Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Kontinye bay moun konsa anpil valè”

“Kontinye bay moun konsa anpil valè”

DEPI 1992, Kolèj santral la nome kèk frè ki gen anpil eksperyans e ki gen matirite pou bay èd nan plizyè komite li itilize pou fè travay li gen pou l fè *. Frè sa yo k ap ede Kolèj santral la fè pati “lòt mouton” yo e travay y ap fè yo enpòtan anpil pou Kolèj santral la (Jan 10:16). Yo asiste reyinyon ki fèt chak semèn pou komite yo ladan l lan e yo bay enfòmasyon ak konsèy lè sa nesesè. Se manm Kolèj santral la ki pran dènye desizyon yo, men, frè ki la pou bay èd yo asire yo sa ki deside yo fèt e yo fè travay yo ba yo fè. Frè k ap bay èd yo konn akonpaye manm Kolèj santral la lè y ap asiste kongrè espesyal yo ak kongrè entènasyonal yo. Anplis de sa, yo ka mande frè sa yo pou yo vizite biwo filyal yo antanke reprezantan syèj mondyal la.

Men sa yon frè k ap travay nan youn nan komite yo depi lè yo te pran dispozisyon sa a fè konnen: “Lè m byen fè travay mwen, Kolèj santral la ka konsantre l plis sou bagay espirityèl yo.” Men sa yon lòt frè di lè l reflechi sou 20 an li genyen depi l ap bay èd nan youn nan komite yo: “Pou mwen menm, sa se yon gwo privilèj e sa depase tout sa m t ap atann.”

Kolèj santral la bay frè k ap ede l nan komite sa yo anpil responsablite e li bay sèvis frè sa yo, ki travay di e ki fidèl, anpil valè. Se pou nou tout “kontinye bay moun konsa anpil valè”! — Flp. 2:29.

^ § 2 Gade kare ki nan chapit 12 liv Wayòm Bondye a ap dirije! a ki gen tit: “Fason Kolèj santral la òganize pou fè enterè Wayòm nan avanse” pou w wè responsablite sis komite Kolèj santral la ak ki travay yo fè.