Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sèt etap pou w tire pwofi nan lekti Labib ou

Sèt etap pou w tire pwofi nan lekti Labib ou

Sèt etap pou w tire pwofi nan lekti Labib ou

“Bib la pa sèlman liv yo vann pi plis nan tout epòk, men tou, se liv yo vann pi plis chak ane.” —TIME MAGAZINE

“Mwen li Bib la pafwa, men mwen pa wè li enteresan ditou.” —KEITH, YON MIZISYEN SELÈB ANN ANGLETÈ.

ANPIL moun gen yon Bib lakay yo, men, yon bagay ki etonan, sèke yo pa tire anpil pwofi ladan l lè yo li l. Sepandan, gen lòt moun ki apresye anpil sa yo li ladan l. Pa egzanp, men sa yon fi ki rele Nancy di: “Depi lè m kòmanse li Bib la e m kòmanse medite sou sa m li ladan l byen bonè chak maten, mwen santi m pare pou m fè fas ak nenpòt pwoblèm mwen ka rankontre pandan jounen an. Abitid sa a m vin genyen an plis soulaje m anba pwoblèm depresyon m nan pase tout sa mwen te eseye nan 35 dènye ane ki pase yo.”

Menmsi w pa t janm li Bib la, èske sa etone w dèske gen moun li ede? Si w abitye li Bib la deja, èske w pa ta renmen tire plis pwofi nan lekti w ap fè ladan l? Si w ta renmen sa, eseye sèt etap yo bay nan atik sa a.

Etap 1 — Li avèk bon mobil

▪ Ou kapab li Bib la senpleman paske ou panse se yon bèl liv, paske ou santi ou oblije fè sa oubyen paske ou vle jwenn konsèy pou gide w nan monn sa a ki chaje ak pwoblèm. Sepandan, w ap tire plis pwofi ladan l si w li l nan objektif pou w aprann laverite sou Bondye. Mete sou sa, w ap jwenn anpil byenfè si w li l nan entansyon pou w wè ki efè mesaj ki ladan l lan ka genyen sou lavi w.

Ekriti yo montre li enpòtan pou nou li Bib la avèk bon mobil lè yo konpare Bib la ak yon glas. Men sa nou li ladan yo: “Lè yon moun tande pawòl la ase, san li pa fè sa pawòl la mande l fè, li tankou yon moun ki gade figi l nan yon glas. Men, kou l vire do l ale, lamenm li bliye kisa li sanble. Men, moun ki fikse je l sou lalwa ki bon nèt la, lalwa ki bay libète a, si l sòti pou l fè sa lalwa a mande, si li pa yon moun ki kite pawòl la antre nan yon zòrèy sòti nan yon lòt, men ki fè sa lalwa a mande, moun sa a va jwenn benediksyon nan sa l’ap fè a.” —Jak 1:23-25.

Moun yo mansyone nan egzanp sa a gade figi l nan glas la, men li pa fè anyen pou l ranje aparans li. Petèt li annik voye yon koudèy byen rapid oubyen li pa vrèman vle fè chanjman li ta dwe fè yo. Menm jan an tou, nou pap tire anpil pwofi si nou li Bib la yon lè konsa oswa nou pa aplike sa nou aprann yo. Yon lòt bò, nou kapab vrèman gen kè kontan si nou li l nan entansyon pou nou “fè” sa li mande nou. Konsa, n ap kite panse Bondye enfliyanse panse nou ak aksyon nou.

Etap 2 — Chwazi yon tradiksyon Labib ki fyab

▪ Petèt gen yon pakèt tradiksyon Labib ki disponib nan lang pa w, e ou ka chwazi itilize ladan yo. Byenke nenpòt tradiksyon Labib kapab ede w, genyen ladan yo ki gen yon langaj ansyen oubyen yon langaj moun save, sa ki kapab fè li difisil pou moun konprann yo (Travay 4:13). Gen tradiksyon ki menm chanje mesaj verite ki gen nan Bib la pou yo suiv yon seri tradisyon. Pa egzanp, jan nou te wè sa nan atik ki nan kòmansman jounal sa a, genyen ladan yo ki retire non Bondye, Jewova, nan Bib la e ki ranplase l ak tit tankou “Bondye” oswa “Seyè”. Se sa k fè, lè w ap chwazi yon tradiksyon Labib, ou bezwen chèche youn ki egzak, ki gen yon langaj ki fasil pou moun konprann e ki ankouraje yo li l.

Gen plizyè milyon lektè sou tout tè a ki twouve Traduction du monde nouveau a se yon bon tradiksyon nan sans sa a *. Annou pran egzanp yon mesye aje k ap viv nan peyi Bilgari. Li t al asiste yon reyinyon Temwen Jewova yo e yo te ba li yon Bib Traduction du monde nouveau. Men sa li te di annapre: “Mwen gen plizyè ane depi m ap li Labib; mwen pa janm jwenn yon tradiksyon ki pi fasil pou konprann e ki touche kè moun konsa.”

Etap 3 — Priye

▪ Ou kapab konprann Bib la pi byen si w mande Mèt li pou l ede w, menm jan ak salmis la ki te di: “Louvri je m pou m ka wè bèl bagay ki nan lalwa ou la.” ​(Sòm 119:18). Priye Bondye chak fwa w ap li Ekriti yo, mande l pou l ede w konprann Pawòl li a. Ou kapab remèsye l tou pou Bib la paske, san Bib la, nou pa t ap ka konnen Bondye. —Sòm 119:62.

Èske Bondye koute priyè nou fè l pou nou mande l ede nou konprann Bib la? Annou pran egzanp sa k te pase de jèn fi ki se de sè chanèl k ap viv nan peyi Irigwe. Yo te gen pwoblèm pou yo konprann sa Bib la di nan Dànyèl 2:44 e yo te priye Bondye pou l voye yon moun vin ede yo konprann vèsè a. Pandan yo t ap li nan Bib yo a toujou, de Temwen Jewova te vin lakay yo, yo li menm vèsè yo te priye pou yo konprann nan epi yo esplike yo vèsè a montre Wayòm Bondye a gen pou l ranplase gouvènman lèzòm yo *. De sè chanèl sa yo te kwè ak tout kè yo se Bondye ki te reponn priyè yo.

Etap 4 — Li chak jou

▪ Gen yon moun ki vann liv ki te fè remake apre atak teworis ki te fèt Ozetazini nan jou ki te 11 septanm 2001 an, “kantite Bib moun te konn achte te ogmante anpil”. Anpil moun, se sèlman lè yo nan moman detrès yo enterese nan Pawòl Bondye a. Sepandan, Labib ankouraje nou pou nou li l chak jou lè l di: “Se pou pawòl ki nan liv lalwa a toujou nan bouch ou. Se pou w’ap kalkile yo nan tèt ou lajounen kou lannwit, pou ou ka viv dapre sa ki ekri nan liv la. Se konsa w’a mennen bak ou byen. Tout zafè ou va mache byen.” —Jozye 1:8.

Yon egzanp nou kapab pran pou montre enpòtans pou moun li Bib la regilyèman se egzanp yon moun ki gen pwoblèm kè e ki deside pou l manje manje ki pi bon pou li. Èske rejim sa a ap ede l si se sèlman lè li santi yon gwo doulè li suiv li? Non. Pou rejim nan kapab ede l, li dwe kontinye suiv li toutan. Menm jan an tou, se lè w li Labib chak jou, lekti a ap ede w “mennen bak ou byen”.

Etap 5 — Itilize diferan metòd

▪ Li ka bon pou w li Bib la soti depi Jenèz rive nan Revelasyon, men tou ou kapab twouve li byen enteresan si w itilize diferan metòd. Men kèk sijesyon.

Fè lekti sou yon moun an patikilye. Li tout chapit oswa tout liv ki pale sou yon adoratè Bondye an patikilye, pa egzanp:

Jozèf: Jenèz 37-50.

Rit: Rit 1-3.

Jezi: Matye 1-28; Mak 1-16; Lik 1-24; Jan 1-21 *.

Konsantre w sou yon sijè. Li tout vèsè ki gen rapò ak sijè sa a. Pa egzanp, ou kapab fè rechèch sou lapriyè, lè w li konsèy Bib la bay konsènan lapriyè epi w egzamine kèk nan pakèt priyè ki nan Bib la *.

Li awotvwa. Ou kapab tire anpil pwofi si w li Bib la awotvwa (Revelasyon 1:3). Ou kapab menm fè sa ansanm ak fanmi w. Yon moun kapab li yon paragraf, apre sa yon lòt moun li paragraf ki vin apre a oswa chak manm fanmi an kapab jwe wòl yon pèsonaj biblik. Gen moun ki renmen koute anrejistreman ki gen lekti Labib sou yo. Men sa yon dam te di: “Li te difisil pou mwen pou m kòmanse [li Bib la]; se sa k fè mwen te koute anrejistreman lekti Labib yo. Kounye a mwen twouve Bib la pi enteresan pase yon bon woman.”

Etap 6 — Medite

▪ Jodi a, bagay yo tèlman ale vit e tèlman gen bagay pou moun fè, moun pa gen tan pou yo medite. Sepandan, menm jan pou nou tire pwofi nan manje nou manje nou bezwen byen dijere yo, se konsa tou, nou bezwen medite sou sa nou li nan Bib la pou nou ka tire pwofi ladan l. Nou fè sa lè nou fè yon revizyon nan lespri nou sou sa nou li e nou poze tèt nou yon seri kesyon tankou: ‘Ki sa mwen aprann konsènan Jewova Dye? Ki jan mwen ka aplike enfòmasyon sa a sou mwen? Ki jan m kapab itilize enfòmasyon sa a pou m ede lòt moun?’

Lè nou reflechi konsa, sa ap pèmèt mesaj ki nan Bib la touche kè nou e sa ap pèmèt nou jwenn plis jwa lè n ap li Pawòl Bondye a. Men sa Sòm 119:97 di: “Ala renmen mwen renmen lalwa ou la! Se tout lajounen m’ap kalkile sou li.” Salmis la te kalkile sou Ekriti yo tout lajounen, sa vle di li te medite sou yo. Lefètke li te fè sa, sa te fè l vin renmen sa l t ap aprann yo anpil.

Etap 7 — Chèche moun pou ede w konprann

▪ Bondye pa atann pou nou konprann Pawòl li a nèt poukont nou. Menm Bib la montre li gen bagay ladan l ki “difisil pou [moun] konprann”. (2 Pyè 3:16.) Nan liv Travay la, yo montre te gen yon fonksyonè peyi Etyopi ki pa t konprann yon pòsyon li t ap li nan Bib la. Bondye te voye yon sèvitè l al ede l. Kòm rezilta, Etyopyen an “te kontinye chemen l ak kè kontan”. —Travay 8:26-39.

Ou menm tou, ou kapab tire plis pwofi nan lekti Labib ou fè si w chèche moun pou ede w konprann sa w li nan Bib la. Kontakte Temwen Jewova ki rete nan zòn bò lakay ou oubyen ekri Temwen Jewova yo nan youn nan adrès ki nan paj 4 nan peryodik sa a pou yo vin etidye Labib gratis lakay ou avèk ou.

[Nòt anba paj]

^ § 12 Se Temwen Jewova yo ki pibliye Traduction du monde nouveau a. Yo enprime l ann antye oubyen an pati nan 83 lang e li disponib sou Entènèt nan 17 lang sou www.watchtower.org.

^ § 15 Pou w jwenn plis enfòmasyon sou Wayòm Bondye a ak sa li pral fè, gade chapit 8 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

^ § 24 Si se premye fwa w ap li Bib la, eseye kòmanse lekti a ak liv Mak la, ki prezante ministè Jezi yon fason ki rapid.

^ § 25 Liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a ede anpil moun etidye diferan sijè nan Bib la. Pa egzanp, nan chapit 17 la, yo pale de sa Labib di sou kesyon lapriyè a.