Al gade sa k anndan l

Temwen Jewova yo k ap preche bòn nouvèl la pandan chanpyona mondyal pou kous sou bisiklèt ki te fèt nan peyi Ostrali (Union Cycliste Internationale Road World Championships).

3 FEVRIYE 2023
OSTRALI

Temwayaj an piblik pandan yon gwo chanpyona ann Ostrali atire atansyon anpil vizitè ki soti toupatou sou tè a

Temwayaj an piblik pandan yon gwo chanpyona ann Ostrali atire atansyon anpil vizitè ki soti toupatou sou tè a

Chanpyona mondyal pou kous sou bisiklèt (Union Cycliste Internationale Road World Championships) nan peyi Ostrali te fèt soti 18 pou rive 25 septanm 2022. Gen anviwon 300 Temwen Jewova, ki soti tout kote nan peyi a, ki te patisipe nan temwayaj an piblik nan vil Wollongong pandan chanpyona a. Chak ane, gen plis pase 200 000 vizitè ki soti nan 70 peyi pou vin asiste konpetisyon sa a.

Frè ak sè yo te bay plis pase 600 piblikasyon e yo te ede anpil moun telechaje piblikasyon yo nan lang yo vle. Yo te jwenn 18 demann pou etid Labib tou. Depi mwa septanm, senk nan moun ki te kòmanse etidye yo asiste reyinyon regilyèman. Li klè, jan yon frè te di sa: “Jewova beni travay tout frè ak sè ki te vin bay kout men yo.” Men sa yon lòt pwoklamatè te remake: “Frè ak sè yo te akeyan. M te retounen lakay mwen ak yon bèl souvni ki ban m plis anvi kontinye nan travay predikasyon an.”

Nou rejwi ak frè ak sè nou yo nan peyi Ostrali ki kontan kontinye “fè [moun] konnen jan Bondye nou an gran!” — Detewonòm 32:3.