Al gade sa k anndan l

Yo preche arebò rivyè Xingu

Yo preche arebò rivyè Xingu

Nan kòmansman mwa jiyè 2013, gen yon gwoup 28 Temwen Jewova nan peyi Brezil ki te kite zòn São Félix do Xingu pou y al nan tèritwa endyen ki rele Cayapo ak Yuruna. Yo te navige sou rivyè Xingu a k ap koule sou yon distans 2 092 kilomèt nan direksyon nò pou l al tonbe nan rivyè Amazòn nan sou yon bato ki mezire 15 mèt longè.

Gwoup la te fè vwayaj sa a pou y al preche moun ki abite nan vilaj ki arebò rivyè a mesaj Wayòm Bondye a. Nan twazyèm jou a, gwoup la te rive nan vilaj Kokraimoro a. Moun nan vilaj la te byen kontan akeyi vizitè yo. Gen yon dam yo te rankontre ki t ap fè yon pakèt jès. Moun ki t ap gide frè yo te esplike yo ki sa jès dam nan t ap fè yo te vle di. Men sa l te di: “Jès li yo vle di: ‘Nou tout mèt vini. Nou vle konn nou tout!’”

Temwen yo te pale ak tout moun. Yo te pale ak kèk moun nan lang pòtigè e yo te pale ak lòt moun pa mwayen siy ak jès. Bèl imaj an koulè ki nan piblikasyon ki baze sou Bib la frè yo te pote yo te itil anpil e anpil moun nan vilaj la te aksepte piblikasyon nou yo sitou bwochi Koute Bondye a.

Gerson, yon pyonye espesyal nan São Félix do Xingu, sonje kòman yon moun nan vilaj la te aksepte Liv istwa biblik mwen an. Men sa Gerson te di: “Li t ap gade liv la toutpandan l te kenbe l byen di ak toude men l, li pa t vle lage liv la menm pou yon ti moman.”

Temwen Jewova yo te kite anviwon 500 liv, peryodik ak bwochi nan men moun ki te enterese yo arebò rivyè a. Nan vilaj Kawatire, moun yo te pran san yo pou yo koute pwomès ki nan Bib la ki montre pral gen yon paradi sou tè a. Tonjaikwa, yon endyen Cayapo ki te byen akeyi yo, te di: “Moun yo nan Paradi a pral viv menm jan n ap viv la.”

Gen anpil moun nan zòn São Félix do Xingu ki te tande pale de vwayaj la. Simone, youn nan moun ki te fè vwayaj la, te fè konnen gen kèk moun nan zòn li abite a ki te panse li menm ak moun ki te avè l yo pa t ap ka antre nan vilaj yo. Sepandan, pa t gen okenn pwoblèm. Simone di: “Yo te byen akeyi nou e n te preche tout moun.”