Al gade sa k anndan l

Sè Irina Lokhvitskaya.

29 MAS 2021
LARISI

Sè Irina Lokhvitskaya rete fèm malgre yo lage akizasyon kriminèl sou do l

Sè Irina Lokhvitskaya rete fèm malgre yo lage akizasyon kriminèl sou do l

MIZAJOU | Tribinal la kondane sè Irina Lokhvitskaya

Nan dat 19 jiyè 2021 an, tribinal distri Biwobidjan, nan Rejyon otonòm Juif, kondane sè Irina Lokhvitskaya pou dezan edmi prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo. Li pa gen pou al nan prizon pou kounye a.

Lè yo pwograme pou desizyon an

Tribinal distri Biwobidjan, nan Rejyon otonòm Juif, gen pou l fè konnen desizyon li pran nan ka ki konsène sè Irina Lokhvitskaya. Komisè a poko di ki santans li ta renmen yo bay sè nou an.

Enfòmasyon pèsonèl

Irina Lokhvitskaya

  • Dat ak kote li fèt: 1962 (Izvestkovoye).

  • Byografi: Papa l mouri lè l te gen sizan. Lè l te timoun, regilyèman li te konn danse, patisipe nan teyat, fè triko, jwe baskètbòl ak volebòl.

    Espwa Bib la bay sou rezirèksyon mò yo te touche kè l. Li te batize antanke Temwen Jewova an 1993. Mari l mouri sèt mwa apre batèm li, sa ki fè sè nou an te gen pou l leve Artur, pitit gason li an, poukont li.

Sa k te pase

Nan dat ki te 6 fevriye 2020, sè Irina Lokhvitskaya te pami sis sè otorite Larisi nan Biwobidjan te lage akizasyon sou do yo kòmkwa y ap patisipe nan aktivite ekstremis. Antou, yo te lage akizasyon kriminèl sou do 19 pami 22 Temwen ki nan zòn nan, san wete Artur, pitit gason Irina, ak Anna, madanm li.

Tribinal la pa t kite piblik la, sa gen ladan l jounalis yo ak fanmi Irina, asiste pwosè a. Yo te rejte demann li te fè pou pwosè l la fèt devan piblik e pou yo retounen ka a devan komisè a.

Irina gen pwoblèm sante e pafwa li dekouraje akoz ankèt y ap mennen an ak pwosè a. Men, sa ki te ede l andire se bon abitid espirityèl li te genyen. Li di: “Jewova te ede m gen bon abitid. Mwen pa t sèlman li Bib la, men mwen te fè rechèch pou m byen konprann li.” Lè Irina te vin enkyè opwen li pa t ka li Bib la, li te mande Jewova pou l ede l. Li di: “Mwen te kòmanse priye anpil, e mwen te fikse objektif pou m rekòmanse fè aktivite mwen te konn fè anvan yo. Jewova te anseye m pou m pa sèlman panse ak tèt mwen men pou m panse ak lòt moun.”

Irina te konsantre sou moun ki te plis bezwen èd ak ankourajman pase l, tankou moun ki enterese yo ak frè ak sè nan kongregasyon an. Men sa l di: “Lè w panse ak lòt moun, ou pa gen tan pou w ap pran pitye pou tèt ou oswa pou w ap enkyete depase limit.”

Kongregasyon an te bay Irina fòs tou, sitou ansyen yo. Li di: “Malgre yo t ap fè fas ak pèsekisyon, yo te yon rekonfò pou mwen, e yo te toujou jwenn bon mo pou ankouraje m. Epitou, yo te toujou disponib nenpòt lè mwen te bezwen yo. Mwen pap janm bliye sa.”

Toutpandan Irina kontinye ap andire eprèv sa a, menm jan avè l, nou gen konfyans Jewova ap ede l jwenn sa l bezwen. Men sa l di: “Lè m te konn li istwa sou pèsekisyon, mwen te toujou vle konnen ki sa m t ap fè si yo pèsekite m. Èske m t ap konte sou Jewova? Kounye a, m konn repons lan. Nòmalman, se grasa Jewova, m ap konte sou li. Menm jan ak tout sèvitè fidèl li yo, m ap rete fèm e Jewova ap kenbe m ak men dwat li.” — Ezayi 41:10.