Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | FASON POU NOU FÈ FAS AK ENKYETID NOU GENYEN

Gen anpil bagay ki bay moun enkyetid!

Gen anpil bagay ki bay moun enkyetid!

“Mwen t al achte manje men se bonbon sèlman m te jwenn ki te koute 10 000 fwa pri nòmal la! Nan demen, makèt yo pa t gen manje ditou.” — Paul, Zimbabwe.

“Mari m te mete m chita epi li di l ap kite nou. Ki jan m ta ka sipòte trayizon sa a? Ki sa k t ap rive timoun mwen yo?” — Janet, Etazini.

“Lè sirèn nan kanpe, mwen kouri al kache epi m kouche atè a pandan bonm ap eksploze. Kèk èdtan apre men m te kontinye tranble.” — Alona, Izrayèl.

N ap viv nan moman ki bay enkyetid, moman kote ‘tan yo di e yo difisil pou moun sipòte’. (2 Timote 3:1.) Anpil moun ap fè fas ak pwoblèm ekonomik, fanmi ki kraze, lagè, maladi ki parèt sanzatann e ki ka touye moun, katastwòf natirèl oswa katastwòf lèzòm lakòz. San konte anpil lòt bagay ankò ki bay moun enkyetid: ‘Èske boul m remake k ap devlope nan kò m nan ap tounen kansè?’ ‘Nan ki kalite monn pitit pitit mwen yo pral grandi?’

Se pa tout enkyetid ki pa bon. Natirèlman, nou konn santi nou yon jan strese anvan yon egzamen, anvan n fè yon prezantasyon oswa anvan yon entèvyou pou yon travay. Epitou, lè nou gen bonjan krent pou danje sa ap ede nou evite fè tèt nou mal. Men lè nou enkyete alekstrèm oubyen nou toujou enkyè sa ka ban nou gwo pwoblèm. Kèk etid yo te fè, sa pa gen twò lontan, sou plis pase 68 000 adilt montre menmsi se yon ti enkyetid yon moun genyen sa ka ogmante ris pou l mouri pi bonè. Donk, Jezi te gen bonjan rezon lè l te mande: “Kiyès nan nou, lefètke l ap bay tèt li pwoblèm, ki ka mete menm yon yota sou longè lavi l?” Anfèt, enkyetid pa pwolonje lavi okenn moun. Se sa k fè, Jezi te bay konsèy sa a: “Sispann bay tèt nou pwoblèm.” (Matye 6:25, 27). Èske yon bagay konsa ka posib vre?

N ap jwenn repons lan, lè nou aplike sajès pratik, lè nou montre bonjan lafwa nan Bondye ak lè nou chèche gen yon espwa ki sèten pou lavni. Menmsi kounye a, nou pap fè fas ak yon sitiyasyon kritik, sa ka rive nou alavni. Kidonk, ann wè ki jan diferan bagay nou sot site yo te ede Paul, Janet, ak Alona fè fas ak enkyetid.