Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A

Kiyès Temwen Jewova yo ye?

Kiyès Temwen Jewova yo ye?

“Mwen gen plizyè ane depi m konn Mike. Li se yon Temwen Jewova. Men, mwen pa janm ka konprann relijyon l lan. Kiyès ki Jewova a? Poukisa Temwen Jewova yo pa selebre yon seri fèt? Èske Mike nan yon sèk?” — Becky, Kalifòni, Ozetazini.

“Lè vwazen m yo te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo, mwen te di tèt mwen: ‘Ki sa non Temwen Jewova a vle di? Ala non relijyon sa a dwòl!’” — Zenon, Ontaryo, Kanada.

“Mwen menm ak madanm mwen te panse Temwen Jewova yo te pase lakay nou pou yo preche nou paske nou te santi nou koupab poutèt nou pa t al legliz. Nou te panse, si gwo legliz yo pa gen sa n ap chèche a, se pa nan relijyon Temwen Jewova yo, yon relijyon ki dwòl, n ap rive jwenn sa n ap chèche a.” — Kent, Wachintonn, Ozetazini.

“Franchman, mwen pa t konnen kiyès yo te ye ni nan ki sa yo te kwè.” — Cecilie, Esbjerg, Dànmak.

Petèt ou deja wè yo k ap preche kay an kay oswa lòt kote, k ap ofri moun piblikasyon ki baze sou Bib la, oubyen k ap mande moun si yo vle yo etidye Labib avèk yo gratis. Petèt se nan men youn nan yo ou te resevwa peryodik sa a. Men, ou gendwa ap mande tèt ou kiyès Temwen Jewova yo ye toutbon. Petèt ou panse menm bagay ak youn nan moun nou mansyone pi wo yo.

Ki kote w ka jwenn repons pou kesyon w genyen sou Temwen Jewova yo? Ki jan w ka vin konnen ki sa Temwen Jewova yo kwè toutbon, kote yo jwenn kòb pou yo fè travay y ap fè a e pou yo jwenn kote pou yo adore? Ki jan w ka vin konnen poukisa yo pase lakay ou e yo vin pale avè w lòt kote ankò?

Cecilie, dam nou te mansyone pi wo a, te di: “Mwen te li anpil enfòmasyon sou Temwen Jewova yo sou Entènèt, mwen te tande kèk bri k ap kouri sou yo e mwen te tande anpil pawòl moun ap di paske yo pa renmen yo. Kòm rezilta, mwen te mal wè Temwen Jewova yo.” Men, annapre, li te pale ak Temwen Jewova yo dirèkteman, e yo te ba l bonjan repons pou kesyon li te genyen.

Èske w ta renmen konn laverite sou Temwen Jewova yo? Nou ankouraje w pale avèk yo, paske se yo menm ki ka ba w bonjan enfòmasyon sou tèt yo. Se yo menm ki fè peryodik ki nan men w lan (Pwovèb 14:15). Nou espere atik ki vin apre yo ap ede w wè kiyès nou ye, nan ki sa nou kwè, e y ap ede w konprann travay n ap fè a.