Al gade sa k anndan l

18 OUT 2020
MOZANBIK

Liv ki te ekri an grèk yo parèt nan lang changana ak lang makwa

Liv ki te ekri an grèk yo parèt nan lang changana ak lang makwa

Nan wikenn 15 ak 16 out 2020 an, yo te pibliye Tradiksyon monn nouvo a – Liv ki te ekri an grèk yo nan fòma elektwonik nan lang changana ak lang makwa pou pwoklamatè nan peyi Mozanbik yo. Gen plis pase 8 000 pwoklamatè ki pale changana e gen plis pase 1 700 ki pale makwa.

Nan yon pwogram ki te anrejistre alavans yo te pase pou frè yo, frè David Amorim, yon manm Komite filyal peyi Mozanbik, te anonse tradiksyon sa yo disponib. Anplis de sa, frè yo te jwenn otorizasyon pou yo pase pwogram nan nan yon estasyon televizyon ak nan plis pase 30 estasyon radyo.

Yo sitou pale changana nan de rejyon ki nan pwent sid peyi Mozanbik, kote gen anviwon 1,9 milyon moun k ap viv. Se yon lang ki sanble ak lang tsonga, yon lang yo pale ann Afrik disid, ki toupre peyi Mozanbik.

Moun ki pale makwa yo ap viv nan nò peyi Mozanbik. Gen anviwon 5,8 milyon moun ki pale lang sa a e se lang endijèn moun nan peyi Mozanbik plis pale.

Pandan anpil ane, li te difisil pou pwoklamatè ki pale lang sa yo jwenn yon Bib. Bib yo koute chè e pafwa magazen kote yo vann Bib yo konn pa vle vann Temwen Jewova. Men sa yon tradiktè fè konnen: “Mwen konn kèk kongregasyon ki te gen yon sèl Bib nan Sal Wayòm nan pou oratè yo ak moun ki gen patisipasyon nan reyinyon lasemèn yo itilize.”

Nou kontan pou frè ak sè nou yo ki resevwa Liv ki te ekri an grèk yo nan lang changana ak lang makwa. Nou konnen tradiksyon Labib sa yo ap ede anpil moun rive gen “yon konesans egzak sou laverite”. — 1 Timote 2:3, 4.