Al gade sa k anndan l

Tèks biblik pou jounen an

Tèks biblik pou jounen an

Ann egzamine Ekriti yo chak jou se yon bwochi ki gen yon tèks byen presi pou jounen an ak kèk kòmantè sou tèks la. Piblikasyon sa a ka ede w kòmanse chak jou ak yon panse biblik ki pozitif e ki ankourajan.

Menm lè yon moun ka chwazi li tèks la ak kòmantè yo nenpòt lè nan jounen an, anpil moun twouve l itil pou yo egzamine enfòmasyon sa a nan maten. Konsa, yo ka reflechi sou pwen sa yo toutpandan jounen an. Si w gen yon fanmi, w ap jwenn byenfè lè n egzamine tèks la ansanm an fanmi.

Ou ka li tèks pou jounen an sou Watchtower ONLINE LIBRARY, oubyen ou kapab telechaje tèks pou tout ane a sou fòma PDF ki menm jan ak bwochi enprime a.