Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo te ofri tèt yo volontèman — Nan Nouyòk

Yo te ofri tèt yo volontèman — Nan Nouyòk

SA GEN kèk ane, Cesar ansanm ak madanm li Rocio t ap mennen yon vi konfòtab nan yon eta ki rele Kalifòni, kote Cesar t ap travay aplentan e travay li se te mete sistèm chofaj, vantilasyon ak klimatizasyon. Rocio t ap travay amitan nan biwo yon doktè. Yo te gen pwòp kay pa yo e yo pa t gen timoun. Sepandan, gen yon bagay ki te vin chanje lavi yo. Ki sa l te ye?

Nan mwa oktòb 2009, biwo filyal Etazini an te voye yon lèt bay tout kongregasyon nan peyi a. Nan lèt sa a, filyal la te envite tout frè ak sè ki gen yon metye nan domèn konstriksyon pou yo aplike kòm volontè tanporè nan Betèl yon fason pou yo ka bay èd yo nan agrandisman lokal ki nan Wòlkil, nan vil Nouyòk. Yo te menm ankouraje moun ki deja depase laj pou yo sèvi nan Betèl pou yo aplike. Men sa Cesar ak Rocio te fè konnen: “Akoz laj nou, nou te konnen se te yon dènye okazyon pou n al sèvi nan Betèl. Nou pa t ap kite anyen fè n pèdi okazyon sa a!” Yo te aplike lapoula.

Kèk volontè k ap travay Warwick.

Plis pase yon ane gentan pase, yo pa t envite Cesar ak Rocio nan Betèl. Annatandan, yo te aranje yo pou yo mennen yon vi ki senp pou yo te ka ale nan menm sans ak objektif yo te fikse a. Men sa Cesar fè konnen: “Nou te fè garaj nou an tounen yon apatman pou n te ka lwe yon moun kay nou an. Apre sa, nou te kite kay nou te toujou reve genyen an, ki te mezire 200 mèt kare, nou te bati sa gen kèk ane sèlman pou n t al viv nan ti apatman nou an ki te mezire 25 mèt kare. Lefètke nou te fè chanjman sa yo, nou te vin anmezi pou n aksepte yon envitasyon pou n al sèvi nan Betèl sizoka yo ta rele nou.” Ki sa k te pase annapre? Men sa Rocio ajoute: “Yon mwa apre nou te deplase al viv nan ti apatman nou an, nou te resevwa yon envitasyon pou n al sèvi kòm volontè tanporè nan Wòlkil. Nou te vin konprann byen klè lefètke nou te senplifye lavi nou, nou te bay Jewova yon bagay pou l beni nou.”

Jason, Cesar ak William.

JEWOVA BENI ESPRI SAKRIFIS YO DEMONTRE

Menm jan ak Cesar ak Rocio, gen plizyè santèn frè ak sè ki fè sakrifis pou yo ka al patisipe nan travay  konstriksyon k ap fèt Nouyòk la. Gen nan yo k ap bay koutmen nan travay agrandisman k ap fèt Wòlkil la, e gen plizyè lòt yo menm ki jwenn privilèj pou yo patisipe nan pwojè konstriksyon syèj mondyal k ap fèt Warwick la *. Gen anpil nan koup sa yo ki kite bèl kay yo te genyen, bon travay yo e menm bèt yo te genyen pou yo te ka al fè pi plis nan sèvis Jewova a. Èske Jewova te beni lespri sakrifis moun sa yo te demontre? Pa gen dout nan sa, li te fè sa!

Way.

Pa egzanp Way, yon elektrisyen, ansanm ak Debra, yon koup ki prèske gen 60 an, te vann kay yo ak pifò nan sa yo te posede pandan yo t ap viv Kannzas e yo te deplase al Wòlkil pou yo te ka sèvi kòm Betelit ki pa abite nan Betèl e ki pa travay nan Betèl aplentan *. Byenke yo te oblije fè kèk chanjman nan lavi yo, yo te santi sakrifis yo te fè te vo lapèn. Men sa Debra di konsènan asiyasyon l lan: “Pafwa, mwen santi se kòmsi m nan youn nan foto ki konn parèt nan piblikasyon nou yo ki montre konstriksyon k ap fèt nan Paradi a!”

Melvin ak Sharon t ap viv Kawolin disid e yo te vann kay yo ak sa yo te posede pou yo te ka bay èd yo nan Warwick. Aktout li pa t fasil pou koup sa a te fè sakrifis sa yo, yo santi se yon privilèj sa ye pou yo patisipe nan pwojè istorik sa a. Men sa yo di: “Lajwa sa ban nou lefètke n konnen n ap patisipe nan yon travay k ap pote byenfè pou òganizasyon an ki sou tout tè a fè n santi n byen anpil.”

Kenneth.

Kenneth ak Maureen se yon koup ki gen anviwon 55 an ki te kite Kalifòni pou y al ede nan pwojè konstriksyon k ap fèt Warwick la. Kenneth te konn travay nan domèn konstriksyon, men li te pran retrèt li. Pou yo te ka fè deplasman sa a, yo te aranje yo ak yon sè nan kongregasyon an pou l te pran swen kay yo a e yo te mande moun nan fanmi yo pou yo te veye sou papa Kenneth ki granmoun anpil. Èske yo te regrèt yo te fè sakrifis pou yo te ka al sèvi nan Betèl? Non! Men sa Kenneth di: “Se pa ti byenfè sa pote pou nou! Èske sa vle di nou pa jwenn pwoblèm? Non, men n ap mennen yon vi ki bay anpil satisfaksyon e se ak tout kè n nou ankouraje lòt moun pou yo antre nan fòm sèvis sa a.”

YO FÈ FAS AK DIFIKILTE YO

Pifò nan moun ki te mete yo disponib yo te dwe fè fas ak kèk difikilte. Pa egzanp, William ak Sandra, ki fèk pran swasantèn yo, t ap mennen yon bèl vi nan Pennsilvani. Yo te gen yon biznis ki t ap byen mache kote yo te konn vann pyès machin e te gen 17 moun ki t ap travay ladan l. Yo te nan kongregasyon kote yo ye a depi lè yo te timoun e pifò moun nan fanmi yo t ap viv nan menm zòn ak yo. Konsa, lè yo te jwenn opòtinite pou y al sèvi nan Wòlkil antanke Betelit ki pa abite nan Betèl e ki pa travay nan Betèl aplentan, yo te konnen  sa t ap vle di pou yo kite pifò moun ak pifò bagay yo te abitye avèk yo. Men sa William fè konnen: “Pa gen dout nan sa, bagay ki te pi difisil pou nou se te kite zòn nou te abite a kote nou te santi nou alèz.” Sepandan, apre anpil priyè, yo te pran desizyon pou yo te deplase e yo pa regrèt desizyon sa a. Men sa William di ankò: “Nou pa ka konpare kè kontan nou jwenn dèske n ap travay kòtakòt ak fanmi Betèl la ak okenn lòt bagay.” Men sa li ajoute: “Se premye fwa kè mwen menm ak Sandra kontan konsa!”

Kèk koup k ap travay Wòlkil.

Yo te envite Ricky, yon direktè pwojè konstriksyon nan peyi Awayi, vin travay kòm Betelit ki pa abite nan Betèl pou l bay èd li nan pwojè konstriksyon k ap fèt Warwick la. Kendra, madanm li, te vle l aksepte envitasyon an. Sepandan, yo te gen bonjan rezon pou yo te enkyete yo: Yo t ap enkyete pou Jacob pitit gason yo a ki te gen 11 an. Yo t ap mande tèt yo si li t ap saj pou fanmi an ta deplase al viv Nouyòk e si pitit yo a t ap ka adapte l ak yon anviwònman ki diferan nèt parapò ak kote yo t ap viv la.

Men sa Ricky di: “Youn nan bagay ki te pi enpòtan pou nou se te jwenn yon kongregasyon kote jèn yo gen bonjan relasyon ak Jewova. Nou te vle pou Jacob gen yon pakèt bon zanmi.” Konsa, yo te vin fè pati yon kongregasyon ki pa gen anpil timoun men ki gen anpil Betelit. Men sa Ricky fè konnen: “Apre nou te fin asiste premye reyinyon nou, mwen te mande Jacob sa l panse konsènan nouvo kongregasyon an. Mwen te plis mande l sa paske pa t gen okenn jèn ki nan laj li nan kongregasyon an. Li te reponn mwen: ‘Pa enkyete w papi. M ap fè zanmi ak jèn frè k ap sèvi nan Betèl yo.’”

Jacob ak paran l kontan fè zanmi ak Betelit ki nan kongregasyon yo ye a.

Vrèmanvre, se jèn ki nan Betèl yo ki te vin zanmi Jacob. Ki rezilta sa te bay? Men sa Ricky fè konnen: “Yon jou swa mwen t ap pase bò kot chanm pitit gason m nan e m te wè limyè nan chanm nan te ret limen. Mwen te atann mwen t ap jwenn li k ap jwe yon jwèt videyo, men, se lekti Labib li t ap fè! Lè m te mande l ki sa l t ap fè, li te reponn mwen: ‘Mwen se yon jèn Betelit, m ap li Bib la nan ennan.’” Nou pa menm bezwen di jan Ricky ak Kendra te kontan. Yo pa kontan sèlman dèske Ricky kapab patisipe nan konstriksyon k ap fèt Warwick la, men yo kontan tou dèske deplasman yo fè a pèmèt pitit gason yo a fè pwogrè nan domèn espirityèl. — Pwo. 22:6.

YO PA ENKYETE YO POU LAVNI

Luis ak Dale.

Rive yon lè, konstriksyon k ap fèt Wòlkil ak Warwick la gen pou yo fini. Kidonk, moun yo te envite pou vin bay èd yo konnen yo pap sèvi nan Betèl pou toutan. Èske frè ak sè sa yo ap enkyete yo anpil pou konnen ki kote yo prale oubyen ki sa yo pral fè? Jamè! Anpil nan yo santi yo menm jan ak yon koup ki nan senkantèn ki soti Florid. John se yon direktè pwojè konstriksyon e li menm ak madanm li Carmen, ap sèvi  antanke volontè tanporè nan Warwick. Men sa yo fè konnen: “Jiska prezan, nou wè jan Jewova ban nou egzakteman sa nou bezwen. Nou di tèt nou, se sèten Jewova pap fin mennen nou la a epi apre sa pou l vire do ban nou.” (Sòm 119:116). Luis konn travay nan enstalasyon sistèm ki la pou etenn dife e li menm ak Quenia, madanm li, ap patisipe nan konstriksyon k ap fèt Wòlkil la. Men sa yo di: “Nou deja wè jan Jewova, Bondye ki renmen bay la, ban nou sa nou bezwen nan domèn materyèl. Nou gen konfyans l ap kontinye pran swen nou menm lè nou pa konnen ki jan, ki lè ak ki kote l ap fè sa.” — Sòm 34:10; 37:25.

 “YON BENEDIKSYON [...] JISKASKE PA GEN NESESITE ANKÒ”

John ak Melvin.

Pifò moun ki te bay èd yo nan travay konstriksyon k ap fèt Nouyòk la te ka jwenn plizyè rezon pou yo pa t pote yo volontè. Men, yo te teste Jewova jan li envite n pou n fè sa lè l di: “Silvouplè, teste m sou kesyon sa a [...] ‘pou wè si m pap ouvri vàn syèl la pou nou, e si m pap vide yon benediksyon sou nou toutbonvre jiskaske pa gen nesesite ankò.’” — Mal. 3:10, NW.

E ou menm, èske w ap teste Jewova pou w wè jan l ap vide benediksyon l sou ou tou? Priye Jewova pou w wè sa w ka fè pou w patisipe nan bèl travay konstriksyon k ap fèt kit se nan Nouyòk kit se lòt kote yo bezwen moun pou travay nan pwojè konstriksyon pou aktivite teyokratik yo. Epi ret tann pou w wè jan Jewova ap rekonpanse w. — Mak 10:29, 30.

Gary.

Dale se yon enjenyè sivil, li menm ak madanm li Cathy soti Alabama e yo vrèman ankouraje moun pou yo antre nan fòm sèvis sa a. Y ap travay kòm volontè nan Wòlkil e men sa yo di: “Si w met kouraj sou ou epi w kite konfò w te genyen yo dèyè w ap jwenn opòtinite pou w wè lespri Jewova alaksyon.” Ki sa w bezwen fè pou w mete w disponib? Men sa Dale di: “Senplifye, senplifye epi senplifye [lavi w] pi plis toujou. Ou pap janm regrèt sa!” Gary se yon frè ki soti Kawolin dinò e li gen 30 an depi l ap travay antanke direktè pwojè konstriksyon. Li menm ak madanm li Maureen fè konnen youn nan benediksyon yo jwenn pandan y ap travay Warwick se “posiblite yo genyen pou yo reyini epi travay ansanm ak anpil frè ak sè ki vrèman estrawòdinè ki pase tout vi yo ap sèvi Jewova nan Betèl”. Men sa Gary ajoute: “Pou yon moun sèvi nan Betèl, li bezwen viv yon fason ki senp e se pi bon fason pou yon moun viv nan sistèm sa a.” Jason ap travay kòm elektrisyen e li menm ak madanm li Jennifer soti Ilinwa. Yo fè konnen travay sou yon pwojè pou Betèl nan Wòlkil se “youn nan bagay ki kapab ede yon moun pi byen konprann kòman lavi a pral ye nan monn nouvo a”. Men sa Jennifer ajoute: “Sa vrèman gen gwo efè sou ou lè w santi Jewova apresye tout sa w fè e lè w santi tout sa w fè yo tankou yon bon envestisman ou fè pou avni Jewova ap prepare pou nou an. Jewova ap asire l ou jwenn plis benediksyon pase sa w te ka imajine.”

^ § 6 Gade Annuaire des Témoins de Jéhovah 2014, paj 12-13.

^ § 7 Betelit sa yo peye kay yo e se yo menm ki jere depans pèsonèl yo toutpandan y ap travay nan Betèl youn oswa plis jou pa semèn.