Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Jeremi 29:11 — “Se mwen ki konnen sa m’ gen nan tèt mwen pou nou”

Jeremi 29:11 — “Se mwen ki konnen sa m’ gen nan tèt mwen pou nou”

 “‘Paske, mwen konnen sa m gen nan lide m pou m fè pou nou.’ Se sa Jewova a di. ‘M ap ban nou lapè, mwen pap lage malè sou nou, yon fason pou m ban nou yon avni ak yon espwa.” — Jeremi 29:11, Tradiksyon monn nouvo a.

 “Se mwen ki konnen sa m’ gen nan tèt mwen pou nou. Se mwen menm Seyè a k’ ap pale. Se byen nou mwen ta vle wè, pa malè nou. Mwen ta vle denmen nou jwenn sa n’ ap tann lan.” — Jeremi 29:11, Bib la.

Sa Jeremi 29:11 vle di

 Jewova te pwomèt sèvitè l yo li te gen nan lespri l pou l ba yo lapè alavni. Menm lè se pou moun ki t ap viv nan tan lontan Bondye te di pawòl sa yo, se konsa l toujou panse jodi a. Li se “Bondye ki bay esperans lan”. (Women 15:13.) Anfèt, li te fè ekri pwomès sa yo nan Bib la “pou nou ka gen esperans” yon pi bèl avni. — Women 15:4.

Kontèks Jeremi 29:11

 Nou jwenn pawòl sa yo nan yon lèt Bondye te fè ekri Izrayelit yo, paske Babilónyen yo te pran Izrayelit yo kòm prizonye Jerizalèm epi yo te mennen yo Babilòn b (Jeremi 29:1). Bondye te di pèp Izrayèl la yo t ap gen pou yo viv ann egzil pou yon bon ti tan, donk yo te dwe bati kay, plante jaden epi fè pitit (Jeremi 29:4-9). Men, Bondye te ajoute: “Kou 70 an n ap pase Babilòn nan rive nan bout li, m ap voye je sou nou e m ap reyalize pwomès mwen te fè a lè m mennen nou tounen [Jerizalèm].” ​(Jeremi 29:10). Donk, Bondye te ba yo garanti li pa t ap bliye yo e esperans yo te genyen pou yo retounen lakay yo a t ap reyalize. — Jeremi 31:16, 17.

 Bondye te reyalize pwomès li te fè Izrayelit yo. Jan Bondye te fè konn sa, Siris, wa Pès la te pran vil Babilòn (Ezayi 45:1, 2; Jeremi 51:30-32). Annapre, Siris te kite Juif yo retounen nan peyi yo. Apre yo te fin fè 70 an ann egzil, yo te retounen Jerizalèm. — 2 Kwonik 36:20-23; Esdras 3:1.

 Piske pwomès Bondye te fè nan Jeremi 29:11 lan te reyalize, sa bay moun ki gen esperans nan pwomès Bondye yo asirans jodi a. Pami pwomès sa yo se yon lapè total pa mwayen Wayòm Bondye a anba dominasyon Kris Jezi. — Sòm 37:10, 11, 29; Ezayi 55:11; Matye 6:10.

Fason kèk moun konprann Jeremi 29:11

 Sa moun yo panse: Bondye gen yon “plan” byen detèmine pou chak moun.

 Sa ki verite: Bondye pèmèt chak moun chwazi sa yo vle fè ak lavi yo. Bondye te di Izrayelit yo ki te Babilòn pawòl nou jwenn nan Jeremi 29:11 lan, paske li te vle lapè pou yo alavni antanke gwoup (Jeremi 29:4). Men, Bondye te pèmèt chak moun chwazi si wi ou non yo vle pwofite pwomès li fè a (Detewonòm 30:19, 20; Jeremi 29:32). Moun ki te chwazi sèvi Bondye yo te priye l avèk yon kè sensè. — Jeremi 29:12, 13.

 Sa moun yo panse: Bondye ap fè sèvitè l yo jwenn anpil byen materyèl.

 Sa ki verite: Nan kèk tradiksyon Labib, mo ebre lè yo tradui l yo mete “byen” pou li nan Jeremi 29:11 lan, vle di “lapè, sante ak byennèt”. Donk, selon kontèks la, Bondye pa t pwomèt Izrayelit yo byen materyèl, men li te pwomèt yo lapè ak yon bèl avni. Nasyon Izrayèl la t ap kontinye egziste e rive yon lè yo t ap retounen Jerizalèm. — Jeremi 29:4-10.

Li Jeremi chapit 29 ansanm ak nòt yo ak referans yo.

a Jewova se non Bondye. — Sòm 83:18.

b Anrapò ak Jeremi 29:11, men sa The Expositor’s Bible Commentary di: “Se youn nan pi bèl pwomès nou jwenn nan Bib la. Avèk lanmou Yawe [Jewova] te demontre konpasyon pou moun sa yo ki t ap viv ann egzil, paske li te ba yo bonjan rezon pou yo ret pozitif e finalman pou yo gen espwa.” — Volim 7, paj 360.