Al gade sa k anndan l

Pwofesè nan peyi Filipin wè jan sit JW.ORG la itil

Pwofesè nan peyi Filipin wè jan sit JW.ORG la itil

Nan ane 2016, nan pwovens Zambowanga dinò ki nan peyi Filipin, Temwen Jewova yo te gen posibilite montre yon gwoup pwofesè jan videyo ak atik ki sou sit Entènèt jw.org la ka itil yo. Toudabò, Temwen Jewova yo te ale nan depatman ki okipe zafè edikasyon an nan vil Dipològ. Sa responsab depatman yo te wè sou sit la te tèlman enpresyone yo, yo te envite Temwen Jewova yo fè yon prezantasyon 30 minit nan twa seminè yo t apral fè pou pwofesè ki soti nan divès lokalite nan pwovens Zambowanga dinò a.

Ki sa ki te gen nan prezantasyon an?

Nan chak seminè, Temwen Jewova yo te prezante yon seri videyo ak atik ki disponib sou sit la pou anviwon 300 pwofesè. Patisipan yo te vrèman renmen sijè ki gen tit “Ki jan nou ka jere dèt?”. Anpil nan pwofesè yo te twouve prezantasyon sa a t ap nonsèlman itil elèv yo, men tou li t ap itil pwofesè yo. Yo chak te aksepte yon feyè Ki kote nou ka jwenn repons pou kesyon enpòtan moun poze sou lavi a?. Feyè sa a atire atansyon sou pakèt enfòmasyon ki enteresan e ki itil ki disponib sou sit jw.org la. Gen nan pwofesè yo ki te tou telechaje kèk nan videyo ki disponib sou sit la.

Twa prezantasyon yo te tèlman bay bon rezilta, depatman ki okipe zafè edikasyon an nan zòn nan te òganize lòt prezantasyon menm jan an pou ede anviwon 600 lòt moun, moun ki konn bay elèv konsèy sou karyè pou yo chwazi ak lòt pwofesè. Yon lòt fwa ankò, anpil moun te fè konnen jan yo apresye prezantasyon yo.

“Sit Entènèt la se yon gwo èd”

Pi devan, gen kèk nan patisipan yo ki te fè konnen jan prezantasyon an ak sit Entènèt la te ede yo. Men sa yon pwofesè te di: “Mwen vle di nou jan mwen rekonesan pou prezantasyon an. Mwen twouve sit la itil mwen nan ansèyman m ap bay elèv yo.” Gen yon lòt pwofesè ki di: “Mwen gen anpil bagay pou m aprann toujou, patikilyèman sou fason pou m fè fas ak strès. Sit Entènèt la se yon gwo èd, nonsèlman pou jèn yo, men tou pou moun ki kòmanse granmoun yo.”

Apre prezantasyon konsènan sit jw.org la, plis pase 350 nan pwofesè ki te patisipe yo te mande plis enfòmasyon. Temwen Jewova yo te reponn kesyon yo e yo te ba yo lòt piblikasyon, epi yo te pataje konsèy pratik ki gen nan Bib la ak tout moun ki te mande sa.

Temwen Jewova yo te kontan anpil paske plis pase 1 000 pwofesè te patisipe nan prezantasyon konsènan sit jw.org la ki te fèt nan Zambowanga dinò, e yo te aprann jan sit la se yon gwo zouti pou anseye. Zouti sa a ki gen anpil valè ka itil pwofesè toupatou sou tè a e li se yon sous ki bay bon direksyon nan domèn etik, moral ak espirityèl. *

^ § 9 Nan peyi Filipin, lekòl yo gen responsabilite nonsèlman pou yo ede elèv yo gen konesans, men tou pou yo ede yo “gen bonjan prensip nan domèn etik ak nan domèn espirityèl, e pou yo ede yo gen disiplin ak bon moralite”. — Konstitisyon 1987 Repiblik Filipin, atik XIV, seksyon 3.2.