Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 KONVÈSASYON AK YON MOUN NAN VWAZINAJ LA

Èske sa pa di Jewova anyen lè n ap soufri?

Èske sa pa di Jewova anyen lè n ap soufri?

Konvèsasyon ki vin apre a se stil konvèsasyon yon Temwen Jewova te ka genyen avèk yon moun nan vwazinaj li. Ann imajine gen yon Temwen Jewova ki rele Michèl ki rive lakay yon dam ki rele Sofya.

KI JAN L FÈ KITE YON BAGAY KONSA RIVE?

Michèl: M pase wè moun nan zòn nan pou m ka kite feyè sa a pou yo. Li gen tit Èske w ta renmen konn verite a? M pote youn pou ou tou.

Sofya: Èske se yon feyè ki pale sou Labib?

Michèl: Wi. Gen sis kesyon yo poze nan premye paj la. Kiyès ladan yo ou ta —

Sofya: M ap fè yon ti kanpe w. Se tan w ap pèdi si w kontinye pale avè m.

Michèl: Sa k fè w di sa?

Sofya: Pou byen di w, m pa sèten m kwè nan Bondye.

Michèl: Bon, m apresye franchiz ou. Men, èske m ka poze w yon kesyon?

Sofya: M ap koute w.

Michèl: Èske w pa t janm kwè nan Bondye?

Sofya: Wi, m te kwè nan Bondye lontan, lè m te timoun m te toujou konn al legliz. Men, sa gen lontan depi m pa al legliz ankò.

Michèl: M konprann. Bon, kounye a kite m fè konesans avè w. Mwen rele Michèl.

Sofya: Non pa m se Sofya.

Michèl: M byen kontan konnen w Sofya.

Sofya: Mwen menm tou.

Michèl: Sofya, m pa vin lakay ou pou m fòse w kwè nan sa m kwè. Men, m ta renmen konnen si gen yon bagay ki fè w vin gen dout sou egzistans Bondye?

Sofya: Wi. Manman m te fè yon gwo aksidan machin. Sa gen 17 an.

Michèl: Oo! Sa byen fè m mal pou m tande sa. Èske li te blese?

Sofya: Wi, epi depi lè a li paralize.

Michèl: Adye! Sa vrèman tris. Ou dwe te boulvèse anpil lè sa a.

Sofya: Wi, sa te fè m tris anpil. Se sa k fè m pa janm sispann mande tèt mwen: Si Bondye egziste vre ki jan l fè kite yon bagay konsa rive? Poukisa Bondye kite n ap soufri konsa?

ÈSKE SE YON MOVE BAGAY SI NOU MANDE POUKISA?

Michèl: M konprann santiman k ap travèse w yo Sofya e m konprann kesyon ou poze yo. Li nòmal pou mande poukisa. Anfèt, menm kèk moun fidèl nan tan biblik yo konn poze kesyon sou sa tou.

Sofya: Se vre?

Michèl: Wi. Èske w vle m montre w yon egzanp nan Bib la?

Sofya: M t ap byen kontan.

Michèl: Gade ki kesyon Abakouk, yon pwofèt fidèl, te poze Bondye. Se nan Abakouk chapit 1, vèsè 2 ak 3: “Senyè! Konbe tan ankò pou m pase ap rele ou, ap mande ou sekou anvan pou ou tande m? Konbe tan ankò pou m pase ap rele nan zòrèy ou anvan pou ou vin delivre nou anba moun k’ap maltrete nou yo? Poukisa w’ap fè m wè tout mechanste sa yo?” Èske kesyon sa yo sanble ak kesyon ou konn ap poze yo?

Sofya: Wi, yo sanble ak kesyon m yo.

Michèl: Bondye pa t janm fache sou Abakouk poutèt li te poze kesyon sa yo. Ni li pa t di Abakouk li bezwen gen plis lafwa.

Sofya: Sa enteresan.

JEWOVA RAYI SOUFRANS

Michèl: Bib la fè nou konnen Bondye wè soufrans nou yo e li gen kè sansib pou nou.

Sofya: Ki sa w vle di?

 Michèl: Ki te m montre w yon egzanp nan Egzòd 3:7. Èske w vle li vèsè sa a pou mwen?

Sofya: Mèwi. Li di: “Senyè a di: Mwen wè tray pèp mwen an ap pase nan peyi Lejip. Mwen tande jan y’ap rele anba men moun k’ap peze yo. Wi, mwen konnen jan y’ap soufri. ”

Michèl: Mèsi anpil. Selon vèsè sa a, èske Bondye wè lè pèp li a ap soufri?

Sofya: Wi, sanble li wè lè y ap soufri.

Michèl: Epi, li pa annik wè sa k ap pase yon fason vag. Gade sa yo di nan dènye pati vèsè a. Bondye di: “Wi, mwen konnen jan y’ap soufri.” Èske w wè pawòl sa yo sanble ak pawòl yon Bondye ki vag e ki pran distans li ak moun?

Sofya: Non, pa vrèman.

Michèl: Natirèlman, Bondye pa wè pwoblèm nou yo sèlman, men tou li gen lapèn lè l wè nou gen pwoblèm.

Sofya: Se vre?

Michèl: Annou li yon lòt istwa ki pale sou pèp Bondye a ki te nan soufrans. Nou jwenn istwa sa a nan Izayi 63:9, NW. Men sa nou li nan premye pati vèsè a: “Toutpandan yo te nan detrès, se te yon detrès sa te ye pou li.” Dapre ou menm, lè pèp Bondye a ap soufri, èske sa gen efè sou Bondye?

Sofya: Wi, sa gen efè sou li.

Michèl: An reyalite, Sofya, Bondye sansib anpil pou nou, e li pa kontan ditou lè l wè n ap soufri. Lè yon bagay fè nou mal, sa fè l mal tou.

POUKISA LI PRAN TOUT TAN SA A?

Michèl: Anvan m ale gen yon lòt bagay m ta renmen montre w.

Sofya: Dakò.

Michèl: Ann gade sa Bib la aprann nou sou pouvwa Bondye genyen. Vèsè ki nan lespri m nan se Jeremi 10:12. Èske w vle li l?

Sofya: Mèwi. Li di: “Senyè a te fè latè ak fòs pouvwa li. Li kreye dènye bagay ak bon konprann li. Avèk entèlijans li, li louvri syèl la anwo latè.”

Michèl: Mèsi. Ann fè yon ti reflechi sou vèsè sa a pou yon ti moman. Èske Bondye te bezwen anpil fòs pou l kreye kokenn linivè a ak tout bagay ki ladan l?

Sofya: Wi, pa gen dout nan sa.

Michèl: Kounye a, si Bondye gen pouvwa pou l kreye tout bagay ki antoure nou yo, èske li pa nòmal pou nou kwè li gen pouvwa pou l kontwole kreyasyon l lan tou?

Sofya: Wi.

Michèl: Ann fè yon ti pale de manman w ankò. Poukisa sa ba w pwoblèm lè w wè l ap soufri?

Sofya: Paske m renmen l. Se manman m.

Michèl: Si w ta gen pouvwa pou w geri l jodi a, èske w pa t ap fè sa?

Sofya: Wi.

Michèl: Fè yon ti reflechi sou sa sa vle di. Bib la di Bondye wè soufrans nou yo, li sansib pou nou e li gen yon kokenn pouvwa. Kounye a, èske w imajine jan sa mande pou Bondye gen anpil metriz pou l pa annik aji pou l mete fen nan soufrans nou yo imedyatman?

Sofya: M pa t janm reflechi sou sijè a konsa.

Michèl: Èske sa pa vle di li gen bon rezon ki fè li poko aji pou l mete fen nan pwoblèm nou yo? *

Sofya: Hmm, m panse li gen bon rezon pou sa.

Michèl: M tande telefòn ou ap sonnen, ann pran randevou pou m ka tounen yon lòt jou pou n ka pale plis sou sijè sa a.

Sofya: Mèsi bokou Michèl. M ap byen kontan. *

Èske gen yon sijè ou konn ap poze tèt ou kesyon sou li? Èske w ta renmen konnen kèk nan kwayans Temwen Jewova yo oubyen èske w ta renmen konnen relijyon yo a pi byen? Si se sa, pa ezite poze yon Temwen Jewova kesyon w genyen yo. L ap byen kontan pale avè w sou sijè sa yo.

^ § 63 Pou plis enfòmasyon gade liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a, nan chapit 11 lan. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

^ § 66 Gen yon lòt atik nan seri sa a ki pral pale sou rezon ki fè Bondye pèmèt soufrans.