan m te kontan!

 M pap janm bliye jan mwen te santi m lè m te kòmanse asiste reyinyon Temwen Jewova yo. Tout moun te vin salye m e yo te vle konnen non m. Premye reyinyon mwen te asiste a, yo te bay yon diskou ki esplike ki kalite priyè Bondye koute. Tèm diskou sa a te enterese m paske m t ap priye Bondye pou l ede m. Apre sa, m te asiste Memoryal lanmò Jezi a. Nan reyinyon sa yo, m te sezi wè menm timoun yo t ap suiv e yo t ap chèche vèsè yo nan pwòp Bib pa yo. Okòmansman, m pa t konn ki jan pou m chèche vèsè yo, men frè ak sè yo te ede m e yo te aprann mwen fason pou m sèvi ak Bib la.

 Tank m t ap asiste reyinyon yo se plis m te apresye bonjan ansèyman m te jwenn nan reyinyon sa yo. M te aprann anpil nan chak reyinyon e apre m te fin asiste yon reyinyon, m te toujou santi m ankouraje. Apre yon tan, youn nan Temwen yo te ofri pou l etidye Bib la avè m.

 M te wè fason Temwen Jewova yo aji diferan nèt ak sa m te abitye wè nan legliz mwen an. Pou mwen, Temwen yo se yon gwoup moun ki sensè e ki gen tèt ansanm k ap fè tout sa yo kapab pou yo fè Bondye plezi. M te vin rann mwen kont yo demontre mak vrè kretyen yo, ki se lanmou, nan mitan yo. — Jan 13:35.

 Tank m t ap etidye Labib, se plis chanjman m te fè nan lavi m pou m viv ann amoni ak prensip ki nan Bib la. Men, m te panse m pa t ap janm ka sispann fè karate. M te renmen antrene e m te renmen al nan konpetisyon. Lè m te di Temwen ki t ap etidye Labib avè m nan sa, avèk jantiyès li te ban m asirans, li te di m: “Kontinye fè etid la e m konnen w ap rive pran bon desizyon an.” Se sa menm m te bezwen tande. Tank m t ap kontinye ak etid la se plis m te vle fè Jewova Dye plezi.

 Yon bagay ki te ede m fè chanjman se sa m te esplike okòmansman an, lè m te frape moun m t ap goumen avè l la nan nen san m pa t fè espre. Sa k te pase a te ede m reflechi si li t ap posib pou m vin yon disip Kris k ap fè lapè e pou m ta kontinye fè karate anmenmtan. M te aprann sa Ezayi 2:3, 4 di ki pral rive tout moun k ap suiv enstriksyon Jewova yo. Vèsè a di: “Yo pap aprann fè lagè ankò.” Epitou, Jezi te aprann moun yo pou yo pa fè vyolans menm lè yo t ap fè fas ak enjistis (Matye 26:52). Donk, m te sispann fè spò m te renmen anpil la.

 Apre sa, m te suiv konsèy Bib la bay: “Fè antrènman nan objektif pou w gen atachman pou Bondye.” ​(1 Timote 4:7). Tout tan ak enèji m te konn depanse nan fè karate yo, kounye a, m itilize yo pou m chèche vin pi pwòch ak Bondye e pou m sèvi l. Menaj mwen an pa t dakò ak sa m t ap aprann nan Bib la donk, nou te kite sa. M te batize antanke Temwen Jewova jou ki te 24 janvye 1987 la. Yon ti tan annapre, m te kòmanse sèvi kòm minis aplentan, konsa m te ofri tèt mwen pou m aprann lòt moun sa Bib la di. Depi lè sa a, m kontinye nan sèvis aplentan, m te menm sèvi pou yon tan nan syèj mondyal Temwen Jewova yo nan Nouyòk, Ozetazini.

BYENFÈ MWEN JWENN

 Kounye a, lefètke m konnen laverite sou Bondye, m santi m jwenn sa k te manke nan lavi m. M pa santi m vid ankò. Olye de sa, m gen bonjan objektif nan lavi a, m gen yon bèl esperans alavni e m santi m kontan toutbonvre. M toujou renmen fè egzèsis regilyèman, men se pa egzèsis fizik ki pi enpòtan nan lavi m ankò. Kounye a, sa k pi enpòtan nan lavi m se sèvi Jewova Dye.

 Lè m te konn fè karate, m te toujou ap veye moun ki toutotou m yo paske m te toujou ap reflechi sou fason pou m ta defann tèt mwen sizoka yon moun te atake m. Jodi a, m toujou veye moun ki toutotou m yo, men se pou yon lòt rezon, se pou m ede yo. Bib la ede m vin yon moun ki renmen bay e l ede m vin yon pi bon mari pou bèl ti madanm mwen an ki rele Brenda.

 Karate se bagay m te pi renmen nan lavi a. Men, kounye a, m ranplase l ak yon lòt bagay ki pi bon toujou. Bib la byen esplike sa. Men sa l di: “An reyalite, fè egzèsis fizik itil pou yon tikras bagay. Men, atachman pou Bondye itil pou tout bagay, piske li gen pwomès ni pou lavi kounye a, ni pou lavi k ap vini an.” — 1 Timote 4:8.

a Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a, men yo pa enprime l ankò.