Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

‘Yon lè pou renmen, yon lè pou rayi’

‘Yon lè pou renmen, yon lè pou rayi’

‘Yon lè pou renmen, yon lè pou rayi’

“BONDYE se lanmou.” Nan kèk peyi, gen moun ki ankadre pawòl sa yo e yo mete yo sou mi lakay yo. Anfèt, se yon bèl pawòl ki montre sa Bondye ye. Li se lanmou an pèsòn.

Epoutan, anpil moun pa konnen si pawòl sa yo sot nan Bib la. Se apot Jan ki te ekri pawòl ki vin annapre yo: “Yon moun ki pa gen lanmou pa rive konn Bondye, paske Bondye se lanmou.” ​(1 Jan 4:8). Men sa Jan te ekri tou konsènan lanmou Bondye genyen pou monn ki konpoze ak moun ki gen posiblite sove yo: “Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit li fè a pou li, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an.” — Jan 3:16.

Gen moun, lefètke yo konn sa, yo ka panse Bondye toujou dispoze pase sou kèlkeswa sa nou fè. Fason anpil moun ap viv montre yo panse kèlkeswa jan yo kondui tèt yo Bondye pap mande yo kont pou fason yo aji. Men, èske se vre? Èske Bondye renmen tout moun, ni bon ni mechan? Èske Bondye janm gen lahèn lakay li?

Bondye konn renmen e li konn rayi

Men deklarasyon wa Salomon ki te gen sajès te fè: “Gen yon lè pou chak bagay. [Gen] yon tan pou chak bagay k’ap fèt sou latè. [Yon] lè pou ou renmen, [yon] lè pou ou rayi.” ​(Eklezyas 3:1, 8). Ann amoni ak prensip sa a, byenke Bondye gen anpil lanmou ak bonte, gende moman li gen hèn lakay li.

Toudabò, ki sans mo “rayi” a genyen nan Bib la? Men repons yon ouvraj referans bay: “Nan Ekriti yo, mo ‘rayi’ a gen plizyè siyifikasyon. Li kapab vle di pa vle wè yon bagay oswa yon moun menm, konpòtman malveyan byen souvan ki gen mechanste ladan l. Yon hèn konsa ka fè yon moun ap chèche fè moun li rayi a mal.” Se ak siyifikasyon sa a nou plis abitye, e nou wè efè yon hèn konsa genyen toupatou nan monn nan. Men, menm ouvraj sa a di apre sa: “‘Rayi’ kapab vle di tou pa renmen yon bagay menm, men, san moun ki pa renmen bagay la pa gen nan entansyon l pou l fè anyen ki mal.”

Se dezyèm sans sa a nou pral egzamine kounye a. Se yon gwo degoutans, yon gwo repiyans, li pa vle di mechanste, mepri oubyen anvi fè moun mal. Èske Bondye ka gen hèn sa a lakay li? Men sa Pwovèb 6:16-19 di: “Gen sis bagay Senyè a pa vle wè. Sa m’ap di la a: Gen menm sèt bagay li pa ka sipòte: Se moun k’ap gonfle lestonmak yo sou moun, se moun k’ap bay manti, se moun k’ap touye moun inonsan, se moun k’ap fè move lide nan tèt yo pou fè mechanste, se moun ki toujou pare pou fè sa ki mal, se fo temwen k’ap bay manti sou moun, se moun k’ap mete frè ak zanmi dozado.”

Jan nou ka wè sa, gen kèk abitid Bondye rayi. Men, sa pa vle di li oblije rayi moun ki fè bagay sa yo. Li pran yon seri sitiyasyon an konsiderasyon, tankou feblès lachè, anviwònman kote moun nan ye a, fason yo te leve l, ak inyorans (Jenèz 8:21; Women 5:12). Moun ki te ekri liv Pwovèb la bay yon bèl egzanp pou esplike sa. Men sa l di: “Senyè a korije moun li renmen, menm jan yon papa korije pitit li renmen anpil la.” ​(Pwovèb 3:12). Yon paran ka rayi sa pitit li ki dezobeyisan fè, men li toujou renmen pitit li e li fè tout sa l kapab pou l ede l kite move konduit li genyen lè l disipline l. Jewova ki gen lanmou aji menm jan an lè l wè gen espwa pou l delivre yon moun ki peche.

Lè gen rezon pou gen hèn

Men, e si malgre yon moun vin konn volonte Bondye li refize fè l? Ebyen, Bondye pap renmen moun sa a, li pap jwenn favè Bondye. Si l deside fè sa Jewova rayi, li lakòz Jewova rayi l. Pa egzanp, Labib di: “Kit yo bon, kit yo mechan, Bondye ap gade sa y’ap fè. Li pa vle wè moun k’ap fè mechanste.” ​(Sòm 11:5). Pa gen padon pou yon moun konsa ki pa repanti, jan apot Pòl fè konn sa byen klè nan lèt li te ekri kretyen ebre yo. Men sa l te di: “Si nou fè espre n ap pratike peche apre nou fin resevwa konesans egzak sou verite a, pa rete okenn sakrifis ankò pou peche nou yo, men, gen yon jijman terib k ap tann nou, e gen yon endiyasyon ki tankou yon dife ki pral kankannen moun ki opoze yo.” ​(Ebre 10:26, 27). Poukisa yon Dye ki gen lanmou reyaji konsa?

Lè yon moun fè espre l ap pratike yon peche ki grav, moun sa a ka vin sitèlman mechan, sa fè li vin enposib pou l chanje. Li ka vin yon moun ki deprave, yon moun ki pap korije, yon ka pèdi. Bib la konpare yon moun konsa ak yon leyopa ki pa ka efase takte ki sou po l yo (Jeremi 13:23). Si yon moun pa repanti, moun sa a fè peche Labib rele “peche ki pap janm padone” a. — Mak 3:29.

Se sa k te rive Adan ak Èv ansanm ak Jida Iskaryòt. Etandone Adan ak Èv te fèt pafè, e etandone kòmandman Bondye te ba yo a te klè e yo toule de te konprann li, li klè se espre yo te fè lè yo te peche a, e se pou sa yo pa merite padon. Pawòl Bondye te di yo apre sa montre li pa t mande yo pou yo repanti (Jenèz 3:16-24). Byenke Jida te enpafè, li te gen relasyon sere ak pwòp Pitit Bondye a, epoutan li te vin yon trèt. Jezi te pale de li kòm “pitit destriksyon an”. (Jan 17:12.) Labib pale de Dyab la tou kòm yon zanj ki gen anpil tan depi l ap peche. E se destriksyon sèlman k ap tann li (1 Jan 3:8; Revelasyon 12:12). Yo tout lakòz Bondye rayi yo.

Men, li rekonfòtan pou nou konnen se pa depi yon moun fè peche li pa gen reparasyon. Jewova gen anpil pasyans e li pa pran plezi pini moun ki peche akoz inyorans (Ezekyèl 33:11). Li envite yo repanti pou yo ka jwenn padon. Men sa nou li nan Bib la: “Se pou mechan yo kite move chemen y’ap swiv la. Se pou malveyan yo wete move lide k’ap travay nan tèt yo. Se pou yo tounen vin jwenn Senyè a ki va gen pitye pou yo. Se pou yo tounen vin jwenn Bondye nou an, paske l’ap padonnen tou sa yo fè.” — Ezayi (Izayi) 55:7.

Ekilib nan fason moun konsidere lanmou ak lahèn

Li klè, vrè kretyen yo, antanke moun k ap imite Bondye, bezwen konnen ki ‘lè pou yo renmen’ e ki ‘lè pou yo rayi’. Depi yon moun nan santimantalite ak moun, sa ka fè l pa gen ekilib nan fason li konsidere lanmou ak mizèrikòd. Men, pawòl disip Jid te di yo ka ede nou gen bonjan ekilib ant montre mizèrikòd ak rayi peche. Men sa l te di: “Kontinye fè lòt moun mizèrikòd. Se pou nou fè sa avèk krent, pandan nou rayi ata rad kò a sal la.” ​(Jid 22, 23). Kidonk, nou dwe rayi sa ki mal, men nou pa rayi moun k ap fè sa ki mal la.

Anplis de sa, kretyen yo resevwa lòd pou yo demontre lanmou pou ènmi yo lè yo aji byen ak ènmi yo. Men sa Jezi te di: “Kontinye renmen ènmi nou, e kontinye priye pou moun k ap pèsekite nou.” ​(Matye 5:44). Se poutèt sa Temwen Jewova yo pa sispann preche pwochen yo bon nouvèl Wayòm Bondye a, menm lè gen kèk moun ki pa byen reyaji devan mesaj sa a (Matye 24:14). Temwen Jewova yo wè bagay yo menm jan Bib la wè yo e yo konsidere chak moun kòm yon moun ki gen posiblite benefisye lanmou ak mizèrikòd Jewova. Lè moun pa apresye efò Temwen yo fè pou yo ede yo oswa lè yo rejte yo oubyen menm lè yo pèsekite yo, Temwen yo suiv konsèy apot Pòl te bay la. Men sa l te di: “Kontinye mande Bondye pou l beni moun k ap pèsekite nou yo. Mande benediksyon, pa mande malediksyon. [...] Pa rann pèsonn mal pou mal.” ​(Women 12:14, 17). Yo sonje se Jewova k ap deside kiyès ki merite pou l renmen l e kiyès ki merite pou l rayi l. Se li ki pi gwo Jij k ap deside kiyès ki merite lavi e kiyès ki merite lanmò. — Ebre 10:30.

Wi, “Bondye se lanmou”. E nou menm, nou ta dwe demontre apresyasyon pou lanmou li gen pou nou e nou ta dwe fè efò pou nou konn volonte l e pou nou fè sa l mande. Temwen Jewova nan zòn bò lakay ou ap byen kontan ede w aprann sa ki volonte Bondye nan pwòp bib ou e y ap montre w ki jan pou w aplike sa w aprann nan nan lavi w. Si w fè sa, w ap evite pou Bondye rayi w e w ap benefisye lanmou l.

[Antrefilè nan paj 13]

“Gen sis bagay Senyè a pa vle wè. Sa m’ap di la a: Gen menm sèt bagay li pa ka sipòte: Se moun k’ap gonfle lestonmak yo sou moun, se moun k’ap bay manti, se moun k’ap touye moun inonsan, se moun k’ap fè move lide nan tèt yo pou fè mechanste, se moun ki toujou pare pou fè sa ki mal, se fo temwen k’ap bay manti sou moun, se moun k’ap mete frè ak zanmi dozado.” — PWOVÈB 6:16-19.

[Antrefilè nan paj 14]

“Si nou fè espre n ap pratike peche apre nou fin resevwa konesans egzak sou verite a, pa rete okenn sakrifis ankò pou peche nou yo, men, gen yon jijman terib k ap tann nou.” — EBRE 10:26, 27.

[Antrefilè nan paj 15]

“Se pou mechan yo kite move chemen y’ap swiv la. Se pou malveyan yo wete move lide k’ap travay nan tèt yo. Se pou yo tounen vin jwenn Senyè a ki va gen pitye pou yo. [...] L’ap padonnen tou sa yo fè.” — EZAYI 55:7.

[Foto nan paj 14]

Yon paran ki gen lanmou disipline pitit li pou l ede l.

[Foto nan paj 15]

Anpil moun ki nan prizon benefisye lanmou Bondye ak mizèrikòd li.