Al gade sa k anndan l

Kondisyon pou moun sèvi ak sit la

Kondisyon pou moun sèvi ak sit la

Byenveni!

Yo fè sit sa a pou ede w aprann pi byen konnen Bondye, Bib la ak Temwen Jewova yo. Ou ka li, gade epi telechaje sa ki enterese w sou li. Nou vle pou lòt moun pwofite sit sa a tou, men tanpri, pa kopye sa k sou li yo al met sou yon lòt sit Entènèt oubyen sou yon aplikasyon. Ou ka pataje sa w aprann yo lè w ankouraje lòt moun al sou sit sa a jan nou wè sa nan Kondisyon pou moun sèvi ak sit la, ki pi ba a.

 Copyright

© 2019 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania. Tout dwa rezève.

Se Watchtower Bible and Tract Society of New York, Inc. (“Watchtower”) ki pibliye sit Entènèt sa a e ki jere l. Tout tèks ak lòt enfòmasyon ki sou sit Entènèt sa a, se pwopriyete entèlektyèl Watchtower Bible and Tract Society of Pennsylvania (“Watch Tower”) yo ye. Si gen tèks ak lòt enfòmasyon ki pa pou Watchtower Bible and Tract Society of Pennsylvania (“Watch Tower”), y ap fè konn sa.

 Non ak Logo

Se Adobe Systems Incorporated ki gen dwa pou l itilize non ak logo Adobe a ansanm ak non ak logo Acrobat la. Se Apple Inc. ki gen dwa pou l itilize non ak logo iTunes ansanm ak non ak logo iPod la. Se Microsoft Inc. ki gen dwa pou l itilize non ak logo Microsoft la, ansanm ak non nenpòt lojisyèl oswa pwodui Microsoft fè, sa gen ladan l Microsoft Office ak Microsoft Office 365. Se Google LLC ki gen dwa pou l itilize non ak logo Android la. Wobo Android la baze sou yon desen Google te kreye e li pataje selon prensip yo bay nan Creative Commons 3.0 Attribution License (https://creativecommons.org/licenses/by/3.0/us/). Tout lòt non ak logo yo, se moun ki gen dwa pou sa ki ka itilize yo.

 Kondisyon ak otorizasyon pou moun sèvi ak sit la

Kèlkeswa moun k ap sèvi ak sit Entènèt sa a bezwen respekte kondisyon yo bay pou sèvi avè l. Lefètke w ap sèvi ak sit sa a, sa montre ou aksepte tout kondisyon sa yo ansanm ak nenpòt Lòt kondisyon pou moun sèvi ak sit la (tout ap rele “Kondisyon pou moun sèvi ak sit la”). Si w pa dakò ak Kondisyon pou moun sèvi ak sit la oswa si gen youn nan Kondisyon pou moun sèvi ak sit la ou pa dakò avè l, ou pa dwe sèvi ak sit Entènèt sa a.

Ki jan pou w byen sèvi ak sit la? Toutpandan w ap respekte limit ki pi ba yo, ou kapab:

  • Gade imaj ki gen Dwa legal Watch Tower sou yo, telechaje yo epi enprime yo. Ou ka gade, telechaje oswa enprime piblikasyon elektwonik, mizik, foto, tèks ak videyo pou itilizasyon pèsonèl ou, pa nan objektif pou w fè komès.

  • Pataje lyen oswa piblikasyon elektwonik, videyo oswa pwogram odyo ou ka telechaje sou sit la.

Ou pa kapab:

  • Pran imaj, piblikasyon elektwonik, logo, mizik, foto, videyo oswa atik ki sou sit sa a pou w mete l sou Entènèt (kèlkeswa sit Entènèt la, sit ki pataje fichye, sit ki pataje videyo oswa rezo sosyal).

  • Pran imaj, piblikasyon elektwonik, logo, mizik, foto, oswa videyo ki sou sit la epi repibliye l grasa kèlkeswa lojisyèl la oswa fè l tounen konpozan kèlkeswa lojisyèl la (sa gen ladan mete materyèl sa yo sou yon sèvè pou yon lojisyèl sèvi avèk yo).

  • Repwodui, fè doub, kopye, distribye oswa fè nenpòt lòt bagay ak imaj, piblikasyon elektwonik, non ak logo, mizik, foto, tèks oswa videyo ki sou sit la, nan objektif pou fè komès oswa pou w fè lajan (menm lè w pap fè benefis).

  • Kreye kèlkeswa lojisyèl, aplikasyon ak pwogram, zouti oswa teknik ki fèt pou pran, pou kopye, pou telechaje, pou rale oswa ranmase enfòmasyon ak done, kòd HTML, imaj oswa tèks ki sou sit sa a (piti kou gwo) nan entansyon pou w distribye yo. (Sa pa entèdi moun distribye aplikasyon ki gratis ki pa pou fè komès men ki fèt pou telechaje fichye elektwonik tankou fichye EPUB, PDF, MP3 ak MP4 nan pati piblik ki sou sit sa a.)

  • Mal sèvi ak sit la oswa ak sèvis sit la lè w itilize yon metòd ki diferan ak sa yo bay la pou w deranje fason sit la fonksyone oswa pou w monte sou sit la.

  • Sèvi ak sit la nenpòt fason k ap lakòz oswa ki ka lakòz sit la gen pwoblèm oswa ki ka fè sit la pa parèt oubyen ki ka fè l difisil pou yon moun monte sou li. Ni ou pa dwe sèvi ak sit la yon fason ki kont lalwa, ki ilegal, pou w fè fwod oswa pou w fè lòt moun mal ni sèvi avè l nan yon objektif oubyen yon aktivite ki kont lalwa, ki ilegal, pou w fè fwod oswa pou w fè lòt moun mal.

  • Sèvi ak sit la oswa nenpòt nan imaj, piblikasyon elektwonik, logo, mizik, foto, tèks oswa videyo ki sou li nan kèlkeswa aktivite ki gen rapò ak komès.

  •   Sit sa a itilize sèvis Google Maps, se yon sèvis nou jis itilize, se pa nou ki gen kontwòl sou li. Lè w itilize Google Maps sou sit sa a, se kondisyon itilizasyon Google Maps/Google Earth yo w ap toujou genyen pou w respekte. Yo pa fè nou konnen lè gen mizajou ki fèt nan kondisyon itilizasyon Google Maps yo, kidonk l ap bon pou w egzamine kondisyon sa yo anvan w itilize sèvis Google Maps sou sit sa a. Pa itilize sèvis Google Maps sou sit sa a si w pa aksepte kondisyon itilizasyon yo fikse yo. Google Maps pa voye enfòmasyon sou itilizatè yo pou sit sa a.

Seksyon medikal

Sa yo mete nan Seksyon medikal sit sa a (“Seksyon medikal”) la pou bay enfòmasyon sèlman, se pa konsèy medikal yo ye e yo pa la pou ranplase konsèy doktè ak pwofesyonèl lasante yo, dyagnostik yo fè ak tretman yo bay. Seksyon medikal la pa rekòmande ni soutni okenn tès, doktè, pwodui, metòd, opinyon oswa lòt enfòmasyon ki ka parèt nan Seksyon medikal la.

Toujou konsilte yon doktè oubyen yon lòt pwofesyonèl sante ki kalifye si w gen kèlkeswa kesyon an sou yon pwoblèm sante oswa yon tretman.

 Sit sa a te fè efò pou l mete enfòmasyon ki egzak e ki ajou nan Seksyon medikal la. Sepandan, enfòmasyon w jwenn nan Seksyon medikal la, yo bay yo jan yo ye a, yo pa gen okenn garanti ni eksplisit ni enplisit ki mache avèk yo. Sit Entènèt sa a pa bay okenn garanti eksplisit oubyen enplisit konsènan Seksyon medikal la, sa gen ladan l, san se pa sa sèlman, garanti enplisit ki gen rapò ak bagay komèsyal e ki gen rapò ak si enfòmasyon ki ladan l yo aplikab an jeneral oubyen nan yon objektif presi. Sit sa a pa bay okenn garanti sou kèlkeswa enfòmasyon yon moun ka jwenn nan Seksyon medikal la, anrapò ak si yo fyab, yo egzak, yo pa pase mòd, yo itil oubyen yo konplè. Sit sa a pa pran responsablite pou kèlkeswa erè oswa enfòmasyon ki manke nan enfòmasyon ki nan Seksyon medikal la. Si w sèvi ak enfòmasyon ki nan Seksyon medikal la kèlkeswa sa k rive se responsablite pa w. Nan okenn ka yo pa ka rann sit Entènèt sa a responsab pou kèlkeswa domaj, (sa gen ladan l e san se pa sa sèlman domaj ki se konsekans sa yo te fè oubyen domaj ki endirèk, prejidis sou kò moun oswa lanmò yon moun akoz neglijans, moun nan ta fè pèt oswa li ta gen kèlkeswa domaj akoz li ta pèdi done oswa eksplwatasyon) ki ta fèt akoz yo te itilize oswa yo pa t ka itilize Seksyon medikal la kit reklamasyon oswa domaj sa yo baze sou garanti, kontra, prejidis oswa nenpòt lòt teyori legal, e kit yo mete sit la okouran reklamasyon oswa domaj sa yo kit yo pa mete l okouran.

Nou pa bay garanti e responsablite nou limite

Sit Entènèt sa a, tout enfòmasyon ki sou li yo, sa k ladan l yo, materyèl li yo ak lòt sèvis yo met disponib pou ou pa mwayen sit la, se Watchtower ki mete yo la jan yo ye a. Watchtower pa bay okenn reprezantasyon oubyen garanti sou kèlkeswa fòm nan, eksplisit oubyen enplisit.

 Watchtower pa garanti sit la pa gen okenn viris oubyen anyen ki ka bay pwoblèm. Watchtower pap responsab okenn domaj, kèlkeswa domaj ki ka rive paske yon moun sèvi ak kèlkeswa sèvis la, oubyen kèlkeswa enfòmasyon, bagay ki sou sit la, materyèl oubyen lòt sèvis yo met disponib pou moun pa mwayen sit entènèt la, sa gen ladan l, san se pa sa sèlman, domaj ki se konsekans sa yo te fè oubyen domaj ki endirèk, ki ka lakòz yon sanksyon oubyen yon konsekans (sa gen ladan l pèdi pwofi).

Lè yon moun pa respekte kondisyon yo

 San nou pa rejte lòt dwa Watchtower mete anba kondisyon sa yo, si w ta vyole youn nan kondisyon sa yo yon fason oswa yon lòt, Watchtower ka aji kont ou jan l wè ki pi bon pou l fè fas ak ka kote yon moun pa ta respekte kondisyon yo, sa gen ladan l li ka bloke aksè ou gen ak sit la, li ka anpeche w monte sou sit la. Watchtower ka bloke òdinatè ki gen adrès IP w pou òdinatè sa yo pa gen aksè ak sit la. Li ka kontakte konpayi ki ba w aksè ak Entènèt la pou l mande l bloke aksè w genyen sou sit la, e/oubyen li ka rele w nan tribinal.

Chanjman

 Watchtower ka fè chanjman nan kondisyon sa yo detanzantan. Y ap kòmanse aplike chanjman yo fè sou kondisyon pou w sèvi ak sit la apati dat yo mete chanjman sa yo sou sit la. Tanpri, vizite paj sa a regilyèman yon fason pou w asire w ou byen konprann dènye chanjman yo mete yo.

Lwa ak jiridiksyon

 Kondisyon pou moun sèvi ak sit la baze sou sa lwa Eta Nouyòk, Etazini, di san yo pa pran an konsiderasyon lwa ki an konfli avè l yo. Kèlkeswa aksyon legal y ap pran ki gen rapò ak Kondisyon pou moun sèvi ak sit la, dwe fèt devan yon tribinal nan yon Eta, oswa nan yon tribinal federal ki gen jiridiksyon nan Eta Nouyòk, Etazini.

Chak kondisyon valab poukont li

 Menmsi yon tribinal fè konnen gen youn nan Kondisyon pou moun sèvi ak sit la ki ta merite anile, ki pa valab, ki pa aplikab oswa ki ilegal, lòt kondisyon yo toujou valab. Si gen youn nan kondisyon sa yo Watchtower pa fè demach pou fè nou respekte, pa panse li bay vag sou kondisyon sa a oubyen li bay vag sou dwa li genyen pou l fè respekte kondisyon sa a.

Akò

Kondisyon sa yo reprezante akò ant ou menm ak Watchtower sou fason pou w sèvi ak sit la, e yo ranplase tout kondisyon ki te la anvan yo sou fason pou w sèvi ak sit sa a.