Al gade sa k anndan l

Soti agoch pou ale adwat: Frè Aleksandr Vasichkin, frè Sergey Galyamin, frè Anatoliy Lyamo ak frè Vladimir Spivak.

30 ME 2023
LARISI

Frè nou yo nan Teykovo santi Jewova ede yo

Frè nou yo nan Teykovo santi Jewova ede yo

Tribinal distri Teykovski gen pou l fè konnen desizyon li pran nan ka ki konsène frè Sergey Galyamin, frè Anatoliy Lyamo, frè Vladimir Spivak ak frè Aleksandr Vasichkin. Komisè a poko fè konnen ki santans li ta renmen yo ba yo.

Enfòmasyon pèsonèl

Nou konnen kèlkeswa eprèv nou jwenn nan sistèm sa a, yo la pou yon ti tan lè nou konpare yo ak benediksyon Jewova rezève pou sèvitè fidèl li yo, benediksyon k ap la pou toutan. — 2 Korentyen 4:17, 18.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 10 avril 2020

    Ankèt kriminèl la kòmanse.

  2. 11 avril 2020

    Otorite yo fouye kay frè yo.

  3. 16 avril 2020

    Yo mete restriksyon sou deplasman yo ka fè.

  4. 2 fevriye 2023

    Pwosè a kòmanse.