Al gade sa k anndan l

Nan mwa ki pase a, gen plizyè milyon moun ki kouri kite Ikrèn, sa gen ladan l 16 000 Temwen Jewova.

31 MAS 2022
NOUVÈL ENTÈNASYONAL

Refijye ki soti Ikrèn yo esplike jan sa te pase pandan yo t ap kite tout bagay dèyè

“Sèl bagay ki pi enpòtan se relasyon nou gen ak Jewova”

Refijye ki soti Ikrèn yo esplike jan sa te pase pandan yo t ap kite tout bagay dèyè

Li te 5 è nan maten lè yon ansyen nan kongregasyon frè Femi Durodola ak Yana, madanm li, te rele yo nan telefòn. Men sa Yana di: “Frè a te di: ‘Pa panike, men jis pare. Lame Larisi a ap vini Kyèv!’”. Lè sa a, yo te tou leve nan dòmi. Yana di: “Nan moman sa a, mwen te santi tout anndan m ap bouyi.”

Nouvo marye yo met rad sou yo, yo prepare dènye tas kafe yo t ap pran lakay yo epi yo li tèks pou jounen an. Men tèks ki te gen pou jou sa a: “Si nou ret dousman e nou montre nou gen konfyans, se sa k ap fòs nou.” ​(Ezayi 30:15). Femi te priye Jewova ak tout kè l. Femi, ki se moun Nijerya, ak Yana, ki se moun peyi Ikrèn, pran valiz ijans yo e yo kite tout lòt bagay dèyè pou y al pran refij nan Peyiba.

Se sa k rive pifò frè ak sè ki pran desiyon pou yo kite peyi Ikrèn apre Larisi te fin anvayi Ikrèn nan dat ki te 24 fevriye 2022 a. Gen anviwon 130 000 Temwen Jewova ann Ikrèn. Pou kounye a, gen plis pase 36 000 Temwen ki pran desizyon pou kite lakay yo, e gen plis pase 16 000 ladan yo ki kouri al nan lòt peyi. Anpil kite kay yo, travay yo ak kongregasyon yo. Pandan gè a, gason nan peyi Ikrèn ki gen ant 18 an a 60 an pa gen otorizasyon kite peyi a. Men, gason ki sitwayen lòt peyi gen otorizasyon kite peyi Ikrèn.

Moun k ap kouri chape yo ka pran sèlman sa ki vrèman nesesè. Yo ale nan tren oswa nan bis pou yo fè yon vwayaj ki difisil anpil pou yo jwenn yon kote ki an sekirite. Pafwa, yo pa menm konn kot vwayaj la ap mennen. Lafwa yo gen nan Jewova ba yo fòs pou yo kite vil lagè detwi yo, san yo pa konnen si y ap janm ka retounen ladan yo.

Men sa Yana di: “Nou kite tout bagay dèyè. Nou te pran sèlman kèk bagay. Sitiyasyon sa a vrèman fè n sonje sèl bagay ki pi enpòtan se relasyon nou gen ak Jewova.”

Pandan sè Lilia Antoniuk lakay li nan Kyèv, li te ka tande gwo bri sirèn ki fè konnen gen bonm yo pral lage e ki pral eksploze. Sou wout yo, te gen machin ki boule e te gen rès lòt bagay ki boule ki soti nan bilding yo oswa nan pon yo.

Lilia ak Oleksandra, pitit fi l ki gen 17 an, te pran desizyon pou yo kite peyi a. Pandan plizyè jou, yo te vwayaje nan yon tren ki te plen ak moun pou y al nan peyi Polòy. Yo te gen yon ti manje tou piti pou yo manje e yo te dwe ret kanpe sou de pye yo pandan plizyè èdtan. Sè yo te kòmanse rale yon souf lè yo te rive nan Przemyśl, nan peyi Polòy.

Men sa Lilia di: “Kou nou te wè frè yo ak pankat ‘JW.ORG’, nou te konnen yo t ap pran swen nou.” Yo te mennen sè yo nan yon Sal Wayòm kote yo te ka jwenn chofaj, manje epi pran yon ti repo. Yon ti tan annapre, frè yo te mennen yo nan mezon prive kote yo t ap ka rete.

Lilia, ki t al ann Almay annapre, ajoute: “Nou te santi sousi Jewova gen pou nou e lafwa nou vin pi djanm. Mwen vrèman gen rekonesans anvè Jewova pou lanmou li e pou frè ak sè yo ki te pare pou bay èd yo nan moman difisil yo.”

Anastasiia Kovalyova.

Sè Anastasiia Kovalyova esplike jan lame ki te anvayi Ikrèn nan te atake vil Zaporijya pa anlè. Li te wè dife k ap flache nan syèl la akoz bonm yo, e pandan li te lakay li, li te ka tande bri bonm k ap eksploze. Bonm ki t ap plede eksploze yo te panike ti neve ak ti nyès Anastasiia a. Ti neve a gen 7 an e ti nyès la gen 3 an. Se sa k fè, fanmi an te pran desizyon pou yo kite peyi a. Anastasiia di: “Kòm nou pa t ka pran anpil bagay, nou te manke rad ak lòt bagay ankò. Men, frè yo te fè nou jwenn tout sa nou bezwen, e nou te menm jwenn plis pase sa.” Anastasiia, Anya, bèlsè l, ak timoun yo te pase Polòy pou y al ann Almay.

Anastasiia Shchukina ak Olha Lysenko, manman l.

Sè Anastasiia Shchukina ak sè Olha Lysenko, manman l, te kache nan sousòl ti kay yo a ki fè frèt chak fwa yo te tande bri sirèn yo ki fè konnen yo pral lage bonm. De sè sa yo ki pyonye t ap sèvi kote ki bezwen plis pwoklamatè nan ti vil Brayiliv, nan rejyon Vinistya. Yo pa t fin sèten si yo dwe rete si yo dwe ale, men finalman yo te deside ale paske sitiyasyon an te vin twò danjere. Yo te pran sèlman sa ki te nesesè, yo te vwayaje nan tren pandan de jou, san yo pa t vrèman dòmi. Li pa t fasil pou Olha, ki gen 58 an e ki pa viv sante, pou l kouri kite peyi a. Yo te rive Rzeszów, an Polòy, a 2 è nan maten. Gen kèk frè ak sè ki te la pou akeyi yo. Men sa Anastasiia di: “Menmsi li te ta anpil, frè yo te la ap tann nou. Se pa ti rekonesans nou gen anvè Jewova e anvè frè ak sè yo.”

Elizabeth ak Andrzej Chyba.

Nan vil Soumi, frè Andrzej Chyba, yon sitwayen polonè, ak Elizabeth, madanm li ki se moun Grann Bretay, te kache nan sousòl yon frè, e te gen senk lòt moun ki te la. Yo te ka tande avyon degè yo, bri kout zam ak bri bonm. Frè yo te pran kouraj lè yo te gade dram biblik ki gen tit O Jewova, […] mwen fè w konfyans, ki pale sou istwa wa Ezekyas pandan asiryen yo te vin atake Jerizalèm.

Men sa Andrzej, ki Polòy kounye a ak madanm li, di: “Frè yo te voye anpil vèsè pou nou, tankou ankourajman nou jwenn nan Sòm 27 la.”

Nou gen konfyans Jewova ap beni frè ak sè nou yo ki ‘pèdi sa yo genyen’, toutpandan yo gen espwa gen yon lè pap gen lagè ankò. — Filipyen 3:8.