Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LABIB CHANJE LAVI MOUN

Mwen aprann Jewova gen mizèrikòd e li konn padone

Mwen aprann Jewova gen mizèrikòd e li konn padone
  • ANE LI FÈT: 1954

  • PEYI KOTE LI SOTI: KANADA

  • ANVAN: MWEN TE KONN FÈ FWOD E M TE KONN JWE AZA

VI MWEN T AP MENNEN:

Mwen te grandi nan yon zòn nan vil Monreyal ki pa t gen anpil travay. Lè m te gen sis mwa, papa m te mouri, e li te kite manman m ak tout kay la sou responsablite l. Fanmi an te gen uit timoun e se mwen ki te pi piti.

Toutpandan mwen t ap grandi, tout lavi m se dwòg, jwèt aza, vyolans e m te gen kontak ak kriminèl. Lè m te gen dizan, mwen te kòmanse al achte pou pwostitye ak pou izirye. Byen souvan, mwen te konn bay manti, m te pran plezi pou m manipile moun, e pou m rive fè sa, m te konn fè tout kalite fwod. Bagay sa a te tankou yon dwòg pou mwen.

Lè m te gen 14 an, mwen te fò nan fè plan pou m twonpe moun. Pa egzanp, m te konn achte yon gwo kantite bijou garanti tankou mont, braslè ak bag epi m grave 14 kara sou yo ak yon so. Apre sa, mwen t al vann yo nan lari ak nan gwo pakin ki nan sant komèsyal yo. Mwen te renmen fè lajan san swe. Yon lè, mwen te fè 10 000 dola kanadyen yon sèl jou!

Lè m te gen 15 an yo te mete m deyò nan lekòl mwen te ye a, se te yon mezon koreksyon. Mwen pa t gen kote pou m rete ankò. Mwen te konn dòmi nan lari, sou plas piblik, oubyen lakay kèk zanmi m te apèn konnen ki te mennen m lakay yo.

Akoz aktivite malonèt mwen te konn fè yo, souvan lapolis te entèwoje m. Etandone m pa t konn vòlè bagay pou m vann, yo pa t janm mete m nan prizon. Sepandan, mwen te konn peye anpil lajan kòm amann pou fwod, pou falsifikasyon e poutèt m te konn fè komès san pèmi. M pa t pè okenn moun, m te menm konn al ranmase lajan pou izirye. Aktivite sa a te gen anpil danje, pafwa mwen te konn pote yon zam. Nan kèk okazyon mwen te travay pou yon òganizasyon kriminèl.

FASON LABIB CHANJE LAVI M:

Premye fwa m te pran kontak ak Bib la se lè m te gen apèn 17 an. Mwen t ap viv ak yon ti dam ki mennaj mwen e l te vin ap etidye Labib ak Temwen Jewova yo. Men, mwen pa t dakò ak entèdiksyon Bib la bay nan domèn moral, poutèt sa mwen te kite avè l e mwen t al viv ak yon lòt fi mwen t ap frekante.

Gen yon gwo chanjman ki fèt lè dezyèm mennaj mwen an te vin ap etidye ak Temwen yo tou! Li te fè anpil chanjman nan lavi l, e m te sezi wè jan li vin pi dou e li gen plis pasyans. Mwen te aksepte yon envitasyon yo te fè m pou m vin nan yon reyinyon nan Sal Wayòm Temwen Jewova yo. Moun yo te byen akeyi m, yo te byen abiye e yo te janti. Ala yon gwo diferans ak monn mwen te konnen an! Mwen pa t janm santi moun nan fanmi m te bezwen m. Pandan tout anfans mwen, mwen pa t jwenn lanmou ak tandrès nan men pyès moun. Lanmou m te jwenn lakay Temwen Jewova yo se egzakteman sa mwen te anvi anpil. Lè Temwen yo te ofri m pou yo etidye Labib avè m mwen te kontan aksepte.

Sa m t ap aprann nan Bib la petèt te sove lavi m. Mwen menm ak de lòt patnè t ap planifye pou n al vòlè yon kote pou m te ka jwenn kòb pou m peye dèt mwen genyen nan jwèt aza. Yon lajan ki te plis pase 50 000 dola kanadyen. Men se pa ti kontan mwen kontan lefètke mwen te retire kò m! Ansyen patnè m yo te kontinye pwojè a, e yo t al vòlè a. Yo te arete youn nan yo e yo te touye lòt la.

Toutpandan m t ap kontinye etidye Labib, mwen te vin wè kantite chanjman mwen bezwen fè. Pa egzanp, mwen te aprann nan 1 Korentyen 6:10 Bib la di: “Ni vòlè, ni moun ki ava, ni bwasonyè, ni moun k ap joure moun, ni dechèpiyè, yo youn pap benefisye wayòm Bondye a.” Lè m te fin li vèsè sa a, sitiyasyon grav mwen te ye a te fè dlo koule nan je m. Mwen te rann mwen kont mwen bezwen chanje lavi m nèt (Women 12:2). Mwen te vyolan, m te agresif e tout lavi m te chita sou manti.

Sepandan, nan etid Labib mwen te fè a tou, mwen aprann Jewova gen mizèrikòd e li konn padone (Izayi 1:18). Mwen te priye Jewova anpil, mwen te sipliye l pou l ede m libere anba lavi m t ap mennen an. Grasa èd li, tikras pa tikras, mwen te fè chanjman nan pèsonalite m. Mwen te franchi yon etap enpòtan lè mwen menm ak mennaj mwen te legalize lavi nou, nou te marye.

Mwen vivan jodi a paske m aplike prensip ki nan Bib la.

Mwen te gen 24 an, m te yon mesye marye e m te gen twa pitit. Kounye a fò m chèche yon travay ki legal pou m fè. Men, mwen pa t fè gwo klas e m pa gen pèsòn kòm referans. Yon lòt fwa ankò, m te priye Jewova anpil. Apre sa, mwen pran lari m al chèche travay. Lè m te jwenn yon anplwayè ki anvi pran m, mwen te esplike l mwen vle chanje lavi m e m vle fè yon jounen travay onèt. Pafwa, mwen te esplike l m ap etidye Labib e sa m ta renmen se pou m vin yon pi bon sitwayen. Anpil anplwayè ki ta ka anboche m te refize pran m. Finalman, apre m te fin pale franchman ak yon moun ki t ap fè entèvyou avè m, mwen te rakonte l tout pwoblèm mwen te genyen lontan, moun ki t ap fè entèvyou avè m nan di m: “Mwen vrèman pa konn poukisa, men mwen santi gen yon bagay k ap di m mwen dwe pran w nan travay la.” Mwen kwè se te repons Jewova ban mwen pou priyè m yo. Avèk letan, mwen menm ak madanm mwen te batize, nou vin Temwen Jewova.

BYENFÈ MWEN JWENN:

Mwen vivan jodi a paske m aplike prensip ki nan Bib la e mwen viv antanke kretyen. Mwen gen fanmi pa m e se yon bon ti fanmi. Piske m gen konviksyon Jewova padone m, mwen gen yon konsyans ki klè.

Pandan 14 dènye ane yo, mwen sèvi kòm minis aplentan, sa vle di, an mwayèn, mwen pase 70 èdtan chak mwa nan travay predikasyon an. Konsa mwen ede lòt moun aprann konnen sa Labib anseye, e pa gen lontan, madanm mwen vin jwenn mwen nan sèvis aplentan tou. Pandan 30 ane ki pase yo, mwen te gen lajwa pou m ede 22 nan kòlèg travay mwen vin sèvi Jewova. Mwen toujou ale nan sant komèsyal yo, men, se pa pou m twonpe moun ankò jan mwen te konn fè sa. Kounye a, lè m al la, byen souvan, se pou m pataje kwayans mwen ak lòt moun. Mwen vle bay moun yo yon bagay: esperans pou yo viv nan yon monn nouvo alavni kote pap gen moun k ap fè fwod ankò. — Sòm 37:10, 11.