Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Jan 14:27 — “M’ap ban nou kè poze”

Jan 14:27 — “M’ap ban nou kè poze”

 “Mwen kite lapè pou nou, mwen ban nou lapè mwen genyen an. Mwen pa ban nou l jan monn nan bay li a. Pa kite anyen boulvèse kè nou, e pa kite laperèz anvayi kè nou.” — Jan 14:27, Tradiksyon monn nouvo a.

 “M’ap ban nou kè poze. M’ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p’ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.” — Jan 14:27, Bib la.

Sa Jan 14:27 vle di

 Lè Jezi te di pawòl sa yo, li te vle ankouraje apot li yo, li te vle fè yo konnen yo pa t bezwen enkyete yo twòp lè yo jwenn pwoblèm. Menm jan avè l, avèk èd Bondye, yo te kapab rete kalm.

 Ki kalite lapè Jezi te kite oswa li te bay apot li yo? Jezi te ba yo menm kalite lapè li te genyen an. Lapè sa a pa vle di yo pa t jwenn okenn pwoblèm oswa tribilasyon (Jan 15:20; 16:33). Menm lè yo te fè Jezi sibi move tretman ki t apral mennen nan lanmò l, lespri l te anpè e kè l te poze (Lik 23:27, 28, 32-34; 1 Pyè 2:23). Li te gen kalite lapè sa a paske l te konnen Jewova a, Papa l, renmen l e li apwouve l. — Matye 3:16, 17.

 Jezi te bay apot li yo lapè lè l te ba yo asirans ni li menm, ni Papa l renmen yo e yo apwouve yo (Jan 14:23; 15:9, 10; Women 5:1). Yo te gen lapè paske yo te gen lafwa nan Jezi antanke Pitit Bondye e lafwa sa a te ede yo pou yo pa pè e pou yo gen mwens tètchaje (Jan 14:1). Menm lè Jezi pa t ap avè yo ankò, li te pwomèt yo lespri sen Bondye t ap ba yo asirans e li t ap ede yo santi yo anpè (Jan 14:25-27). Disip Jezi yo te ka fè fas ak sitiyasyon ki difisil avèk kouraj, paske yo konnen Jewova apwouve yo e l ap soutni yo. — Ebre 13:6.

 Lè Jezi te sou tè a, an jeneral lè moun te konn salye youn lòt yo te konn swete youn lòt lapè (Matye 10:12, 13). Men, Jezi pa t annik swete pou disip li yo gen lapè, li te ba yo lapè. Mete sou sa, lapè Jezi te bay la diferan ak kèlkeswa lapè monn nan b ka bay. Lapè monn nan bay la depann de relasyon moun genyen youn ak lòt, richès yo genyen, popilarite oswa pozisyon yo. Men, lapè Jezi bay la, pa depann de sitiyasyon yon moun nan lavi a. Moun ki resevwa lapè Jezi bay la ap santi l anpè toutbon e sa ap dire.

Kontèks Jan 14:27

 Jezi te di apot fidèl li yo pawòl sa yo nan nuit anvan li te mouri a. Nan nuit sa a, li te di yo li t apral kite yo talè konsa (Jan 13:33, 36). Sa te fè apot li yo tris anpil (Jan 16:6). Donk, Jezi te konsole yo, li te ba yo rezon pou yo pa enkyete yo pou sa k t apral rive lè l fin kite yo.

 Pawòl Jezi te di yo kapab ankouraje kretyen yo jodi a tou. Nou menm tou, nou ka gen lapè (2 Tesalonisyen 3:16). Lè nou vin disip Jezi, nou aprann ni li menm, ni Jewova, Papa l renmen nou e yo apwouve nou (Kolosyen 3:15; 1 Jan 4:16). Konsa, nou pa bezwen bay tèt nou twòp pwoblèm. Poukisa? Paske, Bondye avèk nou. — Sòm 118:6; Filipyen 4:6, 7; 2 Pyè 1:2.

 Gade videyo sa a ki tou kout pou w wè yon rezime sou liv Jan an.

a Jewova se non Bondye (Sòm 83:18). Gade atik “Kiyès Jewova ye?” a.

b Nan Bib la, ekspresyon “monn” nan ka fè referans ak moun ki pa gen bon relasyon ak Bondye.