Al gade sa k anndan l

Nou envite nou vin vizite betèl Etazini an

Nou envite nou vin vizite betèl Etazini an

“Nou gen bèl souvni konsènan vizit nou te fè nan Betèl la, nou pap janm bliye bon ti moman sa a.” Se pawòl de moun ki marye ki soti Vanouwatou te di apre yo te fi n vizite bilding Temwen Jewova yo itilize pou Betèl Etazini an. Chak ane, pifò nan plizyè dizèn milye moun ki vizite Betèl la gen menm santiman sa a.

Èske w deja vizite diferan bilding ki fè pati Betèl Etazini an? Si w poko fè sa, nou byen kontan envite w fè sa.

Ki sa nou pral wè nan twa bilding prensipal yo?

Syèj mondyal la ki nan Wòwik, Nouyòk. Gen twa vizit ou kapab fè poukont. Youn ladan yo rele Bib la ak non Bondye”, li montre plizyè bib moun pa wè fasil e li esplike ki jan non Bondye parèt nan bib sa yo. Yon lòt vizit ki rele Yon pèp ki pote non Jewova” prezante plizyè tablo konsènan istwa Temwen Jewova yo. Yon lòt ki rele “Syèj mondyal — Lafwa yo ann aksyon” montre ki jan Temwen Jewova yo òganize yo pou yo reyini ansanm, pou yo etidye Bib la, pou yo pataje mesaj ki gen nan Bib la avèk lòt moun e pou yo demontre yo gen lanmou youn pou lòt. Ou kapab fè yon vizit ak yon gid ki dire 20 minit ki montre biwo depatman yo ak pwopriyete Wòwik la.

Sant ansèyman Temwen Jewova yo nan Patèsonn, Nouyòk. W ap jwenn enfòmasyon sou diferan lekòl yo òganize nan Patèsonn, tankou Lekòl Galaad, Lekòl pou manm komite filyal ak madanm yo. W ap wè tou kèk videyo ki esplike ki travay yo fè nan diferan biwo, tankou depatman kote yo fè anrejistreman odyo ak videyo.

Travay enprimri ak ekspedisyon piblikasyon nan Wòlkil, Nouyòk. Nan vizit gide a, w ap wè ki jan yo enprime Bib la ak piblikasyon ki baze sou Bib la, fason yo relye yo epi ki jan yo fè ekspedisyon piblikasyon yo pou kongregasyon ki nan Etazini, nan Karayib la ak lòt kote nan monn nan.

Ki jan pou m fè rezèvasyon pou yon vizit?

Anvan w fè aranjman pou vwayaj la, fè rezèvasyon pou w mande yon vizit sou paj entènèt sou sit nou an ki gen tit Enfòmasyon sou vizit biwo nou yo. W ap jwenn enfòmasyon sou batiman Betèl Ozetazini yo tankou adrès yo ak kantite tan chak vizit pran.

Kiyès ki bay vizit gide a?

Se frè ak sè ki travay nan diferan depatman nan Betèl la ki bay vizit gide a.Yo konsidere vizit gide y ap bay la kòm yon pati nan efò y ap fè pou yo soutni travay ansèyman Labib k ap fèt sou tout tè a. Yo fè vizit sa yo nan plizyè dizèn lang.

Konbyen kòb yo peye pou vizit la?

Vizit yo gratis.

Èske se sèl Temwen Jewova ki kapab vizite?

Non. Gen yon pakèt moun ki vin vizite ki pa Temwen Jewova. Kit yon moun Temwen Jewova, kit li pa Temwen, l ap jwenn bonjan esplikasyon sou tout efò k ap fèt nan tèt ansanm pou fè travay Temwen Jewova yo ap fè sou tout tè a avanse.

Men sa yon madanm ki Mizilman ki soti nan peyi End te di apre l te fin vizite Patèsonn: “Mwen ta renmen patisipe nan travay sa a. Mèsi anpil dèske nou demontre anpil respè pou mwen.”

Eske timoun kapab vizite?

Wi! Yon vizit kabap gen yon gwo efè sou timoun yo. Men sa Jan k ap viv Ozetazini te ekri: Timoun yo nan gwoup la pa t sispann pale de vizit la lè yo te rive lakay yo. Anvan sa, yo pa t konnen sa sèvis Betèl vle di, men kounye a, anpil nan yo gen objektif pou yo vin Betelit.”

Eske l posib pou nou vizite lokal Temwen Jewova ki nan lòt peyi?

Wi. Vizit sa yo posib nan anpil peyi. Pou nou jwenn yon adrès, ale sou sit nou an epi klike sou pati ki make Enfòmasyon sou nou yo” epi klike sou Vizite Biwo nou yo. Nou ankouraje nou pou nou vin vizite youn nan biwo filyal Temwen Jewova yo.